Nations Bible

Ester 3

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Apre evènman sa yo, Wa Assuérus te elve pozisyon a Haman, fis a Hammedatha a, Agagit la. Li te pouse l devan e te etabli otorite li sou tout chèf ki te avèk li yo. 2Tout sèvitè a wa yo ki te nan pòtay a wa a te bese ba e te bay onè a Haman; paske, se sa wa a te kòmande pa li menm. Men Mardochée pa t bese, ni pa t bay onè. 3Alò, sèvitè a wa yo te di a Mardochée: “Poukisa w ap dezobeyi lòd a wa a?” 4Alò, li te rive ke lè yo te pale chak jou avèk li e li te refize koute yo, ke yo te pale Haman pou wè si koz a Mardochée a ta kanpe, paske li te di yo ke se yon Jwif li te ye. 5Lè Haman te wè ke Mardochée pa t bese ni ba li onè, Haman te ranpli avèk laraj. 6Men li pa t satisfè pou mete men l sou Mardochée sèl, paske yo te fè l konnen pèp Mardochée a. Konsa, Haman te chache detwi tout Jwif yo, pèp Mardochée a, ki te toupatou nan tout wayòm Assuérus la.

7Nan premye mwa ki se mwa Nisan an, nan douzyèm ane Wa Assuérus la, bagay Pur la, sa vle di tiraj osò a, te voye devan Haman jou apre jou e soti mwa apre mwa, jis rive nan douzyèm mwa a, sa vle di, mwa Adar la. 8Epi Haman te di a Wa Assuérus: “Genyen yon sèten pèp ki gaye toupatou pami pèp la nan tout pwovens nan wayòm ou an; lwa pa yo pa menm ak tout lòt pèp nan pwovens a wayòm ou an. Yo menm, yo pa swiv lwa a wa a, e konsa, li pa nan enterè a wa a pou kite yo rete la. 9Si se plezi a wa a, kite yon dekrè pibliye pou yo ta detwi, e mwen va peye di-mil talan ajan nan men a sila ki akonpli afè wa a, pou mete li nan kès a wa a.”

10Konsa, wa a te retire bag so li nan men l, e te bay li a Haman, fis a Hammedatha a, Agagit la, lènmi a Jwif yo. 11Wa a te di Haman: “Ajan an se pa w, ni pèp la, pou fè avèk yo sa ou pito.”

12Konsa, grefye a wa yo te rele nan trèzyèm jou nan premye mwa a, e li te ekri jan ke Haman te kòmande a reprezantan a wa a nan tout pwovens yo, a gouvènè ki te sou chak pwovens yo e a chèf a chak pèp, chak pwovens selon ekriti pa li, chak pèp selon langaj pa li, tout sa ekri nan non Wa Assuérus e sele avèk bag so a wa a. 13Lèt yo te voye pa mesaje wa yo nan tout pwovens a wa yo pou detwi, pou touye e anile tout Jwif yo, ni jèn, ni granmoun, fanm avèk timoun, nan yon sèl jou, nan trèzyèm jou a douzyèm mwa a, ki se mwa Adar la, e pou sezi tout byen pa yo kon piyaj. 14Yon kopi a dekrè a te dwe sikile kon lwa nan chak pwovens e te pibliye a tout pèp yo pou yo ta prepare pou jou sa a. 15Mesaje wa yo te sòti, ranfòse pa dekrè a wa a, pandan dekrè a te pibliye nan sitadèl Suse la. Wa a avèk Haman te chita ansanm pou bwè, men lavil Suse te twouble.

¿Sabías que…?

La conspiración de Amán contra los judíos

  • Amán es designado como agagueo, una descripción asociada con el título real de los amalecitas, enemigos tradicionales del pueblo judío. Como primer ministro recién ascendido por el rey Asuero, exigía un homenaje que Mardoqueo se negaba a rendir.Fuentes: Haman · el propio texto bíblico
  • En el primer mes, Nisán, Amán echó el Pur (la suerte) para determinar la fecha más propicia para llevar a cabo su plan de destrucción. La suerte cayó en el día trece del duodécimo mes, Adar, fijando la ejecución del decreto casi un año después.Fuentes: el propio texto bíblico
  • La administración imperial persa permitía que los decretos reales emitidos en la ciudadela de Susa se tradujeran a la escritura y al idioma de cada provincia y fueran distribuidos con rapidez por mensajeros en todo el imperio.Fuentes: el propio texto bíblico · Susa

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Susa · Hoy: Shush · 32.189, 48.258 · versículo 15

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.