Santiago 5
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Vini koulye a nou menm ki rich, kriye e rele fò akoz mizè k ap vini sou nou yo. 2Richès nou yo gen tan pouri e rad nou yo gen tan manje pa mit. 3Lò ak lajan nou yo gen tan pran lawouj, e lawouj yo va yon temwen kont nou, e va manje chè nou tankou dife. Se pandan dènye jou yo ke nou te mete trezò nou nan depo a! 4Veye salè a ouvriye ki te rekòlte chan nou yo ke nou te refize vèse bay, vin kriye kont nou; epi kri a ouvriye mwason sa yo gen tan rive nan zòrèy a Senyè Sabaot la.
5Nou te viv nan richès sou tè a e mennen yon vi nan gran plezi. Nou te angrese kè nou nan yon jou labatwa. 6Nou te kondane e mete a lanmò nonm jis la; li pa t reziste kont nou.
7Konsa, frè m yo, se pou nou pasyan jiskaske Senyè a vini. Kiltivatè a ap tann pou pwodwi chè a sòti nan tè a. Li pasyan de sa, jiskaske li jwenn premye ak dènye lapli yo. 8Nou menm tou, se pou nou pasyan. Ranfòse kè nou, paske vini a Senyè a touprè.
9Pa plenyen, frè m yo, youn kont lòt, pou nou menm tou kapab pa vin jije. Gade Jij la kanpe jis devan pòt la.
10Frè m yo, pran pwofèt yo ki pale nan non Senyè a kòm egzanp de soufrans ak pasyans. 11Nou konte sa ki te andire yo kòm beni. Nou te konn tande de sa Job te andire a, e nou te wè jan sa te sòti e jan Senyè a te aji. Konsa nou konnen Senyè a plen konpasyon ak mizerikòd.
12Men, anplis de tout bagay, frè m yo pa sèmante ni pa syèl la, ni pa tè a, ni pa okenn lòt sèman. Men ke wi ou rete wi e non ou rete non, pou nou pa tonbe anba jijman.
13Èske gen moun pami nou k ap soufri? Fòk li priye. Èske gen moun ak kè kontan? Fòk li chante louwanj. 14Èske gen moun pami nou ki malad? Alò, fòk li rele ansyen legliz yo. Kite yo priye sou li, e onksyone li ak lwil nan non Senyè a. 15Konsa, priyè ki ofri nan lafwa a va restore sila ki malad, e Senyè a va fè l leve. Si li te fè peche, yo va padone. 16Konsa konfese peche nou yo a youn lòt e priye pou youn lòt, pou nou kapab geri.
Lapriyè efikas a yon nonm ki jis kapab akonpli anpil bagay. 17Élie se te yon nonm avèk yon nati tankou pa nou an, e li te priye fò pou li pa t fè lapli, e li pa t fè lapli sou tè a pandan twazan si mwa. 18Answit, li te priye ankò, epi syèl la te vide lapli, e tè a te pwodwi fwi li.
19Frè m yo si yon moun pami nou vin egare e kite verite a, men yon lòt fè l retounen, 20fè li konnen ke sila ki detounen yon pechè soti de erè chemen li an, va sove nanm li de lanmò, e va kouvri yon gran kantite peche.

¿Sabías que…?
Riqueza, paciencia y oración
- Santiago 5 recuerda la perseverancia de Job y el resultado que el Señor le dio. El Easton's Bible Dictionary (1897) lo describe como un patriarca árabe que vivía en la tierra de Uz y mantuvo su integridad en medio de pruebas repentinas. El artículo dice que Dios después le concedió una prosperidad aún mayor que antes, que vivió ciento cuarenta años después del período de prueba y que es un ejemplo de paciencia bajo una calamidad severa.Fuentes: el propio texto bíblico · Job
- Santiago dice que Elías era un hombre igual a nosotros. Oró con fervor para que no lloviera, y no llovió sobre la tierra durante tres años y medio; oró otra vez, los cielos dieron lluvia, y la tierra produjo sus cosechas. El Easton's Bible Dictionary (1897) lo llama el tisbita, el “Elias” del Nuevo Testamento, y señala que entregó un mensaje del Señor a Acab.Fuentes: el propio texto bíblico · Elijah
- Para animar a la paciencia hasta la venida del Señor, Santiago señala al agricultor que espera el fruto precioso de la tierra y las lluvias de otoño y de primavera, y dice que el Juez está de pie a la puerta. El mismo capítulo advierte que los salarios retenidos a los trabajadores que segaron los campos están clamando, y que el clamor de los segadores ha llegado a los oídos del Señor de los ejércitos.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org