Daniel 7
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Nan premye ane Belschatsar, wa Babylone nan, Daniel te fè yon rèv ak vizyon nan panse li, sou kabann li. Epi li te ekri rèv la e te rakonte bagay prensipal yo.
2Daniel te di: “Mwen t ap gade nan vizyon mwen pandan nwit lan; epi vwala kat van syèl yo t ap boulvèse gwo lanmè a. 3Epi kat gran bèt t ap monte soti nan lanmè a, youn pa t sanble lòt.
4“Premye a te tankou yon lyon e li te gen zèl a èg. Mwen te gade jiskaske plim li yo te vin rache, epi li te leve kite tè a ,pou l te fèt vin kanpe sou de pye kon yon moun. Anplis, li te resevwa kè a yon moun.
5“Konsa, vwala, yon lòt bèt, yon dezyèm, ki te sanble ak yon lous. Li te vin leve nan yon bò e twa zo kòt te nan bouch li nan dan li. Konsa, yo te di a li: ‘Leve, devore anpil vyann!’
6“Apre sa, mwen te kontinye gade e vwala, yon lòt tankou yon leyopa, ki te gen sou do li kat zèl a yon zwazo. Bèt sa, anplis, te gen kat tèt, e dominasyon te vin bay a li menm.
7“Apre sa, mwen te kontinye gade nan vizyon nwit lan e vwala, yon katriyèm bèt, byen tèrib, pwisan e fò depase. Li te gen gwo dan fèt an fè. Li te devore, kraze e foule tout sa ki te rete anba pye li. Li te diferan de tout lòt bèt ki te parèt avan li yo. Li te gen dis kòn.
8“Pandan mwen t ap reflechi sou kòn yo, vwala yon lòt kòn, yon ti piti, te vin leve pami yo, e twa nan premye kòn yo te rache pa rasin yo. Epi vwala, kòn sila a te gen zye tankou zye a moun, e yon bouch ki te eksprime anpil bagay ak gwo awogans.
9“Mwen te kontinye gade jiskaske twòn yo te vin plase.
Epi youn ki te Ansyen de Jou Yo te chita.
Abiman Li te tankou lanèj blan,
e cheve nan tèt Li te tankou lenn san tach.
Twòn Li te briyan akoz flanm yo,
e wou li yo te yon dife ki t ap brile.
10Yon rivyè dife t ap koule pou l vin parèt devan L;
Milye dè milye t ap okipe L.
Di-mil fwa di-mil te kanpe devan L.
Jijman an te etabli.
Liv yo te vin ouvri.
11“Alò, mwen te kontinye gade, akoz son a pawòl awogan ke kòn nan t ap pale yo. Mwen te kontinye gade jiskaske bèt la te vin touye, kò l te detwi, e li te vin bay a dife ki t ap brile a. 12Pou tout lòt bèt yo, dominasyon yo te vin retire, men yo te resevwa yon pwolongasyon lavi pandan yon sezon ak pandan yon tan.
13“Mwen te kontinye gade nan vizyon nwit lan, epi vwala, la te vini ak nwaj syèl yo, yon moun tankou yon Fis a Lòm t ap vini; epi Li te vin parèt devan Ansyen A Jou Yo e te fè l vin prè. 14A li menm, Li te bay dominasyon, glwa a, ak yon wayòm, pou tout pèp, nasyon ak lang yo ta ka sèvi Li. Dominasyon Li an se yon dominasyon k ap dire jis pou tout tan, ki p ap janm fini. Epi wayòm Li an se yon wayòm ki p ap detwi.
15“Pou mwen menm, Daniel, lespri mwen te twouble anndan mwen, e vizyon nan panse m yo te kontinye ban m gwo laperèz. 16Mwen te pwoche youn nan sila ki te kanpe akote yo, e te kòmanse mande li kisa tout sa te vle di.
“Konsa, li te eksplike mwen e te fè m konnen byen dirèk entèpretasyon a tout bagay sa yo. 17‘Gwo bèt sila yo, ki se kat yo, se kat wa ki va leve soti nan tè a. 18Men sen a Sila Ki Pi Wo yo, va resevwa wayòm nan, e va posede wayòm nan jis pou tout tan, pou tout laj ki gen pou vini yo.’
19“Epi mwen te dezire konnen kisa Katriyèm bèt la te sinyifi, ki pa t menm jan ak lòt bèt yo, te vrèman tèrib, ak dan li an fè, e grif li an bwonz, ki te devore, kraze e foule rès la anba pye li; 20epi kisa dis kòn sou tèt li yo ak lòt kòn ki te vin leve a te sinyifi, e devan sila twa nan yo te tonbe a, menm kòn ki te gen zye ak bouch ki te pi dyanm nan aparans ke parèy li yo. 21Mwen te kontinye gade; kòn sa a t ap fè lagè ak fidèl yo, e te enpoze li sou yo. 22Jiskaske Ansyen A Jou Yo te vini, epi jijman an te fèt nan favè a sen a Sila Ki Pi Wo a e lè a te rive pou sen yo te pran posesyon a wayòm nan.
23“Konsa, li te di: ‘Katriyèm bèt la va yon katriyèm wayòm sou latè, ki va apa de tout lòt wayòm yo. Li va devore tout latè, mache sou li e kraze li an mòso. 24E pou dis kòn yo, sòti nan wayòm sa a, dis wa va leve. Konsa, yon lòt va leve apre yo, li p ap menm jan ak lòt ki te avan yo, e li va kraze twa wa yo. 25Li va pale kont Pi Wo a, li va epwize sen a Sila Ki Pi Wo a, epi li va gen entansyon pou fè chanjman nan tan ak lwa yo. Yo va vin livre nan men li pandan yon tan ak tan yo, ak yon mwatye tan.
26“‘Men jijman an va etabli. Dominasyon li an va rache, anile e detwi jis pou tout tan. 27Epi wayòm a dominasyon an, ak grandè a tout wayòm yo anba tout syèl la va vin livre a pèp a sen a Pi Wo yo. Wayòm Li an, yon wayòm k ap dire jis pou tout tan e tout dominasyon yo va sèvi e obeyi Li.’
28“Se konsa bagay la te fini. Pou mwen menm, Daniel, refleksyon mwen yo te twouble m anpil anpil, e figi m te vin pal; men mwen te kenbe bagay la nan kè m.”

¿Sabías que…?
La visión de Daniel de las cuatro bestias
- Daniel recibió esta visión durante el primer año de Belsasar, el último rey de Babilonia. La antigua capital imperial estaba ubicada a orillas del río Éufrates, en Mesopotamia.Fuentes: el propio texto bíblico · Belshazzar · Babylon
- El capítulo describe cuatro bestias monstruosas que surgen de un mar agitado por los vientos, interpretadas a Daniel como cuatro reinos terrenales sucesivos que surgirían antes del establecimiento de un reino divino eterno.Fuentes: el propio texto bíblico
- Tras contemplar la visión de las bestias y la escena del tribunal donde uno semejante a un Hijo del Hombre recibe dominio eterno, Daniel registró el sueño mientras se sentía profundamente turbado y visiblemente pálido.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Babylon · 32.543, 44.422 · versículo 1
- Great Sea · Hoy: Mediterranean Sea · 31.805, 34.170 · versículo 2
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org