Isaías 6
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Nan ane Wa Ozias te mouri an, mwen te wè SENYÈ a ki te chita sou yon twòn, byen wo e egzalte, avèk ke wòb Li ki te ranpli tanp lan. 2Serafen yo te kanpe pi wo Li, yo chak ak sis zèl: ak de, li te kouvri figi li; ak de, li te kouvri pye li e ak de, li te vole.
3Youn te rele a yon lòt epi te di:
“Sen, Sen, Sen, se SENYÈ dèzame yo;
tout latè plen ak glwa Li.”
4Fondasyon a papòt yo te tranble ak vwa a sila ki te rele fò a pandan tanp lan te plen ak lafimen. 5Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, paske mwen fin detwi nèt! Akoz mwen se yon nonm ak lèv ki pa pwòp, e mwen viv pami yon pèp ak lèv ki pa pwòp; paske zye m te wè Wa a, SENYÈ dèzame yo.”
6Epi youn nan serafen yo te vole kote m ak yon mòso chabon tou limen nan men l, ke li te pran sou lotèl la ak pensèt. 7Li te touche bouch mwen ak li, epi te di: “Men vwala, sa fin touche lèv ou; epi inikite pa ou retire e peche ou vin padone.”
8Konsa, mwen te tande vwa SENYÈ a, ki te di: “Se kilès ke m ap voye, e se kilès k ap ale pou Nou?”
Epi mwen te di: “Men mwen! Voye mwen!”
9Li te di: “Ale di pèp sa a:
‘Kontinye koute, men pa wè;
kontinye gade, men pa konprann.’
10Rann kè a pèp sa a ensansib, zòrèy yo di e zye yo mal pou wè;
otreman, petèt yo ta wè ak zye yo,
tande ak zòrèy yo,
konprann ak kè yo
e retounen pou resevwa gerizon.”
11Epi mwen te di: “Senyè, pou konbyen tan?”
Li te reponn:
“Jiskaske vil yo fin devaste nèt e pa gen moun pou rete ladan yo,
kay yo vin san moun e peyi a fin dezole,
12epi SENYÈ a fin retire moun yo byen lwen
e plas abandone yo vin anpil nan mitan peyi a.
13Sepandan, si genyen yon dizyèm pòsyon ladann,
li va osi manje nèt,
tankou yon bwa terebinth oswa yon bwadchenn
ak chouk ki rete lè l koupe mete atè.
Konsa, Semans ki sen se chouk li.”
¿Sabías que…?
El Llamamiento y la Visión de Isaías
- Isaías sitúa su llamamiento profético en el año en que murió el rey Uzías. Uzías había gobernado Judá durante unos cincuenta y dos años de notable prosperidad antes de invadir las funciones sacerdotales hacia el final de su vida.Fuentes: el propio texto bíblico · Uzziah
- Los serafines en la visión del templo son seres de seis alas cuyas alabanzas hacen temblar los umbrales de las puertas. Uno de ellos utiliza tenazas para tomar un carbón encendido del altar y purificar los labios de Isaías antes de su comisión.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org