Colosenses 4
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Mèt yo, bay esklav nou yo sa ki jis e rezonab, epi konnen ke nou osi gen yon Mèt nan syèl la.
2Konsakre nou menm a lapriyè. Rete vijilan nan li avèk yon atitid remèsiman. 3Priye an menm tan pou nou menm osi, pou Bondye kapab ouvri pou nou yon pòt pou pawòl la, pou nou kapab pwoklame mistè a Kris la, akoz se pou li menm, mwen menm osi gen tan anprizone, 4pou m kapab fè li klè nan fason ke m ta dwe pale a.
5Kondwi tèt nou avèk sajès anvè moun deyò yo, pou fè plis ke posib avèk tan an. 6Ke pawòl nou yo toujou ranpli ak gras, kòmsi yo te asizonnen avèk sèl, pou nou kapab konnen jan pou nou reponn a chak moun.
7Pou tout afè mwen yo, Tychique, frè byeneme, sèvitè fidèl ak sèvitè-atache parèy m nan Senyè a, va pote enfòmasyon bannou. 8Paske mwen gen tan voye li kote nou eksprè pou rezon sa a, pou nou kapab konnen sikonstans nou yo e pou li kapab ankouraje kè nou. 9Epi avèk li Onésime, frè byeneme e fidèl nou an, ki se youn nan nou. Yo va enfòme nou sou tout sitiyasyon an isit la.
10Aristarque, prizonye parèy a mwen an, voye salitasyon bannou; ak Marc, kouzen a Barnabas la, (se sou li, nou te resevwa enstriksyon yo; si li vin kote nou, resevwa l byen). 11Anplis, Jésus ke yo rele Justus la. Sa yo se sèl ouvriye pou wayòm Bondye ki sòti nan sikonsizyon an, e yo te ankouraje mwen anpil.
12Épaphras, ki se youn nan nou, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, voye salitasyon bannou. Li ap toujou batay rèd pou nou nan priyè li yo, pou nou kapab kanpe konplè e byen asire nan tout volonte Bondye a. 13Paske mwen fè temwayaj li, ke li gen yon gwo sousi pou nou ak pou sila ki Laodicée ak Hiérapolis yo. 14Luc, doktè byeneme a, voye salitasyon li bannou, e Démas tou. 15Salye frè ki Laodicée yo e osi Nymphas ak legliz ki lakay li a. 16Lè lèt sa a li pami nou, kite yo li l osi nan legliz Lawodiseyen yo; e nou menm, pou pati pa nou li lèt mwen an k ap vini soti Laodicée a. 17Epi di Archippe, “Byen okipe èv ke nou te resevwa nan Senyè a, pou nou kapab akonpli li”.
18Mwen, Paul, mwen ekri salitasyon sa a avèk pwòp men mwen. Sonje chenn mwen yo. Ke lagras avèk nou.
¿Sabías que…?
Saludos finales y colaboradores
- Pablo envió la carta a Colosas por medio de Tíquico y Onésimo. Onésimo era natural de Colosas y había huido de su amo Filemón hacia Roma, donde se convirtió; Pablo lo envió de regreso junto a Tíquico, presentándolo como un hermano fiel y amado.Fuentes: Tychicus · Onesimus · el propio texto bíblico
- Los saludos al final de la carta muestran un grupo diverso de colaboradores que acompañaban a Pablo durante su cautiverio. Entre ellos se encontraban creyentes de origen judío como Aristarco, Marcos (primo de Bernabé) y Jesús, llamado Justo, así como compañeros gentiles como Lucas, el médico, y Demas.Fuentes: Aristarchus · John Mark · Jesus · Luke
- Epafras, un discípulo colosense considerado el probable fundador de la iglesia en esa ciudad, estaba con Pablo en Roma y oraba con fervor por los creyentes de Colosas, Laodicea y Hierápolis. Pablo indicó a los colosenses que intercambiaran cartas con la comunidad vecina de Laodicea.Fuentes: Epaphras · Laodicea · Hierapolis · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Hierapolis · 37.927, 29.127 · versículo 13
- Laodicea · Hoy: Laodicea on the Lycus · 37.836, 29.108 · versículos 13, 15, 16
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org