Nations Bible

Isaías 18

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Elas! O peyi a zèl k ap fè gwo bri krikèt volan yo, ki rete lòtbò rivyè a Ethiopie yo. 2Nou voye reprezantan yo bò lanmè a, menm sou veso fèt ak fèy papiris ki kouri sou sifas dlo. Ale, mesaje rapid yo, vè yon nasyon wo e swa, vè yon pèp ke tout moun pè, ni sa ki pre ni sa ki lwen, vè yon nasyon pwisan ki oprime tout moun, peyi ke rivyè yo divize a! 3Nou tout, abitan mond lan ak sila ki rete sou latè yo, depi drapo a leve sou mòn yo, nou va wè l, e depi twonpèt la sone, n ap tande l.

4Paske se konsa SENYÈ a te pale mwen: “Mwen va gade soti nan kote ke M rete byen kalm la. Mwen va tankou gwo chalè nan plen solèy, tankou yon nwaj lawouze nan chalè rekòlt la.” 5Paske avan rekòlt la, la menm boujon yo ak flè a devni rezen ki mi; alò, Li va koupe retire nan bwa rezen ak yon sèpèt. Li va koupe retire branch k ap gaye yo. 6Yo va lese atè ansanm pou zwazo mòn ki manje chè yo; pou bèt latè yo. Zwazo ki manje chè yo va pase tout gran sezon an nan manje yo, e tout bèt latè yo va manje yo nan sezon livè. 7Nan lè sa a, yon kado omaj ki sòti nan yon pèp wo e swa va pote bay SENYÈ dèzame yo. Li va soti menm nan yon pèp ki inspire lakrent a sila ki pre, ak sila ki lwen yo; yon nasyon pwisan ki fè kalkil, ki oprime tout moun, yon peyi ke rivyè yo divize a. L ap rive nan plas ki pote non SENYÈ dèzame yo, menm Mòn Sion an.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Un mensaje sobre Cus

  • La tierra de Cus se refería a la región situada al sur de Egipto, a lo largo del Alto Nilo. Isaías describe a sus mensajeros navegando por las aguas en veloces embarcaciones de papiro.Fuentes: Cush · el propio texto bíblico
  • La profecía culmina con tributos llevados desde esa lejana y temida nación hacia el monte Sion, la colina de Jerusalén donde residía el nombre del Señor.Fuentes: Mount Zion · el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Cush · Hoy: Cush 1 · 16.935, 33.751 · versículo 1
  • Nile · Hoy: Nile River · 31.465, 30.367 · versículos 1, 2
  • Mount Zion · 31.772, 35.229 · versículo 7

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.