Deuteronomio 16
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1“Obsève mwa Abib lan pou selebre Pak a SENYÈ a, Bondye nou an; paske nan mwa Abib lan, SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou sòti an Égypte nan nwit lan. 2Nou va fè sakrifis Pak a SENYÈ a, Bondye nou an, soti nan bann mouton avèk twoupo a, kote SENYÈ a chwazi pou etabli non Li an.
3“Nou p ap manje pen ak ledven avè l. Sèt jou, nou va manje nan li pen san ledven, pen afliksyon an (paske nou te sòti nan peyi Égypte la prese prese), pou nou kab sonje tout jou sa a tout lavi nou, jou ke nou te sòti nan peyi Égypte la. 4Pandan sèt jou, p ap gen ledven k ap parèt pami nou nan tout tèritwa nou yo; ni okenn nan chè ke nou sakrifye nan aswè premye jou a, p ap rete tout nwit lan pou rive maten.
5“Nou pa kapab fè sakrifis Pak la nan nenpòt nan vil ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou yo, 6men kote SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi pou etabli non Li an, nou va fè sakrifis Pak la nan aswè, nan lè solèy kouche, nan menm lè jou ke nou te sòti an Égypte la. 7Nou va kwit e manje li nan plas ke SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi a. Nan maten, nou va retounen nan tant yo. 8Sis jou, nou va manje pen san ledven an. Konsa, nan setyèm jou a, va genyen yon konvokasyon solanèl a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou fè okenn travay nan li.
9“Nou va kontwole sèt semèn pou kont nou. Nou va kòmanse konte sèt semèn yo soti nan lè nou kòmanse mete kouto nan grenn sereyal la. 10Epi nou va selebre Fèt Semèn a SENYÈ yo, Bondye nou an, avèk don a yon ofrann bòn volonte nan men nou, ke nou va bay selon jan SENYÈ a beni nou. 11Konsa, nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè avèk sèvant nou yo, Levit ki nan vil nou an, e etranje avèk òfelen ak vèv ki nan mitan nou yo, nan kote ke SENYÈ Bondye nou an, chwazi pou etabli non Li an. 12Nou va sonje ke nou te esklav an Égypte, e nou va fè atansyon pou obsève tout lwa sa yo.
13“Nou va selebre Fèt Tonèl yo sèt jou apre nou fin fè antre, tout grenn jaden ak sitèn diven an. 14Nou va rejwi nan fèt nou, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant nou yo, Levit la ak etranje a, òfelen ak vèv ki nan vil nou yo. 15Sèt jou, nou va selebre yon fèt a SENYÈ a, Bondye nou an, kote ke SENYÈ a chwazi a, akoz SENYÈ Bondye nou an, va beni nou nan rekòlt nou yo ak nan tout travay men nou yo, pou nou kab vin ranpli nèt avèk jwa.
16“Twa fwa pa ane, tout mal nou yo va parèt devan SENYÈ, Bondye nou an, kote Li chwazi a, nan Fèt Pen San Ledven an, nan Fèt Semèn yo, nan Fèt Tonèl yo, e yo p ap parèt devan SENYÈ a men vid. 17Chak moun va bay jan li kapab, selon benediksyon SENYÈ a, te bannou an.
18“Nou va chwazi pou nou menm jij avèk ofisye nan tout vil ke SENYÈ, Bondye nou an, ap bannou yo, selon tribi yo, e yo va jije pèp la avèk jijman ki dwat. 19Nou p ap tòde jistis la. Nou p ap fè patipri, e nou p ap pran anyen anba tab; paske afè anba tab avegle zye a saj yo, e pèvèti pawòl a sila ki dwat yo. 20Lajistis e se sèl lajistis nou va swiv, pou nou kapab viv e posede peyi ke SENYÈ, Bondye nou an, ap bannou an.
21“Nou pa pou plante pou kont nou yon Ashera, ni okenn kalite pyebwa akote lotèl SENYÈ a, Bondye nou an, ke nou va fè pou tèt nou. 22Nou pa pou etabli pou kont nou okenn wòch sakre ke SENYÈ Bondye nou an, rayi.

¿Sabías que…?
Fiestas Señaladas y Recta Justicia
- Deuteronomio establece tres fiestas anuales de peregrinación: la Fiesta de los Panes sin Levadura (Pascua), la Fiesta de las Semanas y la Fiesta de los Tabernáculos. En estas ocasiones, los varones de Israel debían presentarse ante Dios no en sus ciudades locales, sino en el lugar central elegido como morada para Su Nombre.Fuentes: el propio texto bíblico
- Las celebraciones de la Fiesta de las Semanas y de los Tabernáculos incluían de forma explícita a los sectores vulnerables de la sociedad, como siervos, levitas, extranjeros, huérfanos y viudas. Este regocijo comunitario recordaba la liberación de la esclavitud en Egipto.Fuentes: el propio texto bíblico
- Junto con las asambleas religiosas, el texto ordena nombrar jueces y oficiales en cada ciudad. Se les prohibía aceptar sobornos o mostrar favoritismo, fijando el mandato de buscar únicamente la justicia en toda la tierra.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org