Isaías 24
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Gade byen, SENYÈ a va devaste tout latè ak gwo destriksyon, boulvèse sifas li e gaye tout moun ki rete ladann. 2Pèp la menm jan ak prèt la, sèvitè a tankou mèt li, sèvant lan tankou mètrès li, sa k ap achte tankou sa k ap vann, sila k ap fè prè a tankou sila k ap prete a, sila ki resevwa kredi a tankou sila k ap bay kredi a. 3Latè va devaste nèt e vin depouye, paske SENYÈ a te pale pawòl sa a. 4Latè kriye ak doulè e vin fennen nèt. Sila ki egzalte wo sou moun latè yo vin disparèt. 5Anplis, latè vin plen ak pouriti a moun k ap viv ladann, paske yo te transgrese lalwa yo, vyole règleman yo, e te kraze akò letènèl la. 6Akoz sa, yon malediksyon devore latè a, e sila ki rete ladann yo vin twouve koupab. Konsa, sila ki rete sou latè yo vin brile e se sèl kèk grenn moun ki rete. 7Diven nèf la fèb. Chan rezen an gate. Tout kè kontan yo fè gwo plent. 8Kè kontan a tanbouren yo vin rete, bri a moun k ap fete yo vin sispann. 9Yo pa bwè diven ak chanson; bwason fò yo vin anmè pou sila ki bwè l yo. 10Vil gwo dezòd la vin kraze nèt. Tout kay vin fèmen pou pèsòn pa antre. 11Gen gwo kriye nan lari a pou afè diven. Tout kè kontan vire an gwo tristès. 12Se dezolasyon ki rete nan vil la e pòtay la fin kraze nèt. 13Paske se konsa l ap ye nan mitan latè a pami pèp yo; tankou lè bwa doliv souke fò, tankou sila ki ranmase apre rekòlt rezen an fin fèt yo. 14Yo leve vwa yo; yo kriye ak kè kontan. Yo kriye soti nan lwès akoz majeste SENYÈ a. 15Pou sa, bay glwa a SENYÈ a nan lès, non SENYÈ a, Bondye Israël la, nan peyi kot lanmè yo. 16Soti nan dènye pwent latè, nou tande chan yo: “Glwa a Sila Ki Dwat la,” men mwen di: “Malè a mwen menm! Malè a mwen menm! Elas pou mwen! Moun trèt yo aji an trèt e moun trèt yo aji an trèt anpil.” 17Gwo laperèz, twou fòs ak pèlen vin devan nou menm ki rete sou latè. 18Konsa, li va rive ke sila ki sove ale lè l tande gwo dega a va vin tonbe nan fòs la, e sila ki rale kò l sòti nan fòs la va pran nan pèlen an; paske fenèt anlè yo vin louvri e fondasyon latè yo ap tranble. 19Latè vin dechire. Latè vin fann nèt. Latè souke ak vyolans. 20Latè woule de bò tankou moun ki anba gwòg. Li pyete tankou vye kay pay. Akoz transgresyon li yo peze lou sou li, li va tonbe nèt pou l pa janm leve ankò. 21Li va rive nan jou sa a ke SENYÈ a va pini lame syèl anwo yo ak wa latè sou latè yo. 22Yo va ranmase ansanm tankou prizonye nan yon kacho e yo va fèmen nan prizon. Apre anpil jou, yo va pini. 23Konsa, lalin nan va vin twouble e solèy la va vin wont, paske SENYÈ dèzame yo va renye sou Mòn Sion ak Jérusalem, e laglwa Li va devan ansyen Li yo.

¿Sabías que…?
Juicio Universal y el Reino en el Monte Sion
- El juicio representado en este capítulo alcanza a todas las distinciones sociales por igual, cayendo tanto sobre el sacerdote como sobre el pueblo, sobre el amo y el siervo, sobre el comprador y el vendedor, y sobre el acreedor y el deudor. La devastación también silencia la música cotidiana, terminando con el sonido de arpas y panderos y las celebraciones con vino.Fuentes: el propio texto bíblico
- Los sobrevivientes dispersos son comparados con las pocas aceitunas que quedan en un olivo tras la cosecha o con los rebuscos dejados tras la vendimia. A pesar de la ruina generalizada, se describe que voces de alabanza a Dios se elevan desde costas lejanas y las islas del mar.Fuentes: el propio texto bíblico
- La visión concluye con el Señor reinando en gloria ante sus ancianos en el monte Sion y en Jerusalén, eclipsando al sol y a la luna. El monte Sion era la colina suroriental de Jerusalén donde el rey David había construido anteriormente su ciudadela.Fuentes: el propio texto bíblico · Mount Zion · Jerusalem
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org