Isaías 11
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Yon boujon va vòltije soti nan chouk Jessé a
e yon branch ki sòti nan rasin li, va bay anpil fwi.
2Lespri SENYÈ a va poze sou Li,
lespri a sajès ak bon konprann,
lespri a konsèy ak pwisans lan,
lespri a konesans ak lakrent SENYÈ a.
3Li va pran plezi nan lakrent SENYÈ a.
Li p ap jije selon sa ke zye l wè,
ni fè yon desizyon pa sa ke zòrèy li tande;
4men ak ladwati, Li va jije malere yo,
e pran desizyon ak jistis pou aflije sou latè yo.
Li va frape tè a ak baton bouch Li,
e avèk souf lèv Li yo, Li va detwi mechan yo.
5Anplis, ladwati va sentiwon an ki antoure ren Li
e fidelite va sentiwon ki pase nan senti Li a.
6Lou a va demere ak jèn mouton an,
leyopa va kouche ak jèn kabrit la,
jèn bèf la ak jèn lyon an ansanm ak bèf gra a;
epi yon tigason va mennen yo.
7Anplis, vach la ak lous la va manje zèb nan patiraj la;
pitit pa yo va kouche ansanm e lyon an va manje zèb tankou bèf la.
8Pitit k ap tete, va jwe bò twou koulèv anpwazone a,
e pitit sevre a va mete men l sou kav vipè a.
9Yo p ap donmaje ni detwi nan tout mòn sen Mwen an,
paske latè va ranpli ak konesans SENYÈ a,
tankou dlo kouvri lanmè a.
10Nan jou sa a, nasyon yo va retounen vè rasin a Jessé a, ki va kanpe tankou yon sinyal pou pèp la. Epi plas repo Li a va ranpli ak laglwa.
11Li va vin rive nan jou sa a ke SENYÈ a va ranmase yon dezyèm fwa ak men Li, retay a pèp Li a ki rete soti Assyrie Égypte, Pathros, Cush, Élam Schinear, ak Hamath ak devan lil lanmè yo. 12Li va leve yon drapo pou nasyon yo, rasanble egzile Israël yo, e Li va rasanble dispèse Juda ki soti nan kat kwen latè yo. 13Jalouzi Éphraïm nan va fini, e sila ki twouble Juda va koupe retire nèt. Éphraïm p ap jalou a Juda e Juda p ap twouble Éphraïm. 14Yo va desann sou pant Filisten yo vè lwès. Ansanm yo va piyaje fis a lès yo. Yo va posede Edom ak Moab e fis a Ammon yo va vin soumèt a yo menm. 15Konsa, SENYÈ a va detwi lang lanmè Égypte la nèt. Li va pase men L sou rivyè a ak van cho a, e Li va frape divize l an sèt flèv pou fè moun kapab travèse li pye sèk. 16Va gen yon gran chemen k ap sòti depi Assyrie pou retay a pèp Li, menm jan ki te genyen pou Israël nan jou ke yo te monte kite peyi Egypte la.

¿Sabías que…?
El Reino de Paz y el Remanente Restaurado
- Isaí de Belén fue el padre del rey David. Al describir al gobernante venidero como un retoño del tronco de Isaí y como la raíz de Isaí, la profecía señala la renovación de la dinastía davídica, aun después de que la casa real pareciera talada.Fuentes: Jesse · el propio texto bíblico
- Los lugares enumerados para la reunión del remanente reflejan la geografía del antiguo Oriente Próximo: Patros designa el Alto Egipto, Sinar es un nombre antiguo para Babilonia en el sur de Mesopotamia, y Elam era un territorio montañoso situado al este de Babilonia.Fuentes: Pathros · Shinar · Elam · el propio texto bíblico
- Efraín, llamado así por el segundo hijo de José, solía representar en los textos proféticos al reino del norte de Israel. Isaías prevé un tiempo de reconciliación duradera que pondría fin a la antigua rivalidad y discordia entre las tribus del norte y Judá.Fuentes: Ephraim · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Assyria · 36.359, 43.153 · versículos 11, 16
- Cush · Hoy: Cush 1 · 16.935, 33.751 · versículo 11
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 11, 16
- Elam · 32.189, 48.258 · versículo 11
- Great Sea · Hoy: Mediterranean Sea · 31.805, 34.170 · versículo 11
- Hamath · Hoy: Hama · 35.136, 36.750 · versículo 11
- Pathros · Hoy: Upper Egypt · 24.100, 32.700 · versículo 11
- Shinar · Hoy: Babylonia · 32.543, 44.422 · versículo 11
- Ammon · 31.955, 35.934 · versículo 14
- East · Hoy: region around Amman · 31.955, 35.934 · versículo 14
- Edom · 30.746, 35.604 · versículo 14
- Moab · Hoy: Moab 1 · 31.181, 35.701 · versículo 14
- Philistia · 31.664, 34.546 · versículo 14
- Euphrates · Hoy: Euphrates River · 31.004, 47.442 · versículo 15
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org