Isaías 43
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Men koulye a, konsa pale SENYÈ a, Kreyatè ou a, O Jacob,
e Sila ki te fòme ou a, O Israël:
“Pa pè, paske Mwen te rachte ou.
Mwen te rele ou pa non ou.
Se pa M ou ye!
2Lè w ap pase nan gwo dlo yo,
Mwen va la avèk ou;
epi nan rivyè yo,
yo p ap debòde sou ou.
Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile,
ni flanm nan p ap brile ou.
3Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,
Sila Ki Sen An Israël la, Sovè ou a.
Mwen te bay Égypte kon ranson ou
Cush ak Saba nan plas ou.
4Akoz ou presye nan zye M,
akoz ou gen gran valè
e Mwen renmen ou,
Mwen va bay lòt moun nan plas ou
e lòt pèp an echanj pou lavi ou.
5Pa pè, paske Mwen avèk ou;
Mwen va mennen desandan ou yo soti nan lès
e ranmase ou nan lwès.
6Mwen va di a nò: ‘Lage yo!’
Epi a sid: ‘Pa anpeche yo!’
Mennen fis Mwen yo soti lwen
e fi Mwen yo soti nan dènye pwent latè yo—
7tout moun ki rele pa non Mwen
e ke Mwen te kreye pou glwa Mwen,
ke M te fòme, menm sa ke m te fè.”
8Mennen fè parèt pèp ki avèg la, malgre yo gen zye
e soud la, malgre yo gen zòrèy.
9Kite tout nasyon yo reyini ansanm
e tout pèp yo rasanble.
Kilès pami yo ki kapab deklare sa
e pwoklame a nou menm bagay a tan ansyen yo?
Kite yo prezante temwen pa yo pou yo ka jistifye,
oswa kite yo tande e di: “Sa se vrè”.
10“Nou se temwen Mwen,” deklare SENYÈ a,
“Ak sèvitè ke M te chwazi;
pou nou ka konnen, kwè nan Mwen
e konprann ke Mwen se Li menm nan.
Avan Mwen, pa t gen lòt Bondye ki te fòme
e apre Mwen, p ap gen menm.
11Mwen menm, Mwen se SENYÈ a e nanpwen sovè
apa de Mwen menm.
12Se Mwen ki te deklare, sove, pwoklame
e pat genyen dye etranje pami nou.
Konsa, nou se temwen M”,
deklare SENYÈ a:
“Epi Mwen se Bondye.
13Menm depi nan letènite, Mwen se Li menm
e pa genyen moun ki ka delivre fè sòti nan men M;
Mwen aji e se kilès ki ka ranvèse l?”
14Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè nou an, Sila Ki Sen an Israël la; “Pou koz nou, Mwen voye kote Babylone e Mwen va mennen yo tout desann kote nou kon kaptif, menm Kaldeyen yo nan bato anndan sila yo rejwi yo. 15Mwen se SENYÈ a, Sila Ki Sen pa nou an, Kreyatè Israël la, Wa nou an.”
16Konsa pale SENYÈ a, ki fè yon wout sou lanmè a,
e yon chemen nan dlo pwisan yo,
17Ki mennen fè parèt cha avèk cheval la,
lame ak mesye pwisan an,
(Yo va kouche ansanm e yo p ap leve ankò;
yo te etenn tankou yon fisèl bouji):
18Pa kite ansyen bagay yo antre nan tèt nou,
ni reflechi sou bagay ki fin pase.
19Gade byen, Mwen va fè yon bagay tounèf;
koulye a, li va pete vin parèt.
Èske nou p ap rekonèt li?
Menm yon chemen nan dezè a Mwen va fè,
ak rivyè yo nan dezè a.
20Bèt nan chan yo va bay glwa a Mwen menm,
chen mawon nan chan yo ak otrich yo,
akoz Mwen te bay dlo nan savann nan
e rivyè nan dezè a pou pèp chwazi Mwen an ka bwè.
21Pèp ke M te fòme pou Mwen an va deklare lwanj Mwen.
22Men ou pa t rele Mwen, O Jacob;
men ou tevin fatige ak Mwen, O Israël.
23Ou pa t mennen ban Mwen mouton a ofrann brile ou yo,
ni ou pa t onore M ak ofrann brile ou yo,
ni ou pa t onore M ak sakrifis ou yo.
Mwen pa t mete gwo fado sou ou ak ofrann yo,
ni fè ou fatige ak lansan.
24Ou pa t mennen ban M kann dous ak lajan,
ni ou pa t plen M ak grès a sakrifis ou yo.
Olye de sa, ou te chaje Mwen ak peche ou yo.
Ou te fatige M ak inikite ou yo.
25Mwen menm, Mwen se Sila ki efase transgresyon ou yo,
pou koz Mwen;
e Mwen p ap sonje peche ou yo.
26Mete M nan memwa ou.
Annou diskite ka nou ansanm.
Prezante ka ou pou ou ka jistifye ak eprèv ou.
27Premye zansèt ou yo te peche,
e enstriktè ou yo te trangrese kont Mwen.
28Pou sa, Mwen va deklare prens a sanktyè yo pa pwòp;
Mwen va fè Jacob yon malediksyon,
e Israël kon yon repwòch.
¿Sabías que…?
Redención, Rescate y Nuevos Comienzos
- Cuando Dios declara que Egipto, Cus y Seba son entregados como rescate por Israel, el texto alude a tierras destacadas del noreste de África. Cus se ubicaba al sur de Egipto, mientras que Seba era un antiguo reino en esa misma región, vinculado frecuentemente con Meroe.Fuentes: Egypt · Cush · Seba · el propio texto bíblico
- La profecía menciona de manera específica el envío contra Babilonia y la caída de los caldeos en sus naves. La antigua ciudad imperial de Babilonia se levantaba a orillas del río Éufrates, en la Baja Mesopotamia.Fuentes: Babylon · el propio texto bíblico
- El capítulo está estructurado como un juicio solemne en el que Dios convoca a las naciones reunidas y nombra a Israel como sus testigos. En él, contrasta a los dioses extranjeros con el único Creador y Salvador que abre caminos en el desierto y arroyos en el sequedal.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Cush · Hoy: Cush 1 · 16.935, 33.751 · versículo 3
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 3, 17
- Sheba · 15.348, 44.206 · versículo 3
- Babylon · 32.543, 44.422 · versículo 14
- Chaldea · 30.962, 46.104 · versículo 14
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org