Nations Bible

Santiago 2

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Frè m yo, pa kenbe lafwa nou nan Senyè laglwa nou an, Jésus Kri avèk patipri.

2Paske si yon moun vini nan asanble nou an avèk yon bag ki fèt an lò, abiye ak bèl rad, e la tou, gen yon pòv ak rad sal, 3epi nou prete atansyon espesyal a sila ki byen abiye a, e nou di l: “Ou mèt chita la nan yon bon plas”, epi nou di a pòv la: “Chita laba”, oubyen: “Chita bò pye m nan”, 4Èske nou pa fè yon distenksyon pami nou menm, e nou vin jij avèk move lentansyon?

5Koute, frè byeneme m yo, èske Bondye pa t chwazi pòv a mond sa a pou vin rich nan lafwa, e eritye a wayòm ke Li te pwomèt a sila ki renmen Li yo? 6Men nou te dezonore moun pòv la. Èske se pa rich yo ki oprime nou e mennen nou tout nan tribinal. 7Èske yo pa blasfeme bèl non pa sila nou te resevwa apèl la?

8Men, si nou ap akonpli lalwa wayal la selon Lekriti a: “Nou dwe renmen vwazen nou, tankou tèt nou,” nou ap fè byen.

9Men si nou montre patipri, nou ap fè peche e gen tan vin koupab devan lalwa kòm transgresè. 10Paske sila ki kenbe tout lalwa a, malgre sa, li tonbe nan yon sèl, li vin koupab de tout. 11Paske, Sila a ki te di: “Pa fè adiltè” a, Li te di tou: “Pa touye moun”. Alò, si nou pa fè adiltè, men nou touye moun, nou gen tan vin yon transgresè lalwa. 12Konsa, pale e aji kòm sila ki va jije pa lalwa libète a. 13Paske jijman va san mizerikòd pou sila ki pa montre mizerikòd la, paske mizerikòd triyonfe sou jijman.

14Kisa sa sèvi, frè m yo, si yon moun di ke li gen lafwa, men li pa gen zèv? Èske lafwa sa a kapab sove li? 15Si yon frè oubyen yon sè san rad, e nan bezwen manje chak jou, 16epi youn nan nou di yo: “Ale anpè; chofe kò nou e plen vant nou,” men malgre sa, nou pa bay yo sa ke yo bezwen pou kò yo, kisa sa sèvi? 17Menm jan an lafwa, si li pa gen zèv, li mouri pou kont li.

18Konsa, yon moun ka byen di: “Ou gen lafwa e mwen gen zèv. Montre m lafwa ou a san zèv, e mwen va montre ou lafwa pa m nan pa zèv.”

19Ou kwè ke Bondye se yon sèl. Ou fè byen. Demon yo kwè tou, e yo tranble. 20Men èske ou dakò pou rekonèt, o moun ensanse, ke lafwa san zèv vin initil? 21Èske Abraham, zansèt nou an, pa t jistifye pa zèv lè li te ofri Isaac, fis li a, sou lotèl la? 22Nou wè ke lafwa t ap travay avèk zèv li yo, e kòm rezilta a, zèv lafwa li a te vin pafè. 23Konsa, Lekriti a te akonpli sa ki di: “Abraham te kwè Bondye, e sa te konte pou li kòm ladwati,” e li te rele zanmi a Bondye a. 24Menmjan nou wè ke yon nonm jistifye pa zèv, e non sèlman pa lafwa a. 25Paske menm jan èske Rahab, fanm movèz vi a, p at jistifye pa zèv lè l te resevwa mesaje yo epi te voye yo ale pa yon lòt chemen an? 26Paske menm jan ke kò san lespri a mouri deja, menm jan an tou lafwa san zèv deja mouri.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Imparcialidad y fe viva

  • Santiago recuerda que Abraham fue justificado al ofrecer a su hijo Isaac en el altar, su fe obrando junto con sus acciones y perfeccionada por lo que hizo. Isaac, el único hijo de Abraham con Sara, fue aquel a quien Dios mandó a Abraham ofrecer en sacrificio en un monte en la tierra de Moriah.Fuentes: el propio texto bíblico · Isaac
  • Santiago también cita a Rahab la prostituta, justificada por acoger a los espías y enviarlos por otro camino. Los dos espías, enviados por Josué mientras los hebreos estaban acampados en Sitim frente a Jericó, habían ido a su casa, enfrentaron peligro en la ciudad y fueron salvados por su fidelidad.Fuentes: el propio texto bíblico · Rahab

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.