Eclesiastés 10
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Mouch mouri bay
lwil pafen yon move odè;
Se konsa yon ti kras foli gen pouvwa
pou depase sajès ak respè.
2Kè a yon moun saj mennen li adwat,
men kè a moun san konprann nan
mennen l agoch.
3Menm lè ensanse a mache nan lari
li manke bon tèt.
Li montre tout moun ke
se moun fou li ye.
4Si kòlè a wa a vin monte kont ou,
pa abandone pozisyon ou;
paske rete kalm ka evite gwo ofans.
5Gen yon mal mwen konn wè anba solèy la, tankou yon fot ki sòti nan sila k ap gouvène a—— 6Foli plase nan anpil kote byen wo pandan rich yo chita kote ki ba. 7Mwen konn wè esklav ki monte sou cheval ak prens k ap mache atè tankou esklav. 8Sila ki fouye fè yon twou ka byen tonbe ladann, e yon sèpan ka mòde gèrye a ki kraze yon miray. 9Sila ki taye wòch yo ka blese ladann, e sila ki fann gwo bout bwa a kapab an danje. 10Si rach la pa gen tay, e li pa file pwent li; alò, li va egzije plis fòs. Avantaj a sajès se reyisi!
11Si sèpan an mòde avan li vin chame, nanpwen pwofi. 12Pawòl ki soti nan bouch sila ki saj la plen ak gras, men pawòl a moun ensanse a fin manje l nèt; 13Kòmansman diskou ensanse a se foli, e fen diskou li se plen mechanste ak betiz. 14Malgre tout sa, moun ensanse a ogmante pawòl li yo.
Pèsòn pa konnen sa ki va rive, e kilès kab di li sa ki va rive apre li. 15Zèv a moun ensanse a tèlman fatige l, ke li pa konnen kijan pou li rive nan vil la.
16Malè a ou menm, O peyi ki gen jenn ti gason kon wa;
ak prens yo k ap fè fèt granmaten.
17Beni se ou menm, O peyi ki gen yon fis byen prepare kon wa a
ak prens ki manje nan pwòp lè yo, pou bay fòs,
e non pou fè banbòch vin sou.
18Akoz parès ak neglijans, twati a vin pann,
e nan enpridans kay la vin koule.
19Yon gwo tab manje fèt pou yo rejwi yo,
diven pou fè kè kontan;
epi lajan se repons pou tout bagay.
20Anplis, nan chanm a kouche ou, pa bay wa a madichon;
e nan chanm a kouche ou, pa bay yon moun rich madichon.
Paske yon zwazo syèl la ka pote bri a,
e sa ki gen zèl yo ka fè yo konnen bagay la.

¿Sabías que…?
Sabiduría, Necedad y Gobierno
- El capítulo emplea imágenes de la vida cotidiana antigua —como moscas muertas que arruinan el perfume, serpientes en grietas de muros de piedra y hachas sin filo que exigen más esfuerzo físico— para mostrar cómo pequeños errores o la falta de destreza pueden echar a perder grandes esfuerzos.Fuentes: el propio texto bíblico
- El autor contrasta el buen y el mal liderazgo, señalando que una nación sufre cuando su rey es inexperto y sus príncipes banquetean por la mañana en lugar de gobernar con templanza.Fuentes: el propio texto bíblico
- La advertencia de que un ave del cielo podría llevar las palabras pronunciadas contra un gobernante en la alcoba privada refleja el conocimiento antiguo sobre espías en la corte y el riesgo político de las palabras imprudentes.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org