Amós 7
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Konsa Senyè BONDYE a te montre m e gade byen, Li t ap fòme yon gwo rafal krikèt nan lè jaden prentan an te kòmanse boujonnen an. Epi gade byen, rekòlt la te fèt nan lè wa a te fin koupe zèb la. 2Epi li te vin rive lè li te fin manje tout plant peyi a, ke m te di: “Senyè BONDYE, souple, padone! Kòman Jacob ka kanpe? Li tèlman piti!”
3SENYÈ a te repanti de sa. “Sa p ap rive,” SENYÈ a te di.
4Konsa Senyè BONDYE a te montre mwen, e gade byen, Senyè BONDYE a t ap rele pou jijman an ak dife a. Li te devore tout gwo pwofondè a, e te kòmanse devore tèren an. 5Epi mwen te di: “Senyè, souple, sispann! Kòman Jacob ka kanpe? Li tèlman piti!”
6SENYÈ a te repanti de sa. “Sa a tou, p ap rive”, Senyè BONDYE a te di.
7Konsa Li te monte m, e gade byen, Senyè a te kanpe akote yon mi ki monte ak yon filaplon nan men L. 8SENYÈ a te di m: “Se kisa ou wè, Amos?”
Mwen te di: “Yon filaplon.”
Konsa, Senyè a te di: “Gade byen, Mwen prèt pou plase yon filaplon nan mitan pèp Mwen an, Israël. Mwen p ap kite yo chape ankò. 9Wo plas Isaac yo va vin abandone, e sanktyè Israël yo va vin kraze nèt. Answit, Mwen va leve kont lakay Jéroboam ak nepe.”
10Konsa, Amatsia, prèt Béthel la te voye pawòl kote Jéroboam, wa Israël la. Li te di: “Amos te fè konplo kont ou nan mitan kay Israël la. Peyi a p ap ka sipòte tout pawòl li yo. 11Paske konsa Amos di: ‘Jéroboam va mouri pa nepe a, e Israël va anverite kite peyi li pou ale an egzil.’”
12Amatsia te di a Amos: “Ale, ou menm ki divinò, sove ale nan peyi Juda. Manje pen e pwofetize la! 13Men pa pwofetize nan Béthel, paske se sanktyè ak rezidans a wa a!”
14Konsa, Amos te reponn a Amatsia: “Mwen pa t yon pwofèt, ni mwen pa t fis a yon pwofèt; men mwen te yon gadyen bèt ak yon kiltivatè pye fig frans. 15Men SENYÈ a te retire mwen soti dèyè bann mouton an, e SENYÈ a te di mwen: ‘Ale pwofetize a pèp Mwen an, Israël.’ 16Konsa, tande pawòl SENYÈ a: “W ap di: ‘Ou pa pou pwofetize kont Israël, ni ou pa pou pale kont lakay Isaac.’ 17Akoz sa, SENYÈ a di: ‘Madanm ou va devni yon pwostitiye nan vil la, fis ou yo ak fi ou yo va tonbe pa nepe, peyi ou a va divize ak yon lign apantaj, e ou menm, ou va mouri nan yon peyi ki pa pwòp. Anplis, Israël va anverite kite peyi li a pou li ale an egzil.’”

¿Sabías que…?
Visiones de Juicio y el Enfrentamiento en Betel
- A diferencia de los profetas oficiales de su época, Amós era un pastor y cultivador de higos de sicómoro procedente de Tecoa, en Judá. Afirmó que no provenía de una corporación profética, sino que Dios lo llamó directamente mientras cuidaba el rebaño para profetizar en el reino del norte.Fuentes: el propio texto bíblico · Amos
- Betel funcionaba como un santuario real clave para el reino de Israel, donde los reyes sostenían cultos estatales. Amasías, sacerdote de ese lugar durante el reinado de Jeroboam II, interpretó los mensajes de Amós como conspiración política y le ordenó huir a Judá.Fuentes: el propio texto bíblico · Amaziah · Jeroboam · Bethel (of Palestine)
- Aunque el reinado de Jeroboam II trajo notable expansión territorial y prosperidad económica a Israel, las visiones de Amós anunciaron que la ruina de los santuarios y el exilio del pueblo eran inminentes.Fuentes: el propio texto bíblico · Jeroboam
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org