Nations Bible

Ezequiel 47

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Epi li te mennen m retounen nan pòt kay la; epi gade byen dlo t ap koule soti anba papòt kay la vè lès, paske kay la te bay fas vè lès. Epi dlo a t ap koule soti pa anba, soti akote dwat kay la, soti kote sid lotèl la. 2Li te mennen mwen deyò pa chemen pòtay nò a, epi te mennen m ozanviwon pa deyò rive nan pòtay eksteryè a, pa chemen pòtay ki bay fas vè lès la. Epi gade byen, dlo t ap koule soti nan kote sid la.

3Lè mesye a te sòti deyò vè lès ak yon kòd mezi nan men l, li te mezire mil koude, e li te mennen m pase nan dlo a, dlo ki te rive nan cheviy pye l yo. 4Ankò, li te mezire mil koude e li te mennen m pase nan dlo ki rive jis nan jenou yo. Ankò, li te mezire mil koude, e li te mennen m pase nan dlo ki rive nan senti a. 5Ankò, li te mezire mil koude; epi yon rivyè ke m pa t ka travèse, paske dlo a te vin leve, te gen ase dlo naje ladann, yon rivyè ki pa t ka janbe sou pye.

6Li te di m: “Fis a lòm, èske ou wè sa a?” Konsa, li te mennen m retounen rive arebò rivyè a. 7Alò, lè m te retounen, gade byen, akote rivyè a, te gen anpil pyebwa nan yon kote yo ak nan lòt la. 8Li te di mwen: “Dlo sila yo sòti nan rejyon lès pou desann rive nan dezè a. Depi la, yo kontinye vè lanmè, menm antre nan lanmè. Lanmè a ap soti, e dlo lanmè yo va geri. 9Li va vin rive ke tout kreyati vivan ki naje tout kote ke rivyè a ale, yo va viv. Konsa, va genyen anpil pwason, paske dlo sa yo ale la e dlo lanmè yo va geri. Tout bagay va viv nenpòt kote rivyè a ale. 10Epi li va vin rive ke mesye lapèch yo va kanpe akote li. Soti En-Guédi jis rive En-Églaïm, va gen kote pou ouvri filè yo. Pwason pa yo va selon espès pa yo, tankou pwason Gwo Lanmè a, anpil, anpil. 11Men marekaj li yo ak fòs li yo p ap geri; yo va rete sale. 12Akote rivyè a, arebò li, soti yon kote a yon lòt, va grandi tout pyebwa ki bay manje. Fèy yo p ap fennen e fwi yo p ap manke. Yo va donnen chak mwa akoz dlo yo koule soti nan sanktyè a, fwi pa yo va pou manje e fèy yo va pou gerizon.”

13Konsa pale Senyè BONDYE a: “Sa va sèvi kon lizyè ak sila nou va divize peyi a kon eritaj pami douz tribi Israël yo. Joseph va gen de pòsyon. 14Nou va divize li kon eritaj, chak egal ak lòt; paske Mwen te sèmante pou bay li a papa zansèt nou yo, e peyi sa a va tonbe a nou menm kon eritaj.

15“Sa se lizyè peyi a: nan kote nò, soti nan Gwo Lanmè a, pa chemen Hethlon, jis rive nan antre a Tsedad; 16Hamath, Bérotha, Sibraïm, ki antre lizyè Damas ak lizyè Hamath; Hatzer-Hatthicon, kote lizyè Havran nan. 17Lizyè a va rive soti nan lanmè a Hatsar-Énon nan lizyè Damas e nan rejyon nò, vè nò, se lizyè Hamath la. Sa se fwontyè nan kote nò a.”

18“Nan kote lès la, soti nan antre Havran, Damas Galaad ak peyi Israël, se va Larivyè Jourdain an; soti nan lizyè nò a jis rive nan lanmè lès la, ou va mezire li. Sa se kote lès la.”

19“Nan kote sid la, vè sid li va soti Thamar jis rive nan dlo Meriba-Kadès, pou rive nan flèv Égypte la ak nan Gwo Lanmè a. Sa se kote sid la, vè sid.”

20“Nan kote lwès la, se va Gwo Lanmè a, soti nan lizyè sid la pou rive nan yon pwent anfas Lebo-Hamath. Sa se kote lwès la.”

21“Konsa nou va pataje peyi sa pami nou menm selon tribi Israël yo. 22Ou va divize li pa tiraj osò kon eritaj pami nou menm e pami letranje ki rete nan mitan nou yo, ki fè fis nan mitan nou yo. Epi yo va pou nou tankou moun peyi natal, pami fis Israël yo; yo va resevwa yon eritaj avèk nou pami tribi Israël yo. 23Epi nan tribi kote etranje a rete a, se la ou va bay li eritaj li,” deklare Senyè BONDYE a.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

El Río Sanador y los Límites de la Tierra

  • La visión de Ezequiel describe un arroyo que brota debajo del umbral del templo y se transforma rápidamente en un río profundo hacia el oriente, saneando las aguas saladas del Arabá y sustentando árboles frutales y pescaderías desde En-gadi hasta En-eglaim.Fuentes: el propio texto bíblico · Engedi
  • En una disposición jurídica y social notable para el reparto de la tierra, los extranjeros residentes que formen familias entre las tribos reciben heredad de tierras en igualdad de condiciones con los israelitas nativos.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Los límites norte y este del territorio restaurado abarcan antiguos hitos geográficos de Siria y el Levante, como Hamat, Damasco y la fértil comarca de Haurán, asignando además una doble porción a José entre las doce tribus.Fuentes: el propio texto bíblico · Hauran · Hamath · Joseph (son of Jacob)

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Arabah · 30.417, 35.151 · versículo 8
  • Salt Sea · Hoy: Dead Sea · 31.500, 35.500 · versículos 8, 9, 10, 18
  • Engedi · Hoy: Ein Gedi · 31.450, 35.383 · versículo 10
  • Great Sea · Hoy: Mediterranean Sea · 31.805, 34.170 · versículos 10, 15, 17, 19, 20
  • Damascus · 33.511, 36.306 · versículos 16, 17, 18
  • Hamath · Hoy: Hama · 35.136, 36.750 · versículos 16, 17
  • Hauran · 32.730, 36.368 · versículos 16, 18
  • Sibraim · Hoy: in the region between Damascus and Hamath · 34.401, 36.636 · versículo 16
  • Gilead · Hoy: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · versículo 18
  • Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 18
  • Meribah · Hoy: Ain el Qudeirat · 30.648, 34.422 · versículo 19
  • Negeb · 31.245, 34.841 · versículo 19

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.