Nations Bible

Isaías 14

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1SENYÈ a va ankò gen konpasyon sou Jacob, pou l chwazi Israël ankò e fè yo rete nan pwòp peyi yo. Etranje yo va vin jwenn ak yo e atache yo menm a kay Jacob la. 2Yo va mennen yo fè yo vini nan plas yo, e lakay Israël va posede yo nan peyi SENYÈ a, kon sèvant ak sèvitè. Konsa, yo va pran sila ki te pran yo kaptif yo, yo va kaptire yo e vin mèt sou sila ki te oprime yo.

3Li va rive nan jou lè SENYÈ a ba ou rapò sou doulè ou, twoub ou ak redi di nan sila ou te vin esklav la, 4Ke ou va pran chante sa a kont wa Babylone nan epi di: “Gade kijan opresè a vin sispann! Gwo twoub la pa la ankò!” 5SENYÈ a fin kase baton a mechan an, baton a wa yo 6ki te konn frape pèp la ak gran kolè, ak kou san rete, ki te soumèt nasyon yo ak gwo kòlè ak gwo pèsekisyon san fren. 7Tout latè gen repo e rete kalm. Yo eklate ak chante kè kontan yo. 8Menm bwa siprè yo rejwi sou ou e bwa sèd Liban yo ap di: “Paske ou te bese ou, pa gen moun ki koupe bwa k ap monte kont nou. 9Sejou mò a depi anba, gen kè kontan sou ou, pou l ka rankontre ou lè ou vini. Li leve menm pou ou lespri mò yo, tout chèf sou tout latè yo. Li fè leve tout wa a tout nasyon yo soti nan twòn yo. 10Yo tout va reponn epi mande ou: ‘Ou menm, èske ou vin fèb tankou nou? Èske ou vini tankou nou?’ 11Tout gwo bagay fèt ou ak mizik ap ou yo fin desann rive nan sejou mò yo. Se vè ki fè kabann anba ou e se vè k ap kouvri ou.”

12Kòman ou te tonbe soti nan syèl la, O zetwal granmmaten an! Ou te koupe ra tè; ou menm ki te detwi tout nasyon yo! 13Men nan kè ou, ou te di: “Mwen va monte jis rive nan syèl la! Mwen va fè leve twòn mwen piwo zetwal Bondye yo! Mwen va chita sou mòn asanble a nan fon nò yo! 14Mwen va monte piwo nwaj yo! Mwen va fè mwen menm tankou Pi Wo a!” 15Sepandan, ou va pouse desann nan Sejou mò yo, kote fon a gwo fòs la ye a. 16Sila ki wè ou va fikse zye sou ou. Yo va reflechi sou ou pou di: “Èske se nonm sila a ki te fè tè a tranble a, ki te souke wayòm yo? 17Ki te fè mond lan tankou yon dezè a, ki te boulvèse gwo vil li yo, ki te refize kite prizonye li yo ale lakay yo?”

18Tout wa sou latè yo kouche nan glwa yo, yo chak nan pwòp tonbo pa yo. 19Men ou menm, ou te jete deyò tonbo pa ou a, tankou yon branch rejte, abiye ak sila ki te touye yo, ki te pèse ak nepe yo, ki te desann kote wòch a fòs la tankou yon kadav, kraze foule ak pye. 20Ou p ap reyini ak yo nan antèman, akoz ou te detwi peyi ou a. Ou te touye pèp ou a. Konsa, non desandan a malfektè sila yo pa p nonmen jis pou tout tan!

21Prepare pou fis li yo yon kote pou masak, akoz inikite a papa yo. Konsa pou yo pa leve pran posesyon latè e ranpli sifas mond lan ak gwo vil. 22“Mwen va leve kont yo”, deklare SENYÈ dèzame yo. “Mwen va koupe retire yo nèt de non Babylone ak desandan yo de sila ki fèt ak sila ki gen pou vini yo,” deklare SENYÈ a. 23“Anplis, M ap fè l tounen yon marekaj pou kochon mawon yo. Mwen va bale li ak bale destriksyon an,” deklare SENYÈ dèzame yo.

24SENYÈ dèzame yo fin sèmante. Li te di: “Anverite, jan ke Mwen te fè plan an, se konsa li va rive! Jan ke M te planifye a, se konsa l ap kanpe! 25Pou M kraze Assyrie nan peyi Mwen an e pou M foule li sou mòn Mwen yo. Konsa jouk li va retire sou yo e gwo chaj li va sòti sou zepòl yo. 26Sa se plan a ki te fòme kont tout tè a. Sa se men ki lonje kont tout nasyon yo. 27Paske SENYÈ dèzame yo te fè yon plan e se kilès ki ka anpeche l? Epi pou men lonje pa l la, se kilès ki ka fè l fè bak?”

28Nan ane Wa Achaz te mouri an, Pwofesi sa a te fèt:

29Pa rejwi, O Peyi Filisten yo, nou tout, akoz baton ki te konn frape ou a fin kase. Soti nan rasin sèpan an, yon vipè va vin parèt, k ap fè kon fwi, yon sèpan k ap vole. 30Premye ne malere a va manje byen, e endijan an va kouche ansekirite. Mwen va detwi rasin pa ou ak gwo grangou, e anplis l ap touye sila ki te chape yo.

31Rele anmwey, O pòtay la! Kriye fò, O Gran Vil la! Fann nèt, O Filistia, nou tout! Paske lafimen ap sòti nan nò e nanpwen moun k ap fè reta. Lennmi a kwense nou nèt.

32Alò, kòman yon moun ka reponn mesaje a nasyon yo? Ke se SENYÈ a ki te etabli Sion, e aflije a pèp Li yo va chache sekou nan li.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

La caída de Babilonia y el oráculo contra Filistea

  • El título Lucero o Lucifer, que significa estrella brillante, se aplica en Isaías 14:12 al soberbio rey de Babilonia dentro de un poema que se burla de su repentina caída de la grandeza al Seol.Fuentes: Lucifer · el propio texto bíblico
  • El poema personifica los bosques antiguos, describiendo a los majestuosos cedros y cipreses del Líbano regocijándose por la derrota del tirano porque ningún leñador vendría más a talarlos.Fuentes: Lebanon · el propio texto bíblico
  • El oráculo final se pronunció en el año en que murió el rey Acaz de Judá, advirtiendo a la vecina Filistea que su alivio por la vara rota duraría poco ante la destrucción que venía del norte.Fuentes: Ahaz · Philistia · el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 4, 22, 23
  • Lebanon · 33.540, 35.584 · versículo 8
  • Zaphon · Hoy: Jebel Aqra · 35.953, 35.969 · versículo 13
  • Assyria · 36.359, 43.153 · versículo 25
  • Philistia · 31.664, 34.546 · versículos 29, 31
  • Zion · Hoy: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 32

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.