Nations Bible

Ezequiel 29

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Nan dizyèm ane, nan dizyèm mwa, nan douz nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2Fis a lòm, mete figi ou kont Farawon, wa Égypte la, e pwofetize kont li ak tout Égypte. 3Pale e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a,

“Gade byen, Mwen kont ou, Farawon, wa Égypte,

gwo mons lan ki kouche nan mitan

rivyè li yo, k ap di:

‘Rivyè Nil lan se pou mwen

e se mwen menm ki te fè li.’

4Mwen va mete gwo kwòk nan machwè ou e

fè pwason larivyè ou yo vin kole sou kal ou yo.

Konsa, Mwen va rale fè ou sòti nan mitan rivyè ou yo,

ansanm ak tout pwason larivyè ou yo k ap kole sou kal ou yo.

5Mwen va jete ou lwen nan dezè a,

ou menm ak tout pwason rivyè ou yo.

Ou va tonbe nan chan ouvri.

Ou p ap rasanble ni reyini ankò.

Mwen te bay ou kon manje bèt latè

ak zwazo syèl yo.

6“‘“Konsa, tout moun ki rete an Égypte va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Paske yo te sèlman yon gòl fèt ak wozo pou lakay Israël. 7Lè yo te kenbe ou nan men yo, ou te kraze e chire tout men ak zepòl yo, Epi lè yo te apiye sou ou, ou te kraze kwis yo.”

8“‘Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va mennen sou ou nepe a, e Mwen va koupe retire nèt de ou ni moun, ni bèt. 9Peyi Égypte va devni yon dezolasyon ak yon savann dezole. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.

“‘“Paske ou te di: ‘Larivyè Nil lan se pou mwen e mwen te fè l.’ 10Pou sa, gade byen, Mwen kont ou, e Mwen kont rivyè ou yo. Mwen va fè peyi Égypte vin yon savann dezole ak yon dezolasyon, soti Migdol jis rive Syène, menm pou rive nan lizyè Éthiopie. 11Pye a moun p ap pase ladann, pye a bèt p ap pase ladann, e l ap rete san moun pandan karantan. 12Konsa, Mwen va fè peyi Égypte vin yon dezolasyon nan mitan peyi ki dezole yo. Vil li yo, nan mitan a vil ki fin devaste nèt yo, yo va dezole pandan karantan. Mwen va gaye Ejipsyen yo pami nasyon yo, e lage yo toupatou pami peyi yo.”

13“‘Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan fen karantan an, Mwen va rasanble Ejipsyen yo soti nan pèp kote yo te gaye yo. 14Mwen va ranvèse fòtin li yo, e fè yo retounen nan peyi Pathros, nan peyi orijin yo. La, yo va rete yon wayòm ki fèb. 15Li va pi fèb pami wayòm yo e li p ap janm leve tèt li ankò kon chèf lòt nasyon yo. Mwen va fè yo tèlman vin piti ke yo p ap renye sou lòt nasyon yo. 16Konsa, li p ap janm sèvi ankò kon konfyans pou lakay Israël la, pou l pa kontinyepote nan tèt yo, inikite lè yo te vire kote Égypte la. Epi yo va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.”’”

17Alò, nan venn-setyèm ane, nan premye mwa, nan premye jou nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 18“Fis a lòm, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fè lame li a travay di kont Tyr; tout tèt te vin chòv e tout epòl te fwote vin fè maleng. Men li menm ak lame li pa t reyisi salè soti nan Tyre pou travay li te fè kont li an. 19Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va bay peyi Égypte a Nebucadnetsar, wa Babylone nan. Epi li va pote fè ale tout pèp li yo, kaptire donmaj li yo, e sezi li kon piyaj. Sa a va sèvi kon salè pou lame li a. 20Mwen te bay li peyi Égypte pou travay ke li te fè a, paske yo te aji pou Mwen,’ deklare Senyè BONDYE a.

21“Nan jou sa a, Mwen va fè yon kòn vin pouse pou lakay Israël, e Mwen va ouvri bouch ou nan mitan yo. Epi konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Profecías contra Egipto y el Faraón

  • La expresión "desde Migdol hasta Sevene" abarcaba toda la extensión geográfica de Egipto, desde la ciudad fortificada de Migdol en el noreste hasta Sevene (la actual Asuán) en la frontera sur junto a Cus.Fuentes: Migdol · Syene · Cush · el propio texto bíblico
  • El capítulo menciona el prolongado esfuerzo militar llevado a cabo por Nabucodonosor, rey de Babilonia, contra la ciudad de Tiro, profetizando que su ejército tomaría las riquezas de Egipto como recompensa por su labor.Fuentes: Nebuchadnezzar · el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 2, 3, 6, 8, 9, 10, 12, 13, 14, 15, 16, 19, 20
  • Nile · Hoy: Nile River · 31.465, 30.367 · versículos 3, 4, 5, 9, 10
  • Cush · Hoy: Cush 1 · 16.935, 33.751 · versículo 10
  • Syene · Hoy: Aswan · 24.089, 32.900 · versículo 10
  • Pathros · Hoy: Upper Egypt · 24.100, 32.700 · versículo 14
  • Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 18, 19
  • Tyre · 33.271, 35.196 · versículos 18, 20

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.