Deuteronomio 25
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1“Si gen yon konfli antre de mesye, epi yo ale devan tribinal lan pou jij yo deside ka yo, yo gen pou jistifye sila ki gen ladwati a, e kondane sila ki mechan an. 2Konsa, li va rive ke si nonm ki mechan an, merite bat, jij la va fè li kouche, e fè bat li nan prezans li avèk fòs kantite kou ki koresponn avèk koupabilite li a. 3Li kapab bat li karant fwa, men pa plis, jis pou li pa bat li avèk plis kou ke sa, epi frè nou an pa vin degrade nan zye nou.
4“Nou pa pou mare bouch a bèf la pandan l ap travay moulen an.
5“Lè frè yo viv ansanm, youn nan yo mouri e li pa gen fis, madanm a sila ki mouri an p ap marye deyò fanmi an ak yon lòt mesye. Frè mari li a va antre nan li, epi pran li pou li menm kòm madanm pou fè devwa a yon frè mari a pou li. 6Li va rive ke premye ne ke li fè a, li va pran non a frè mouri an, pou non li pa efase soti an Israël.
7“Men si nonm nan pa vle pran madanm frè li a, alò, madanm frè li a va monte vè pòtay kote ansyen yo e di: ‘Frè mari mwen an refize etabli yon non pou frè li an Israël. Li pa dakò pou fè devwa a frè mari mwen.’ 8Alò, ansyen a vil li yo va voye li pale avèk li menm frè a. Epi si li pèsiste e li di: ‘Mwen pa vle pran li,’ 9alò, madanm frè li a va vin vè li devan zye a ansyen yo, li va retire sandal li nan pye li, ekrache nan figi li; epi li va deklare: ‘Se konsa sa fèt a mesye ki pa bati kay frè li.’ 10An Israël, non li va rele: “Lakay a sila yo retire sapat la”.
11“Si de mesye, yon mesye avèk yon sitwayen parèy li ap lite ansanm, si madanm nan prè pou livre mari li a sila ki ap frape li a, e lonje men l pou sezi pati jenital li, 12alò, nou va koupe men li. Nou pa pou gen pitye pou li menm.
13“Nou pa pou pote nan sak nou plizyè kalite pwa balans, yon gwo avèk yon piti. 14Nou pa pou genyen lakay nou plizyè kalite mezi, yon gwo avèk yon piti. 15Nou va gen yon pwa balans ki bon e ki jis. Nou va gen yon mezi ki bon e ki jis, jis pou jou nou yo kapab pwolonje nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an bannou an. 16Paske tout moun ki fè bagay sa yo, tout moun ki aji avèk enjistis abominab a SENYÈ a, Bondye nou an.
17“Sonje sa ke Amalec te fè nou pandan nou te nan chemen pou sòti an Égypte la, 18kijan li te rankontre nou nan chemen an e te atake pami nou tout sila ki rete dèyè yo lè nou te fatige e san fòs la. Li pa t krent Bondye.
19“Pou sa, li va vin rive ke lè SENYÈ a, Bondye nou an, vin bannou repo de tout lènmi ki antoure nou yo, nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou kòm eritaj pou posede a, nou va efase memwa a Amalec soti anba syèl la. Nou pa pou bliye sa.
¿Sabías que…?
Justicia, Linaje Familiar y Memoria
- Los azotes judiciales estaban estrictamente limitados a un máximo de cuarenta golpes. La restricción buscaba evitar una humillación excesiva y asegurar que el infractor no fuera envilecido ante la comunidad.Fuentes: el propio texto bíblico
- La costumbre del matrimonio de levirato exigía que un hombre se casara con la viuda sin hijos de su hermano fallecido para preservar su nombre y heredad. Si él se rehusaba, la viuda le quitaba públicamente la sandalia y le escupía en el rostro ante los ancianos en la puerta de la ciudad.Fuentes: el propio texto bíblico
- Los amalecitas eran una tribu pastoral nómada que habitaba la región árida al sur de Canaán. Se ordenó a Israel borrar la memoria de Amalec porque atacaron a los rezagados exhaustos en la retaguardia del pueblo durante su travesía desde Egipto.Fuentes: el propio texto bíblico · Amalek
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org