Nations Bible

Ezequiel 12

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2Fis a lòm, ou rete nan mitan yon kay rebèl, ki gen zye pou wè, men yo pa wè, e zòrèy pou tande, men yo pa tande; paske se kay rebèl yo ye.

3“Pou sa, fis a lòm, prepare valiz ou menm pou ou ekzile e antre an egzil nan mitan jounen an kote yo ka wè l byen klè. Nan egzil, ou va deplase yon kote pou rive yon lòt kote devan zye yo. Petèt yo va konprann, malgre se yon kay rebèl yo ye. 4Mete bagaj ou deyò devan zye yo, kon bagaj pou egzil. Konsa, ou va sòti deyò nan aswè devan zye yo, tankou sila ki prale an egzil yo. 5Fouye yon twou nan miray la devan zye yo, e sòti ladann pou vin deyò. 6Mete bagaj ou sou zepòl ou devan yo pou yo wè e pote li sòti deyò nan aswè. Ou va kouvri figi ou pou ou pa ka wè peyi a, paske Mwen plase ou kon yon sign pou lakay Israël.”

7Mwen te fè sa konsa jan mwen te kòmande a. Nan lajounen, mwen te mennen bagaj mwen deyò, tankou bagaj a yon egzile. Epi nan aswè, mwen te fouye yon twou nan miray la ak men m. Mwen te sòti deyò nan fènwa a e te pote li sou zepòl mwen pou yo ta ka wè l.

8Nan maten, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di: 9“Fis a lòm, èske lakay Israël, kay rebèl sa a, pa t di ou: ‘Kisa w ap fè la a?’

10“Di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Fado sa a se pou prens Jérusalem nan, li menm ak tout lakay Israël ki ladann nan.”’

11“Di yo: ‘Mwen se yon sign pou nou. Jan mwen te fè, se konsa l ap vin rive nou. Konsa, yo va ale an egzil, an kaptivite.

12“‘Prens ki pami yo a va chaje bagaj li sou zepòl li nan aswè pou sòti. Yo va fouye yon twou nan miray la pou fè l sòti. Li va kouvri figi li pou li pa wè peyi a ak pwòp zye li. 13Anplis, Mwen va voye filè Mwen sou li e li va vin kenbe nan pèlen Mwen. Konsa, Mwen va mennen li Babylone, nan peyi a Kaldeyen yo. Men li p ap wè l; malgre sa, se la l ap mouri. 14Mwen va gaye nan tout van, tout sila ki antoure li yo, moun k ap ede li yo ak tout sòlda li yo. Epi se nepe a Mwen va rale dèyè yo.

15“‘Pou yo ka konnen ke Mwen se SENYÈ a lè Mwen gaye yo pami nasyon yo e pwopaje yo pami peyi yo. 16Men Mwen va epanye kèk nan yo de nepe a, gwo grangou a, ak epidemi a, pou yo ka pale tout abominasyon yo pami nasyon kote yo prale yo. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”

17Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di: 18“Fis a lòm, manje pen ou ak tranbleman, e bwè dlo ou ak tranbleman e ak kè twouble. 19Di a pèp peyi a: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a konsènan moun ki rete Jérusalem yo nan peyi Israël la: “Yo va manje pen yo ak kè twouble e bwè dlo ak gwo laperèz, akoz peyi yo va depouye nèt de tout bonte li, akoz vyolans a tout moun ki demere ladann yo. 20Vil kote moun rete yo va vin devaste nèt e peyi a va vin yon dezolasyon. Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”

21Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di: 22“Fis a lòm, ki pwovèb sa a, ke nou menm pèp la, gen konsènan peyi Israël, ki di: ‘Jou yo long e tout vizyon yo vin gate’? 23Pou sa, di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va fè pwovèb sa a sispann pou yo pa sèvi l ankò kon pwovèb an Israël.”’ Men di yo: “Jou yo ap apwoche ansanm ak lè pou tout vizyon yo akonpli. 24Paske p ap gen ankò okenn fo vizyon ni okenn divinasyon flatè anndan kay Israël la. 25Paske Mwen menm, SENYÈ a va pale e nenpòt pawòl ke M di, va vin acheve. Sa p ap pran reta ankò, paske nan jou ou yo, O lakay rebèl, Mwen va pale pawòl la e Mwen va akonpli li,” deklare Senyè BONDYE a.’”

26Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di: 27“Fis a lòm, gade byen, lakay Israël ap di: ‘Vizyon ke li fè a se pou anpil ane k ap vini e li pwofetize pou yon tan ki lwen.’

28“Pou sa, di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Okenn nan pawòl Mwen yo p ap pran reta ankò. Nenpòt sa ke M pale, va vin akonpli,” deklare Senyè BONDYE a.’”

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Señales de Exilio y la Certeza del Juicio

  • A Ezequiel se le ordenó escenificar el exilio venidero como una señal viva para su comunidad. A la vista del pueblo, preparó un equipaje de exilio, abrió una abertura en la pared con sus manos al anochecer y salió cargando sus bultos con el rostro cubierto.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Esta representación simbolizaba el destino del príncipe en Jerusalén. La profecía anunciaba que intentaría escapar por una brecha en la muralla, caería en una trampa y sería llevado cautivo a Babilonia, donde moriría sin llegar a ver la tierra.Fuentes: el propio texto bíblico · Babylon · Jerusalem
  • El capítulo refuta un refrán popular entre los israelitas que afirmaba que las visiones fallaban y que las profecías solo trataban de un futuro lejano. Ezequiel respondió declarando que el cumplimiento de tales juicios era inminente y ocurriría en su propia generación.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 10, 12, 19
  • Babylon · 32.543, 44.422 · versículo 13
  • Chaldea · 30.962, 46.104 · versículo 13

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.