Nations Bible

Isaías 38

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad, prèt pou mouri. Epi Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, te vin kote li. Li te di l: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mete lakay ou an lòd, paske ou va mouri; ou p ap viv.’”

2Ézéchias te vire figi li vè mi kay la pou te priye a SENYÈ a. 3Li te di: “Sonje koulye a, O SENYÈ, mwen mande Ou souple, pou jan mwen te mache devan Ou nan verite, ak yon kè entèg e te fè sa ki te bon devan zye Ou.” Konsa, Ézéchias te plere byen fò.

4Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote Ésaïe, epi te di l: 5“Ale pale ak Ézéchias epi di li: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Mwen te tande lapriyè ou, Mwen te wè dlo ki t ap sòti nan zye ou. Gade byen, Mwen va mete kenzan sou lavi ou. 6Mwen va delivre ou ak vil sa a soti nan men a wa Assyrie a, epi Mwen va defann vil sa a.”’ 7Konsa, sa va sign pou ou soti nan SENYÈ a, ke SENYÈ a va fè bagay sa ke Li te pale a: 8Gade byen, Mwen va fè lonbraj sou eskalye a, lonbraj ki te desann avèk solèy la sou eskalye Achaz la, pou fè back dis pa.” Epi konsa lonbraj solèy la te fè bak dis pa sou menm eskalye kote li te desann nan.

9Men yon chanson ke Ézéchias te ekri apre li te malad e te vin refè a:

10Mwen te di: “Nan mitan lavi m,

mwen gen pou antre nan pòtay Sejou mò yo.

Mwen gen pou pèdi tout rès ane mwen yo.”

11Mwen te di: “Mwen p ap wè SENYÈ a;

SENYÈ nan peyi vivan yo.

Mwen p ap wè moun ankò pami sila ki viv nan mond yo.

12Tankou tant a yon bèje, lakay mwen va rache retire sou mwen.

Tankou yon bòs twal, m ap woule fè monte lavi m.

L ap koupe m fè m sòti nan ankadreman bòs twal la.

Soti lajounen rive nan lannwit,

Ou va fè yon fen ak mwen.

13Mwen te kalme nanm mwen jis rive nan maten.

Tankou yon lyon—se konsa Li kraze tout zo m,

soti lajounen jis rive lannwit, ou fè yon fen ak mwen.

14Tankou yon iwondèl, tankou yon zwazo se konsa mwen kriye.

Mwen plenyen kon yon toutrèl.

Zye m gade ak feblès vè wotè yo.

O Senyè, mwen oprime!

Fè m sekou!

15Kisa mwen kapab di?

Non sèlman Li te pale ak mwen,

Men Li, Li menm, te fè l.

Mwen va mache an règ pandan tout ane m yo

akoz gou anmè kè m fin goute.

16O Senyè, se pou bagay sa yo ke moun viv,

e nan sa yo, lespri m jwenn lavi.

Ou te fè m twouve lasante e te fè m viv!

17Alò, mwen te manke gen lapè;

men Ou menm ki te kenbe nanm mwen,

pou l pa antre nan fòs gwo abim nan,

Ou te jete tout peche m yo dèyè do Ou.

18Paske Sejou mò yo p ap ka remèsye Ou.

Lanmò menm p ap ka bay Ou lwanj.

Sila ki desann nan fos yo

p ap ka gen espwa fidelite Ou.

19Se vivan, vivan yo ki bay Ou remèsiman,

tankou mwen menm, mwen fè jodi a.

Yon papa va pale ak fis li yo selon fidelite Ou.

20Anverite, SENYÈ a va sove mwen.

Konsa, nou va chante chanson mwen yo

sou enstriman kòd yo pou tout lavi nou lakay SENYÈ a.”

21Alò Ésaïe te di: “Kite yo fè yon pomad ak gato fig etranje e mete li sou abse a, pou l ka geri.” 22Epi Ézéchias te di: “Se kisa k ap sign ke mwen va monte lakay SENYÈ a?”

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

La Enfermedad y Recuperación de Ezequías

  • Cuando el rey Ezequías enfermó de muerte, el profeta Isaías anunció inicialmente su partida inminente. Después de que Ezequías orara y llorara con amargura, Dios prometió añadir quince años a su vida y defender a Jerusalén del rey de Asiria.Fuentes: el propio texto bíblico · Hezekiah
  • Como señal para confirmar la promesa divina, la sombra del sol retrocedió diez gradas en la escalinata asociada al rey Acaz, padre y predecesor de Ezequías en el trono de Judá.Fuentes: el propio texto bíblico · Ahaz
  • Junto a la intervención divina, Isaías prescribió un remedio medicinal práctico, ordenando aplicar una masa de higos prensados sobre la llaga del rey para que pudiera sanar.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Assyria · 36.359, 43.153 · versículo 6

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.