Isaías 62
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Pou koz Sion, Mwen p ap rete an silans
e pou koz Jérusalem, Mwen p ap rete san pawòl,
jiskaske ladwati li vin parèt tankou gran limyè
e sali li tankou yon tòch k ap brile.
2Nasyon yo va wè ladwati ou
e tout wa yo glwa ou.
Konsa, ou va rele pa yon non nouvo ke bouch SENYÈ a va bay.
3Anplis, ou va yon kouwòn byen bèl nan men SENYÈ a ,
e yon dyadèm wayal nan men Bondye ou a.
4Sa p ap di a ou menm ankò: “Abandone”,
ni a peyi ou, yo p ap di ankò: “Dezole”;
men ou va rele: “Plezi Mwen nan li”, epi peyi ou: “Marye”.
Paske SENYÈ a pran plezi nan ou
e a Li menm, peyi ou va marye.
5Paske menm jan ke yon jennonm marye ak yon vyèj,
konsa fis ou yo va marye avèk ou;
epi menm jan jennonm maryaj la
ap rejwi ak jenn fi maryaj la,
konsa Bondye ou a va rejwi ak ou.
6Sou miray ou yo, O Jérusalem,
Mwen te plase gadyen yo.
Tout lajounen ak tout lannwit,
yo p ap janm rete an silans.
Nou menm ki raple SENYÈ a,
pa pran repo pou tèt nou;
7ni pa bay Li repo jiskaske Li etabli
e fè Jérusalem yon lwanj sou tout tè a.
8SENYÈ a te sèmante pa men dwat Li
e pa men pwisan Li:
“Mwen p ap janm bay sereyal pa ou ankò
kon manje pou lènmi ou yo;
ni etranje yo p ap janm bwè diven nèf
pou sila ou te depanse fòs ou a.”
9Men sila ki ranmase li,
se yo k ap manje li e louwe SENYÈ a.
Sila ki rekòlte li yo va bwè li nan lakou
sanktyè pa Mwen an.
10Antre ladann, antre nan pòtay yo!
Netwaye chemen an pou pèp la!
Bati, bati chemen an!
Retire wòch yo, leve yon drapo sou nasyon yo.
11Gade byen, SENYÈ a te pwoklame a pwent tè a:
“Di a fi Sion an: ‘Men sali ou a rive!
Gade byen rekonpans Li avè L e rekonpans Li devan L!’”
12Konsa, yo va rele yo: “Pèp sen an, rachte a SENYÈ yo”.
Ou va rele: “Sila Ki Chache e ki vin twouve a,
Yon Vil Ki Pa Abandone.”

¿Sabías que…?
La restauración y el nuevo nombre de Jerusalén
- En este capítulo, se promete a Jerusalén y a Sión nuevos nombres simbólicos que reflejan un cambio profundo en su condición. En lugar de ser llamada Desamparada o Desolada, la ciudad y su tierra reciben nombres como Hefziba (mi deleite en ella) y Beula (desposada), retratando la restauración con la imagen de una alegre boda.Fuentes: el propio texto bíblico · Jerusalem · Zion
- El poema describe a guardias apostados continuamente sobre los muros de piedra de Jerusalén, vigilando día y noche. Su función trasciende la simple vigilancia militar, ya que se les encomienda clamar sin descanso para que el SEÑOR establezca a la ciudad montañosa y la convierta en motivo de alabanza en toda la tierra.Fuentes: el propio texto bíblico · Jerusalem
- La orden de pasar por las puertas, retirar las piedras y construir una calzada elevada utiliza la imagen antigua de preparar una vía procesional para dar la bienvenida al pueblo que regresa y proclamar la salvación ante las naciones.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 5, 6, 7, 8, 12
- Zion · Hoy: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 11
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org