Isaías 40
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1“Konsole, O konsole pèp Mwen an,”
pale Bondye ou an.
2“Pale ak dousè ak Jérusalem.
Rele a li menm, ke konfli li fini an,
ke inikite li retire a,
ke li te resevwa nan men SENYÈ a
doub pou tout peche li yo.”
3Yon vwa k ap rele fò,
“Debleye chemen an pou SENYÈ a nan dezè a!
Fè vin swa nan dezè a yon gran chemen pou Bondye nou an.
4Kite tout vale yo vin leve wo,
e tout mòn ak kolin yo vin ba.
Kite move tèren an vin pla,
e tèren difisil yo vin yon vale ki swa.
5Glwa a SENYÈ a va vin parèt,
e tout chè va wè sa ansanm;
paske bouch a SENYÈ a fin pale.”
6Yon vwa pale: “Rele fò.”
Yon lòt reponn: “Kisa pou m rele?”
“Tout chè se zèb,
e tout bèlte li se tankou flè nan chan.
7Zèb la fennen,
flè a pèdi koulè l,
depi souf SENYÈ a soufle sou li.
Anverite, pèp la se zèb.
8Zèb la fennen,
flè a pèdi koulè l,
men pawòl Bondye nou an kanpe jis pou tout tan.”
9Mete ou menm sou yon mòn ki wo,
O Sion, ki pote bòn nouvèl.
Leve vwa ou wo ak gwo pouvwa,
O Jérusalem, ki pote bòn nouvèl la!
Leve wo! Pa pè anyen!
Di a vil Juda yo: Men Bondye nou an!
10Gade byen, Senyè BONDYE a, va vini ak pwisans.
Se bra L k ap kòmande pou Li.
Gade byen salè Li avè L,
e rekonpans li devan L.
11Tankou yon bèje, Li va pran swen bann mouton Li.
Nan bra Li, Li va ranmase jenn mouton yo,
e pote yo sou lestonmak Li.
Ak dousè, Li va mennen manma a
ak ti mouton piti yo.
12Se kilès ki te mezire dlo nan pla men L?
Kilès ki te etabli mezi syèl yo ak yon men louvri;
ki te fè kalkil pousyè latè pa mezi,
ki te peze mòn yo nan gwo balans,
e ki te peze kolin yo ak ti balans piti a?
13Se kilès ki te dirije Lespri SENYÈ a,
oswa kòn enstwi Li pou l konseye L?
14Ak kilès Li te konsilte,
e se kilès ki te bay Li bon konprann?
Epi kilès ki te montre Li chemen lajistis la,
ki te enstwi Li nan konesans,
e ki te fè L konnen chemen an pou L byen konprann?
15Gade byen, nasyon yo se tankou yon gout dlo nan yon bokit;
yo parèt tankou yon grenn pousyè sou balans la.
Gade byen, li leve fè monte lil yo konsi se yon ti kras pousyè.
16Menm Liban pa kont pou brile, ni bèt li yo
pa kont pou fè ofrann brile.
17Tout nasyon yo se konsi yo pa anyen devan L,
Li gade yo tankou mwens ke anyen, kon vanite.
18A kilès, alò, nou ta konpare Bondye?
Oswa avèk ki imaj nou ta fè L sanble?
19Pou Zidòl la, se yon ouvriye ki fòme l,
ak òfèv ki kouvri l ak lò
e fè chenn li an ajan,
20Sila ki twò pòv pou fè ofrann sa a,
pran yon pyebwa ki pa konn pouri;
li chache jwenn yon mèt atizan pou prepare
yon zidòl ki p ap deplase.
21Èske nou pa konnen? Èske nou pa konn tande?
Èske sa pa t deklare a nou menm depi nan kòmansman?
Èske nou pa t konprann sa depi nan fondasyon latè yo?
22Se Li menm ki chita anwo wonn tè a
ki veye nou ki rete ladann tankou krikèt volan;
ki lonje ouvri syèl yo tankou yon rido
e fè yo deplwaye tankou yon tant pou moun viv ladann.
23Se Li menm ki redwi gwo chèf yo pou yo pa anyen,
ki fè jij latè yo vin san sans.
24Apèn yo fin plante, apèn yo fin simen,
apèn stòk yo fin pran rasin nan tè a,
Li sèlman soufle sou yo,
e yo fennen poutanpèt la pote yo ale tankou pay.
25“Alò, ak kilès ou va konpare Mwen,
pou M ta kapab vin egal avè l?”
pale Sila Ki Sen an.
26Leve zye nou anlè,
e gade kilès ki te kreye zetwal sila yo;
Sila ki mennen lame selès yo sòti pa chif yo.
Li rele yo tout pa non yo.
Akoz grandè a pwisans Li
ak fòs pouvwa Li,
nanpwen youn nan yo ki manke.
27Poukisa ou di, O Jacob, e pale O Israël:
“Chemen Mwen an kache de SENYÈ a
e jistis ke m merite a chape de atansyon Bondye M”?
28Èske nou pa konnen?
Èske nou pa tande?
Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a,
Kreyatè a dènye pwent latè a,
pa konn fatige, ni bouke.
Konprann pa Li depase tout bon konprann.
29Li bay fòs a sila ki fatige yo,
e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.
30Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,
e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;
31sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;
yo va monte anwo ak zèl kon èg.
Yo va kouri, e yo p ap bouke;
yo va mache, e yo p ap fatige.
¿Sabías que…?
Consuelo para el Pueblo de Dios
- Isaías 40 comienza con un mensaje de consuelo para Jerusalén y Sion, declarando que la servidumbre de la ciudad ha concluido y su iniquidad ha sido perdonada. Sion, una colina destacada de Jerusalén asociada con la Ciudad de David, es llamada a subir a un monte alto como mensajera de buenas noticias para las ciudades de Judá.Fuentes: el propio texto bíblico · Jerusalem · Zion
- Para enfatizar la magnitud incomparable del Creador, el capítulo señala que ni siquiera los inmensos bosques y animales del Líbano, la célebre cordillera montañosa del norte, bastarían como leña y víctimas para un holocausto.Fuentes: el propio texto bíblico · Lebanon
- El pasaje combina imágenes cósmicas de medir los cielos y pesar las montañas con un tierno cuidado pastoral, describiendo a Dios como un pastor que recoge a los corderos en sus brazos y guía con gentileza a las ovejas que crían.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 2, 9
- Zion · Hoy: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 9
- Lebanon · 33.540, 35.584 · versículo 16
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org