Deuteronomio 22
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1“Nou pa pou wè bèf a vwazen parèy nou, oswa mouton k ap pati, pou nou pa okipe yo. Anverite, nou va mennen yo retounen bay vwazen parèy nou an. 2Si vwazen nou an pa pre nou, oswa nou pa konnen li, alò, nou va mennen li lakay nou, e li va rete la jiskaske vwazen nou vin chache li, pou nou remèt li a li menm. 3Konsa, nou va fè avèk bourik li. Nou va fè menm jan an avèk manto li. Nou va fè menm jan an avèk nenpòt bagay ke li pèdi lè nou twouve l. Ou pa gen dwa neglije bagay sa yo.
4“Nou pa pou wè bourik, ni bèf a vwazen nou ki tonbe nan chemen, pou nou pa okipe yo. Anverite, nou va ede li leve yo.
5“Yon fanm pa pou mete rad gason, ni gason mete rad fanm. Lè yon moun fè bagay sa a, yo abominab a SENYÈ Bondye nou an.
6“Si nou vin jwenn yon nich zwazo akote chemen an, nan nenpòt pyebwa oswa atè, avèk ti jèn zwazo yo oswa ze yo, epi manman an chita sou ti zwazo oswa sou ze yo, nou pa kapab pran manman an ansanm avèk ti jèn zwazo yo. 7Nou va, anverite, kite manman an sòti lib. Men jèn ti zwazo yo, nou kapab pran yo pou nou menm, pou sa kapab byen pou nou e pou nou kapab viv pandan anpil jou.
8“Lè nou bati yon kay tounèf, nou va fè yon balistrad ki antoure tèras twati a pou nou pa vin koupab de san si yon moun ta vin tonbe.
9“Nou pa pou plante chan rezen an avèk de kalite semans; oswa, tout pwodwi ki sòti nan sa nou plante a, ak pwodwi chan rezen an, va vin gate.
10“Nou pa pou raboure avèk yon bèf ak yon bourik ansanm.
11“Nou pa pou mete twal ki mele len avèk twal fen tankou koton ansanm. 12Nou va fè ponpon nan kat kwen vètman ki kouvri nou yo.
13“Si yon nonm pran yon madanm pou ale sou kabann avèk li, epi pita li vin vire kont li 14pou l akize li de zak k ap gate repitasyon li, pou l di: ‘Mwen te pran fanm sa a, men lè m te pwoche l, mwen pa t twouve li vyèj,’ 15alò, papa avèk manman fi a va pran li e prezante temwayaj prèv ke li te vyèj bay ansyen lavil yo devan pòtay la. 16Papa a fi a va di a ansyen yo: ‘Mwen te bay pitit mwen a mesye sila a kòm madanm, men li te vire kont li. 17Konsa, veye byen, li te akize li a zak ki gate repitasyon li. Li te di: “Mwen pa t twouve fi nou an vyèj.” Men temwayaj vijinite li.’ Yo va ouvri vètman an devan ansyen lavil la. 18Konsa, ansyen yo va pran nonm nan pou ba li chatiman. 19Konsa, yo va fè l peye san sik an ajan, pou bay a papa fi a, akoz li te fè difamasyon piblikman sou yon fi an Israël. Epi konsa, li va rete toujou kòm madanm li. Li p ap ka divòse ak li pandan tout jou li yo.
20“Men si akizasyon sa a vrè, ke fi a pa t vyèj, 21alò, yo va mennen fi a deyò pòtay lakay papa l la, epi mesye lavil yo va lapide li jiskaske li mouri akoz li te komèt yon betiz lèd an Israël, lè l te fè pwostitisyon lakay papa l la. Konsa, nou va retire mal la pami nou.
22“Si yo twouve yon nonm kouche avèk yon fanm ki marye, alò, yo toude va mouri, nonm ki te kouche avè l la, ansanm ak fanm nan. Konsa, nou va retire mal la sou Israël.
23“Si gen yon fi ki vyèj ki fiyanse ak yon nonm, epi yon lòt mesye twouve li nan vil la, e kouche avèk li, 24alò, nou va mennen yo toude deyò pòtay vil sa a, epi nou va lapide yo ak kout wòch jiska lanmò. Fi a, akoz li pa t kriye fò nan vil la, e mesye a, akoz li te vyole fanm vwazen li an. Konsa, nou va retire mal la pami nou.
25“Men si se nan chan deyò ke mesye a vin jwenn fi ki fiyanse a; epi mesye a fòse li kouche avèk li; alò, sèlman mesye ki kouche avèk li a, va mouri. 26Men nou p ap fè fi a anyen. Nanpwen peche nan fi a ki merite lanmò; paske menm jan ke yon nonm leve kont vwazen li pou touye li a, se konsa ka sa a ye. 27Lè li te twouve li nan chan an, fi fiyanse a te kriye fò, men li pa t gen pèsòn la pou sove l.
28“Si yon nonm twouve yon fi ki vyèj, ki pa fiyanse, epi sezi li pou kouche avèk li, e li vin dekouvri , 29alò, mesye ki te kouche avè l la, va bay papa fi a senkant sik an ajan. Konsa, li va devni madanm li akoz li te imilye li. Li pa kapab divòse ak li pandan tout jou li yo. 30Yon gason pa pou pran madanm a papa li. Li pa pou dekouvri jip papa l.

¿Sabías que…?
Responsabilidad comunitaria y conducta social
- Deuteronomio 22 exige a los israelitas cuidar de los animales perdidos o caídos de su prójimo en lugar de ignorarlos. También ordena construir un parapeto alrededor de la azotea de una casa nueva para prevenir caídas accidentales y evitar la culpa de derramar sangre sobre la familia.Fuentes: el propio texto bíblico
- El capítulo incluye varias prohibiciones específicas contra la mezcla de diferentes categorías, como sembrar una viña con dos tipos de semilla, arar con un buey y un asno uncidos juntos o vestir prendas tejidas de lana y lino combinados.Fuentes: el propio texto bíblico
- Las disputas legales y las acusaciones matrimoniales se presentaban ante los ancianos en la puerta de la ciudad para su juicio. Al evaluar casos de agresión, la ley distinguía entre lo sucedido en la ciudad, donde la víctima podía clamar por ayuda, y en el campo abierto, donde no había quien la rescatara.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org