Nations Bible

Eclesiastés 8

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Se kilès ki tankou nonm saj ki konnen sans a yon bagay? Sajès a yon nonm klere li e fè vizaj sevè li a vin briye.

2Mwen di: “Swiv lòd wa a akoz sèman ki te fèt devan Bondye a. 3Pa prese abandone lòd li. Pa jwenn ou menm nan yon move konbinezon, paske l ap fè nenpòt sa ki fè li plezi.” 4Akoz pawòl a wa a pote otorite, se kilès ki va di l: “Kisa w ap fè la a?” 5Sila ki swiv yon kòmand wayal pa jwenn twoub; paske yon kè saj konnen tan ak mwayen ki bon pou aji. 6Paske gen yon tan ak mwayen ki bon pou chak plezi, malgre pwoblèm moun an peze lou sou li. 7Si pa gen pèsòn ki konnen ki sa k ap vin rive, se kilès ki ka di li kilè li va rive. 8Nanpwen moun ki ka sèvi ak van pou anpeche van, ni ki gen otorite sou jou lanmò a; epi pa gen lese tonbe ni kite nan tan lagè, ni mal la kap fèt p ap delivre sila ki fè l yo.

9Tout sa mwen konn wè yo, e konn aplike panse m a tout zèv ki te fèt anba solèy la, kote moun sèvi otorite l sou lòt pou fè mal la. 10Konsa, mwen konn wè mechan yo antere, menm sila ki te konn antre sòti nan lye sen yo, e ase vit yo vin bliye nèt nan menm vil kote yo te aji konsa a. Sa tou, se vanite. 11Akoz jijman kont yon zak mechan pa rive ase vit; akoz sa, kè fis a lòm nan ki rete pami yo vin dedye nèt pou fè mal. 12Malgre yon pechè fè mal san fwa e mennen yon vi ki long, mwen toujou konnen ke sa prale byen pou sila ki gen lakrent Bondye yo, ki gen lakrent devan L yo. 13Men, sa pa prale byen pou moun mechan an, e li p ap pwolonje jou li yo tankou yon lonbraj, paske li pa gen lakrent Bondye.

14Gen yon vanite ki fèt sou latè, sa vle di, gen moun dwat ki vin viktim a mechan yo. Yon lòt kote, gen moun mechan an ki vin tonbe akoz zèv moun dwat yo. Mwen di sa anplis se vanite. 15Pou sa, mwen te rekòmande plezi; paske, pa gen anyen pou yon nonm anba solèy la fè sof ke manje, bwè, e fè plezi; epi sa va fè l kanpe nan travay di li diran tout jou lavi, ke Bondye te bay li anba solèy la.

16Lè mwen te bay kè m pou aprann sajès ak pou m wè tach ki te konn fèt sou tè a, (malgre sa ta fè yon moun pa janm dòmi ni lajounen, ni lannwit), 17konsa, lè mwen te wè tout zèv Bondye te fè, mwen te vin aprann ke lòm p ap kapab dekouvri travay ki te konn fèt anba syèl la. Malgre lòm ta chache ak tout dilijans, li p ap twouve li. Malgre yon nonm saj ta di: “Mwen konnen”, li p ap ka dekouvri li.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Sabiduría Frente al Poder y la Injusticia

  • El autor aconseja prudencia ante la autoridad real, señalando que la palabra del rey es soberana y que él actúa según su voluntad. Se aconseja obedecer sus mandatos por causa del juramento ante Dios, sabiendo discernir el momento y el modo adecuados de actuar.Fuentes: el propio texto bíblico
  • El texto reflexiona sobre la justicia demorada, indicando que cuando una sentencia no se ejecuta con rapidez, el corazón humano se inclina más hacia el mal. También señala la anomalía desconcertante de que a veces los justos reciben el destino de los malvados y los malvados el de los justos.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Al evaluar el empeño por entender los designios del mundo, se concluye que ningún ser humano, por sabio que sea o por mucho que investigue de día y de noche, puede comprender por completo la obra de Dios bajo el sol.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.