Nations Bible

Deuteronomio 19

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1“Lè SENYÈ a, Bondye nou an, koupe retire nasyon yo, pou bannou tè pa yo a, pou nou deplase yo pou nou vin rete nan vil yo ak nan kay yo, 2“Nou va mete akote twa vil pou nou menm nan mitan peyi nou an, ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou pou posede a. 3Nou va prepare wout pou nou menm, e divize an twa pati tèritwa a peyi ke SENYÈ a va bannou kòm posesyon an, jis pou nenpòt moun ki touye moun kapab sove ale ladann.

4“Men sa se kondisyon ka a moun ki kapab sove ale rive la pou viv: Lè li vin touye zanmi li san entansyon eksprè, san ke li pa t rayi li avan—— 5tankou lè yon nonm antre nan forè avèk zanmi li pou koupe bwa, epi men li voye rach la pou koupe bwa a, fè tèt fè a vin pati pou l frape zanmi li an, e li mouri—-li kapab sove ale nan youn nan vil sa yo pou viv. 6Otreman, vanjè san an ta petèt kouri dèyè sila ki touye moun nan, epi nan chalè kòlè li, rankontre l akoz distans lan twòp, e pran lavi li, malgre li pa t merite mouri, akoz ke li pa t rayi li avan. 7Pou sa, mwen kòmande nou, e di: ‘Nou va mete apa twa vil pou nou menm.’

8“Si SENYÈ, Bondye nou an, fè tèritwa nou an vin pi gran, jan li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou tout tè ke li te pwomèt pou bay zansèt nou yo; 9epi si nou fè atansyon pou swiv tout kòmandman sa ke mwen kòmande nou jodi a yo, pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e mache nan vwa pa Li pou tout tan—-alò, nou va ogmante anplis twa vil ankò pou nou menm. 10Jis pou san inosan pa vèse nan mitan tèritwa nou an, ke SENYÈ a bannou kòm eritaj la, e pou koupabilite san an pa vin rete sou nou.

11“Men si vin gen yon nonm ki rayi vwazen li, li kouche an kachèt pou li, li leve kont li pou frape li jiskaske li vin mouri, e li sove ale rive nan youn nan vil sa yo, 12alò, ansyen nan vil li yo va voye pran li soti la. Konsa, yo va livre li nan men vanjè san an, pou li kapab mouri. 13Nou pa pou gen pitye pou li, men nou gen pou fè netwayaj san inosan an soti an Israël pou sa kapab ale byen pou nou.

14“Nou pa pou deplase lizyè tè vwazen nou, ke zansèt yo te etabli kòm eritaj nou ke SENYÈ Bondye nou an, ap bannou pou posede.

15“Yon sèl temwen pa kapab leve kont yon moun sou koz nenpòt inikite oswa peche ke li te fè. Sou temwayaj a de oswa twa temwen, yo kapab konfime yon ka.

16“Si yon temwen malveyan leve kont yon nonm pou akize li kòm malfektè, 17alò, tou de moun ki gen dispit yo, va kanpe devan SENYÈ a, devan prèt avèk jij ki ofisye nan jou sa yo.

18“Jij yo va fè ankèt konplè; epi si temwayaj la se yon fo temwayaj, e li te fè fo temwayaj kont frè l, 19alò, nou va fè li menm bagay ke li t ap fè rive a frè li a. Konsa, nou va netwaye mechanste fèt pami pèp nou an. 20Lòt yo va tande, vin gen krentif, e yo p ap janm fè ankò yon bagay mechan konsa pami nou. 21Konsa, zye nou p ap gen pitye: vi pou vi, zye pou zye, dan pou dan, men pou men, pye pou pye.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Ciudades de refugio, linderos y justicia imparcial

  • La ley ordenaba a Israel apartar tres ciudades de refugio y construir caminos de acceso a través de tres regiones de la tierra. Estas ciudades permitían que alguien que matara a su prójimo por accidente, como cuando la hoja de un hacha se desprende del mango, huyera a salvo del vengador de la sangre.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Estaba estrictamente prohibido mover los linderos antiguos colocados por los antepasados. Estas marcas delimitaban las tierras heredadas por cada familia, y moverlas equivalía a apoderarse injustamente de la propiedad del prójimo.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Para evitar acusaciones falsas, un solo testigo no bastaba para condenar a nadie por un delito; se requería el testimonio de dos o tres testigos. Si los sacerdotes y jueces comprobaban que un testigo había mentido con malicia, se le imponía exactamente el mismo castigo que él pretendía para el acusado.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.