Nations Bible

Esdras 10

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Alò, pandan Esdras t ap priye e t ap fè konfesyon, t ap kriye e pwostène li devan lakay Bondye a, yon trè gran asanble, gason, fanm, ni timoun, te rasanble vè li soti an Israël; paske pèp yo te kriye byen anmè. 2Schecania, fis a Jehiel la, youn nan fis a Élam yo, te di Esdras: “Nou pa t fidèl a Bondye nou an. Nou te marye ak fanm etranje soti nan pèp peyi yo. Malgre, koulye a toujou gen espwa pou Israël. 3Alò pou sa a, kite nou fè yon akò avèk Bondye nou an pou mete akote tout fanm yo avèk pitit pa yo, selon konsèy a mèt mwen an, e pou sila ki tranble sou kòmandman Bondye nou yo. Epi kite sa fèt selon lalwa a. 4Leve! Paske se ou menm ki responsab afè sila a, men nou va avèk nou. Pran kouraj e aji.”

5Konsa, Esdras te leve, e te fè prèt prensipal yo, Levit yo ak tout Israël sèmante pou yo ta fè selon sa ki te pwopoze a. Konsa yo te sèmante. 6Epi Esdras te leve soti devan lakay Bondye a, e te antre nan chanm a Jochanan an, fis a Éliaschib la. Malgre li te ale la, li pa t manje pen, ni bwè dlo, paske li te tèlman dezole akoz enfidelite a moun egzil yo. 7Yo te fè yon dekrè nan tout Juda avèk Jérusalem a tout moun egzil yo, ke yo ta dwe rasanble Jérusalem, 8epi ke nenpòt moun ki pa ta vini nan twa jou yo, selon konsèy a chèf pa yo avèk ansyen yo, tout byen li yo va konfiske e li menm ta retire nan asanble moun egzil yo.

9Pou sa, tout mesye Juda avèk Benjamin yo te rasanble Jérusalem nan twa jou yo. Se te nan nevyèm mwa a sou ventyèm jou nan mwa a, tout moun te chita nan plas ouvri devan lakay Bondye a, e yo t ap tranble akoz afè sila a ak gwo lapli a.

10Alò, Esdras, prèt la, te kanpe epi te di yo: “Nou pa t fidèl e nou te marye avèk fanm etranje yo, ki ogmante koupabilite Israël la. 11Alò, akoz sa a konfese a SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, e fè volonte L. Separe nou menm soti nan moun a peyi yo, e separe nou de madanm etranje yo.”

12Konsa, tout asanble a te reponn ak yon gwo vwa: “Se konsa, jan ou te di a, se devwa nou pou nou fè. 13Men gen anpil moun, se sezon lapli a, e nou p ap kab kanpe deyò a. Ni tach la pa kab fèt nan youn oswa de jou, paske nou te fè anpil transgresyon nan afè sila a. 14Kite chèf nou yo reprezante tout asanble a, e kite tout sila nan vil nou yo ki te marye ak fanm etranje yo vini nan lè apwente yo, ansanm avèk ansyen a chak vil yo, jiskaske kòlè fewòs Bondye nou an, akoz bagay sa a, ta vin detounen kite nou.”

15Sèlman Jonathan, fis Asaël la avèk Jachzia, fis a Thikva a, te opoze ak sa, avèk Meschullam avèk Schabthaï, Levit ki t ap bay yo soutyen an.

16Men moun egzil yo te fè li konsa. Epi Esdras, prèt la, te chwazi mesye ki te chèf an tèt lakay zansèt yo pou chak kay zansèt, yo tout pa non yo. Konsa, yo te reyini nan premye jou nan dizyèm mwa a pou fè rechèch sou ka sila a. 17Yo te fin fè rechèch la sou tout mesye ki te marye ak fanm etranje yo pou rive nan premye jou premye mwa a.

18Pami fis a prèt ki te marye ak fanm etranje yo,

yo te twouve fis a Josué yo, fis a Jotsadak la e frè li yo: Maaséja, Éliézer, Jarib, avèk Guedalia. 19Yo te fè sèman pou mete akote fanm pa yo e akoz koupabilite a, yo te ofri yon belye a bann mouton an pou kouvri koupabilite yo.

20Nan fis a Immer yo, te gen Hanani avèk Zebadia;

21Nan fis a Harim yo, Masséja, Élie, Schemaeja, Jehiel, avèk Ozias.

22Nan fis a Paschhur yo, Eljoénaï, Maaséja, Ismaël, Nethaneel, Jozabad, avèk Éleasa.

23Nan Levit yo, te gen Jozabad, Schimeï, Kélaja, (sa vle di) Kelitha, Pethachja, Juda, avèk Éliézer.

24Pami chantè yo, te gen Éliaschab.

Pami gadyen pòtay yo: Schallum, Thélem ak Uri.

25Nan Israël, nan fis a Pareosch yo: Ramia, Jizzija, Malkija, Mijamin, Éléazar, Malkija ak Benaja.

26Nan fis a Élam yo: Matthania, Zacharie, Jehiel, Abdi, Jerémoth, avèk Élie.

27Nan fis a Zatthu yo: Elojénaï, Éliaschib, Matthania, Jerémoth, Zabad, epi Aziza.

28Nan fis a Bébaï yo: Jochanan, Hanania, Zabbaï, avèk Athlaï.

29Nan fis a Bani yo: Meschullam, Malluc, Adaja, Jaschub, Scheal, avèk Ramoth.

30Nan fis a Pachath-Moab yo: Adna, Kelal, Benaja, Maaséja, Matthania, Betsaleel, Binnuï avèk Manassé.

31Nan fis a Harim yo: Éliézer, Jischija, Malkija, Schemaeja, Siméon. 32Benjamin, Malluc avèk Schemaria.

33Nan fis yo a Haschum: Matthanaï, Matthattha, Zabad, Éliphéleth, Jerémaï, Manassé avèk Schimeï.

34Nan fis a Bani yo, Maadaï, Amram, Uel, 35Benaja, Bédia, Keluhu, 36Vania, Merémoth, Éliaschib, 37Matthania, Matthanaï, Jaasaï, 38Bani, Binnuï, Schimeï, 39Schélémia, Nathan, Adaja, 40Macnadbaï, Schaschaï, Scharaï, 41Azareel, Schélémia, Schemaria, 42Schallum, Amaria, avèk Joseph.

43Nan fis a Nebo yo, Jeïel, Matthithia, Zabad, Zebina, Jaddaï, Joël ak Benaja.

44Tout nan sila yo te marye avèk fanm etranje yo e te gen nan yo ki te gen fanm avèk sila yo te fè pitit.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

La asamblea y el juramento de separación

  • Para tratar el asunto de los matrimonios mixtos, los líderes emitieron una proclamación que ordenaba a todos los exiliados en Judá y Benjamín reunirse en Jerusalén en un plazo de tres días, bajo pena de confiscación de bienes y expulsión de la comunidad. Al congregarse en la plaza frente a la casa de Dios, el pueblo temblaba tanto por la gravedad del asunto como por la intensa lluvia.Fuentes: el propio texto bíblico · Jerusalem
  • Debido a que la gran multitud no podía permanecer a la intemperie durante la temporada invernal de lluvias, la comunidad organizó una investigación formal. Esdras y los jefes de familia designados examinaron los casos pueblo por pueblo durante tres meses completos, desde el primer día del décimo mes hasta el primer día del primer mes.Fuentes: el propio texto bíblico · Ezra
  • El capítulo y el libro concluyen con un registro detallado de más de cien hombres que habían tomado mujeres extranjeras. La lista demuestra que los matrimonios mixtos habían afectado a todos los estratos de la sociedad posterior al exilio, incluidos descendientes del linaje sacerdotal, levitas, cantores del templo, porteros y laicos comunes.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 7, 9

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.