Nations Bible

Ezequiel 4

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1“Alò, ou menm, fis a lòm, chache pou ou yon mòso mozayik. Mete l devan ou e dezinye yon vil sou li, menm Jérusalem nan. 2Konsa, poze fè syèj kont li. Bati yon miray syèj, leve teras, fòme kan an, prepare e pozisyone dè belye mouton kont li tout ozanviwon. 3Ankò, chache pou ou yon plak an fè, pozisyone li tankou yon miray ki fèt an fè antre ou menm ak vil la e mete fas ou anvè li. Li anba syèj. Konsa ou va mete li anba syèj menm. Sa va yon sign pou lakay Israël.

4“Pou ou menm, kouche sou kote goch ou e mete inikite lakay Israël la sou li. Ou va pote inikite yo pou menm fòs jou ke ou kouche sou li yo. 5Mwen te kontwole fòs kantite jou ki koresponn a fòs kantite ane a inikite yo; twa-san-katre-ven-di jou. Konsa ou va pote inikite a lakay Israël la.

6Lè ou fin konplete sila yo, ou va kouche yon dezyèm fwa sou kote dwat ou pou pote inikite lakay Juda a. Mwen te kontwole li pou ou pandan karant jou; yon jou pou chak ane. 7Konsa, ou va mete figi ou vè syèj a Jérusalem ak bra ou dekouvri pou pwofetize kont li. 8Alò, gade byen, Mwen va mete kòd sou ou pou ou pa kapab vire soti yon kote a yon lòt jiskaske ou fin konplete jou a syèj ou yo.

9“Men pou ou menm, pran ble, lòj, pwa, pwa tann, pitimi, ak ble mòn. Mete yo nan yon sèl veso e fè pen ak yo. Ou va manje l selon nonb jou ke ou kouche sou kote ou yo, twa-san-katre-ven-di jou. 10Manje ke ou va manje a va ven sik pa jou selon pwa li. Ou va manje ladann de tanzantan. 11Dlo ou bwè a va yon sizyèm en (1 lit pa mezi). Ou va bwè l de tanzantan. 12Ou va manje li kon gato lòj. Ou va kwit li devan yo ak fimye poupou moun.” 13Epi SENYÈ a te di: “Konsa fis Israël yo va manje pen pa pwòp yo pami nasyon kote m ap chase yo ale yo.”

14Men mwen te di: “Ah Senyè BONDYE! Mwen pa t janm konn souye nanm mwen. Paske depi nan jenès mwen jis rive koulye a, mwen pa t janm manje sa ki te mouri pou kont li, oswa ki te chire pa bèt sovaj, ni okenn vyann ki pa t pwòp pa t janm antre nan bouch mwen.”

15Konsa, Li te di mwen: “Men gade, m ap bay ou kaka bèf pou ranplase poupou moun nan. Sou li menm ou va prepare pen ou an.”

16Anplis ke sa, Li te di mwen: “Fis a lòm, gade byen, Mwen va kase pen sa a nan Jérusalem. Yo va manje pen mezire selon pwa, e ak kè twouble. Yo va bwè dlo pa mezi ak gwo laperèz 17ke pen ak dlo va vin ra. Konsa, yo va etone youn lòt e yo vin deperi nan inikite yo.”

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Actos Simbólicos del Asedio

  • Ezequiel recibió la orden de escenificar el asedio de Jerusalén mediante elementos visuales, dibujando la ciudad sobre un ladrillo de barro, construyendo rampas y arietes en miniatura y colocando una plancha de hierro como muro.Fuentes: el propio texto bíblico · Jerusalem
  • El profeta debía acostarse sobre su lado izquierdo durante 390 días para simbolizar la iniquidad de la casa de Israel, y luego sobre su lado derecho durante 40 días por Judá, representando cada día un año.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Para representar la grave escasez durante el asedio, se le indicó a Ezequiel medir raciones diarias estrictas de agua y pan de diversos granos, horneando la comida sobre estiércol seco de vaca.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 3, 7, 16

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.