Hebreos 5
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Paske tout wo prèt ki pran pami moun se deziye pou moun, nan bagay ki apatyen a Bondye, pou l kapab ofri Bondye don ak sakrifis pou peche yo. 2Konsa,wo prèt la kapab aji ak konpasyon selon moun inyoran ak egare yo, paske li menm osi, li gen anpil feblès. 3Epi akoz de sa, li oblije ofri sakrifis pou peche pèp la, e pou pwòp tèt li tou. 4Okenn moun konsa p ap pran onè pou tèt li, men li rele pa Bondye, menm jan Aaron te rele a. 5Menmjan an, Kris pa t osi bay pwòp tèt Li glwa, pou L ta devni yon wo prèt, men Li menm, Bondye ki te di Li:
“Ou se Fis Mwen; jodi a Mwen vin Papa Ou.”;
6Menmjan Li di osi nan yon lòt pasaj:
“Ou se yon prèt pou tout tan
selon modèl Melchisédek la.”
7Nan jou lachè Li yo, Li te ofri priyè, siplikasyon avèk gwo kriye ak dlo nan zye a Sila sèl ki ta kapab sove Li soti nan lanmò a, e Li, Bondye, te tande akoz de sentete Li. 8Malgre Li te yon Fis, Li te aprann obeyisans nan bagay ke Li te soufri yo. 9Epi apre, lè L te vin pafè, Li te vin devni pou tout sila ki obeyi Li yo, sous sali etènèl la, 10nonmen pa Bondye kòm wo prèt nan modèl a Melchisédek la.
11Konsènan Li menm, nou gen anpil bagay pou di, e se difisil pou eksplike akoz ke nou vin mal pou tande. 12Paske malgre lè sa a, nou ta dwe vin mèt, nou bezwen ankò yon moun pou enstwi nou prensip de baz revelasyon Bondye yo. Ou vin bezwen lèt olye manje solid.
13Paske tout sila ki pran lèt sèlman yo, yo pa abitye avèk pawòl ladwati a, paske yo bebe toujou. 14Men manje solid la, se pou granmoun yo, ki akoz de pratik yo, vin gen kapasite pou distenge sa ki byen ak sa ki mal.

¿Sabías que…?
Un sumo sacerdote llamado por Dios
- Hebreos 5 presenta a Aarón como modelo de sumo sacerdote que no toma para sí el honor, sino que es llamado por Dios. Aarón, hijo mayor de Amram y Jocabed, nació en Egipto tres años antes que su hermano Moisés. Cuando se acercaba la liberación de Israel de Egipto, Dios lo envió al encuentro de su hermano, ausente desde hacía mucho tiempo, para que cooperaran en la realización del éxodo.Fuentes: el propio texto bíblico · Aaron
- Melquisedec, cuyo nombre el Easton's Bible Dictionary (1897) explica como “rey de justicia”, era rey de Salem. Todo lo que el Antiguo Testamento registra acerca de él está en Génesis 14:18–20, y solo se menciona una vez más, en el Salmo 110:4. Hebreos 5 aplica a Cristo las palabras “Tú eres sacerdote para siempre, según el orden de Melquisedec”, y el mismo diccionario dice que Hebreos 7 expone en detalle la importancia de su historia y presenta su sacerdocio como superior al de Aarón, recordando que Abraham le pagó el diezmo y que Melquisedec bendijo a Abraham.Fuentes: el propio texto bíblico · Melchisedec
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org