Eclesiastés 5
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Veye pa ou yo pandan w ap desann lakay Bondye a, e vin toupre pou koute olye ofri sakrifis a moun ensanse yo. Paske yo pa konnen ke se mal y ap fè. 2Pa fè vit avèk pawòl ou, ni kouri twò vit pou soulve yon refleksyon devan prezans Bondye. Paske Bondye nan syèl la, e ou sou tè a; pou sa pa kite pawòl ou yo vin anpil. 3Paske rèv la vin akonpli ak anpil travay; e vwa a yon moun ensanse, ak anpil pawòl. 4Lè ou fè yon ve a Bondye, pa fè reta pou peye l; paske li pa pran plezi nan moun ki plen foli. Peye sa ou te pwomèt la! 5Li pi bon pou pa fè ve pase fè yon ve pou pa peye l. 6Pa kite pawòl ou yo fè ou fè peche, e pa di nan prezans a mesaje Bondye a ke ou te mal pale. Poukisa Bondye ta dwe vin fache akoz vwa ou, e detwi tout zèv men ou yo? 7Paske nan fè anpil rèv ak nan anpil pawòl, gen yon gwo vid. Pito gen lakrent Bondye.
8Si ou wè malere a vin oprime e pa gen lajistis nan pwovens yo, pa sezi lè ou wè l. Paske gen chèf sou chèf, e gen chèf pi wo sou yo. 9Apre tout bagay, yon wa ki kiltive latè se yon avantaj pou peyi a.
10Sila ki renmen lajan an p ap satisfè ak lajan; ni sila ki renmen richès la ak sa li reyisi. Sa anplis se vanite. 11Lè bon bagay ogmante, sila ki manje yo ogmante. Konsa, pa gen lòt avantaj pou mèt yo, sof ke kanpe veye?
12Dòmi a ouvriye a dous, kit li manje piti oswa anpil; men vant plen a moun rich la p ap kite l dòmi.
13Gen yon gwo mechanste ke m konn wè anba solèy la: richès sere pa mèt li jiskaske li rive donmaje pwòp tèt li. 14Lè richès sa yo te pèdi akoz yon move envestiman, e li vin papa a yon fis; alò, nanpwen anyen pou ba li. 15Kon li soti nan vant manman li toutouni an; se konsa li va retounen jan li te sòti a. Li p ap pote anyen nan men l kon fwi travay li. 16Sa anplis se yon gwo malè—menm jan yon nonm fèt la, se konsa l ap mouri. Alò, kote avantaj pou sila k ap travay di nan van an? 17Pandan tout lavi li, li manje nan tenèb ak gwo chagren, maladi ak kòlè.
18Men sa mwen konn wè ki bon e ki pwòp pou moun fè a: manje, bwè e fè kè kontan nan tout travay ke li fè anba solèy la, pandan ti tan kout ke Bondye ba li a. Paske se sa ki rekonpans li. 19Anplis, menm jan pou tout moun ke Bondye te bay richès ak byen yo, anplis Li te bay li kapasite pou manje ladann yo e rejwi nan travay li. Sa se don Bondye a. 20Konsa, se pa souvan ke moun nan va konsidere ane lavi li yo, paske Bondye kenbe l okipe tout tan ak rejwisans kè li.

¿Sabías que…?
Reverencia, justicia y los límites de la riqueza
- El autor advierte contra las palabras apresuradas en el culto, recordando a los adoradores que Dios está en el cielo mientras los mortales están en la tierra. Los votos hechos a Dios se consideraban compromisos serios; el texto advierte que demorar o incumplir un voto es una necedad, por lo que es preferible no hacer votos que prometer y no cumplir.Fuentes: el propio texto bíblico
- Al abordar la injusticia y la opresión de los pobres en una provincia, el autor señala la burocracia gubernamental estratificada, donde cada funcionario es supervisado por una autoridad superior. A pesar de esta jerarquía administrativa, todos los niveles, incluido el rey, dependen en última instancia de los frutos del campo.Fuentes: el propio texto bíblico
- El capítulo contrasta el insomnio inquieto de los ricos con el sueño dulce del trabajador común, señalando que el afán por las riquezas no produce una satisfacción duradera. El verdadero contento surge cuando la persona acepta su porción y disfruta de la comida, la bebida y el trabajo honesto como dones de Dios.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org