Ezequiel 35
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote Mwen. Li te di: 2“Fis a lòm, mete figi ou kont Mòn Séir e pwofetize kont li. 3Di li:
‘Konsa pale Senyè BONDYE a:
“Gade byen, Mwen kont ou, Mòn Séir,
Mwen va lonje men M kont ou
pou fè ou vin yon dezolasyon ak yon dezè.
4Mwen va fè devaste vil ou yo
e ou va vin Yon dezolasyon.
Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
5“‘“Paske ou te gen rayisman san rete, e ou te livre fis Israël yo anba pouvwa nepe a nan lè malè yo, nan lè gwo pinisyon lafen an. 6Akoz sa, jan Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a: “Mwen va livre ou a san vèse, san vèse va swiv ou. Akoz ou pa t rayi san vèse, pou sa, san vèse va swiv ou. 7Mwen va fè Mòn Séir vin yon dezè ak yon kote dezole. Mwen va dekoupe retire nèt sou li sila k ap pase antre retou ladan l. 8Mwen va plen mòn li yo ak kadav li yo. Sou kolin ou yo, nan vale ou yo ak nan tout ravin ou yo, sila ki mouri pa nepe yo va tonbe. 9Mwen va fè ou vin yon dezolasyon jis pou tout tan e vil ou yo p ap gen moun menm. Konsa ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
10“‘“Akoz ou te di: ‘ De(2) Nasyon sila yo ak de(2) peyi sa yo va pou mwen e nou va posede yo,’ sepandan, SENYÈ a te la, 11Jan Mwen viv la”, deklare Senyè Bondye a: “Mwen va regle ou selon kòlè ou ak selon jalouzi ke ou te montre, akoz rayisman ou kont yo. Konsa, Mwen va fè Mwen menm vin rekonèt pami yo lè M jije ou. 12Nan lè sa a, ou va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te tande tout vye mo ou yo; sa ke ou te pale kont mòn Israël yo lè ou te di: ‘Yo fin dezole nèt. Yo fin livre nan men nou pou manje nèt.’ 13Konsa, ou te pale ak awogans kont Mwen e ou te miltipliye pawòl ou yo kont Mwen. Mwen te tande sa.” 14Konsa pale Senyè BONDYE a: “Pandan tout tè a ap rejwi, Mwen va fè ou vin yon dezolasyon. 15Jan ou te rejwi sou eritaj lakay Israël akoz li te dezole a, se konsa Mwen va fè ou menm. Ou va vin yon dezolasyon, O Mòn Séir! Ak tout Édom, yo tout ladann. Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”

¿Sabías que…?
Profecía Contra el Monte Seír
- En la geografía bíblica, el monte Seír es sinónimo de la escarpada región montañosa de Edom, situada al este del Arabá y extendiéndose hacia el sur en dirección al golfo de Áqaba. Ezequiel se dirige directamente al monte Seír como la personificación poética de toda la nación edomita.Fuentes: Mount Seir · Edom · el propio texto bíblico
- El oráculo reprende a Edom por albergar una antigua hostilidad contra Israel y aprovecharse de su ruina para intentar adueñarse de Israel y de Judá. Debido a que Edom se burló y se regocijó con la devastación de Israel, la profecía declara que sus propios montes, valles y ciudades quedarán convertidos en desolación perpetua.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Edom · 30.746, 35.604 · versículo 15
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org