Ester 6
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Pandan nwit lan, wa a pa t kab dòmi. Pou sa, li te pase lòd pou mennen liv achiv kwonik yo pou yo te li li devan wa a. 2Li te twouve ekri ladann sa ke Mardochée te rapòte konsènan Bigthan avèk Théresch la, de nan enik wa ki te gadyen pòtay yo, ki te chache pou mete men yo sou wa Assuérus la. 3Wa a te mande: “Ki distenksyon oswa onè yo te bay a Mardochée pou sèvis sa a?”
Sèvitè a wa yo te di: “Anyen pa t fèt pou li.”
4Pou sa, wa a te di: “Kilès ki nan lakou a?” Alò, Haman te fenk antre nan lakou deyò a palè wa a pou l ta kab pale avèk wa a konsènan afè pann Mardochée sou etaj ki te bati pou li a.
5Sèvitè a wa a te di li: “Men gade byen, Haman kanpe nan lakou a.” Epi wa a te di li: “Kite li antre.” 6Pou sa, Haman te antre anndan e wa a te di li: “Kisa ki ta dwe fèt pou nonm nanke wa a dezire onore a?” Epi Haman te di nan tèt li: “Se kilès wa a ta vle onore plis ke mwen menm nan?” 7Epi Haman te di a wa a: “Pou nonm ke wa a vle onore a, 8kite yo mennen yon vètman wayal ke wa a te konn mete, avèk cheval ke wa a te konn monte e sou tèt a sila, yon kouwòn wa a te fin mete. 9Epi, konsa, kite vètman avèk cheval la remèt a youn nan chèf a wa ki pi onore a e kite yo abiye moun ke wa a vle onore a, mennen li sou do cheval la toupatou nan plas lavil la e pwoklame devan li, ‘Se konsa pou l ta fèt a moun nan ke wa a vle onore a.’”
10Epi wa a te di a Haman: “Byen vit pran vètman avèk cheval la kon ou te pale a e fè sa pou Mardochée, Jwif la, ki chita nan pòtay wa a. Pa manke nan anyen a tout sa ke ou te pale yo.”
11Konsa, Haman te pran vètman an avèk cheval la, te abiye Mardochée, te mennen li sou cheval la nan tout plas lavil la, e te fè pwoklamasyon devan l, “Se konsa li va fèt pou nonm ke wa a vle onore a.”
12Konsa, Mardochée te retounen nan pòtay a wa a, men Haman te kouri byen vit pou rive lakay li avèk kri doulè, ak tèt li kouvri. 13Haman te rakonte a Zéresch, madanm li avèk tout zanmi li yo tout sa ki te rive li yo. Epi mesye saj yo avèk Zéresch, madanm li an, te di li: “Si Mardochée, devan sila ou kòmanse tonbe a, sòti nan Jwif yo, anverite, ou p ap genyen sou li, men anverite, ou va tonbe devan li.” 14Pandan yo t ap toujou pale avèk li, enik a wa yo te rive e byen prese, yo te mennen Haman nan bankè ke Esther te prepare a.

¿Sabías que…?
La honra de Mardoqueo y la humillación de Amán
- En la corte persa, los escribas registraban los acontecimientos diarios y los servicios al reino en las crónicas reales oficiales. Cuando el rey Asuero no pudo dormir y ordenó que le leyeran estos anales, descubrió que Mardoqueo nunca había recibido honra ni recompensa por haber denunciado la conspiración de los guardias Bigtán y Teres.Fuentes: el propio texto bíblico · Bigthana · Teresh
- Las distinciones que propuso Amán—vestir una túnica usada por el propio monarca y montar el caballo real conducido por la plaza pública por un noble principal—constituían las máximas señales de favor persa. Amán ideó estos honores pensando que eran para él, pero el rey le ordenó otorgárselos a Mardoqueo.Fuentes: el propio texto bíblico · Haman
- Amán había ido al patio del palacio con la intención de pedirle al rey que ahorcara a Mardoqueo en la horca preparada para él. Sin embargo, tras verse obligado a pasear a Mardoqueo en triunfo, regresó a su casa abatido, donde su esposa Zeres y sus consejeros le advirtieron que caería irremediablemente ante él.Fuentes: el propio texto bíblico · Zeresh · Haman
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org