Nations Bible

Hechos 5

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Men yon sèten mesye ke yo te rele Ananias ak Saphira, madanm li, te vann yon mòso tè. 2Men li te kenbe yon pati nan pri a pou li menm, avèk konesans madanm li. Konsa, li te pote yon sèten pati, e te mete l nan pye apòt yo.

3Men Pierre, te di: “Ananias, poukisa Satan ranpli kè ou pou bay manti a Lespri Sen an e pou kenbe yon pati nan pri tè a an kachèt. 4Pandan li te rete pa t vann nan, èske li pa t nan men ou? E lè li te fin vann nan, èske li pa t toujou sou kontwòl pa w? Poukisa ou kalkile bagay sa a nan kè ou? Se pa a moun ke ou bay manti a, men a Bondye.”

5Ananias, lè l te tande bagay sa yo, te tonbe atè e te respire dènye souf li. Yon gwo laperèz te vini sou tout sila ki te tande bagay sa yo.

6Jennjan yo te leve li, vlope li nan yon twal e te pote l deyò pou te antere l.

7Nan anviwon twazèdtan, madanm li, san konnen sa ki te rive a, te antre.

8Pierre te di li: “Di m si ou te vann tè a pou yon pri konsa?” Li te di: “Wi, pou yon pri konsa”.

9Alò, Pierre te di li: “Poukisa ke nou dakò ansanm pou tante Lespri Senyè a? Vwala, pye a sila ki te antere mari ou yo parèt nan pòt la, e yo va pote ou deyò a tou.”

10Konsa li te tonbe atè e te rann dènye souf li. Jennjan yo te antre, yo twouve li tou mouri e te pote l ale. Yo te antere li bò kote mari li.

11Yon gwo laperèz te vin tonbe sou tout legliz la, e sou tout sila ki te tande bagay sa yo.

12Pa men apòt yo, anpil sign ak mirak te fèt pami pèp la, e yo tout te an akò nan Galri Salomon an.

13Pou lòt yo, pa t gen pèsòn ki te gen kouraj pou vin jwenn avèk yo, men pèp la te bay yo lwanj. 14Konsa, anpil kwayan nan non Senyè a, yon fòs kantite gason avèk fi t ap ajoute tout tan pami yo. 15Yo t ap menm pote malad yo e mete yo nan lari; yo te fè yo kouche sou kabann ak palèt, pou menm yon ti kras lonbraj Pierre, lè l pase, ta kapab tonbe sou nenpòt nan yo.

16Te vini osi foul ki te sòti nan vil ki te antoure Jérusalem yo, ki t ap pote moun malad, ak sila ki te twouble pa move Lespri yo, e yo tout te geri.

17Men wo prèt la te vin leve, ak tout sila ki te avèk li yo (sa vle di Sadiseyen yo), e yo te jalou anpil. 18Yo te mete men sou apòt yo, e te mete yo nan yon prizon piblik.

19Men yon zanj Bondye te ouvri pòt prizon an pandan lannwit, e te fè yo sòti, e te di: 20“Ale, kanpe pale ak pèp la nan tanp lan tout pawòl lavi a.”

21Lè yo te tande sa, yo te antre nan tanp lan granmmaten, e yo te kòmanse enstwi.

Men lèwo prèt la te vini, ansanm ak sila ki te avèk li yo, yo te reyini yon gran konsèy avèk tout ansyen Israël yo. Konsa yo te voye kote prizon an pou fè yo vini.

22Men lè jandam yo te vini, yo te twouve ke yo pa t nan prizon an. Konsa yo te retounen pou te bay rapò a. 23Yo te di: “Nou te twouve prizon an byen fèmen e byen sere avèk gad yo ki te kanpe devan pòt la, men lè nou te louvri li, nou pa twouve pèsòn ladann.”

24Lè wo prèt la avèk kaptenn kò gad tanp lan te tande sa, yo te vin enkyete pou kote pwoblèm sa a ta vin rive.

25Men yon moun te vin di yo: “Gade, mesye sa yo ke nou te mete nan prizon an kanpe nan tanp lan e y ap enstwi pèp la.”

26Alò, yo te ale avèk kaptenn lan ak jandam yo, e te mennen yo vini san vyolans; paske yo te krent pèp la, pou yo pa ta lapide yo avèk wòch.

27Lè yo te mennen yo, yo te fè yo kanpe devan konsèy la pou wo prèt la kesyone yo. 28Li te di yo konsa: “Èske nou pa t bay nou yon lòd byen klè pou nou pa kontinye enstwi nan non sila a? E malgre sa a, nou fin ranpli tout Jérusalem avèk enstriksyon nou yo, e nou gen entansyon voye san mesye sa a sou nou”.

29Alò Pierre avèk apòt yo te reponn e te di: “Nou oblije obeyi a Bondye olye a lòm. 30Bondye a zansèt nou yo te fè leve Jésus, ke nou te touye pann sou yon kwa a. 31Se Li menm Bondye te fè leve wo kote men dwat Li, tankou yon Prens, e yon Sovè, pou bay a Israël repantans, ak padon pou peche yo. 32Nou te temwen a bagay sa yo; e anplis Lespri Sen an ke Bondye bay a sila ki obeyi Li yo.”

33Lè yo te tande sa, yo te byen blese, e te fè plan pou touye yo.

34Alò, yon nonm nan konsèy la ke yo te rele Gamaliel te kanpe, yon pwofesè nan Lalwa ki te gen bon repitasyon pami tout pèp. Li te mande yo mete apot yo deyò pou yon moman.

35Li te di yo: “Moun Israël yo, veye nou menm ak sa nou gen entansyon fè avèk mesye sila yo, 36Paske pa anpil jou avan sa, te leve yon Theudas ki t ap pretann li menm te yon pèsonaj, epi yon gwoup kat-san òm te vin jwenn avèk li. Men yo te touye li, e tout sila ki te swiv li yo te vin gaye, e pa t reyalize anyen.

37“Apre mesye sila a, Judas, Galileyen an, te leve nan jou resansman an, e li te atire kèk moun dèyè l. Li menm tou te peri, e tout sila ki te swiv li yo te vin gaye.

38“Donk, nan ka prezan an, mwen di nou, rete lwen de moun sa yo, e pa okipe yo, paske si plan oubyen aksyon sa a sòti nan lòm, li va boulvèse. 39Men si se nan Bondye, nou p ap kab boulvèse yo; sinon nou kab menm twouve ke n ap goumen kont Bondye menm.”

40Yo te koute konsèy li. Apre yo te rele apòt yo antre, yo te bat yo avèk fwèt, e te kòmande yo pou yo pa pale nan non Jésus, e te lage yo.

41Donk yo te kite konsèy la; yo te al fè wout yo, e t ap rejwi ke yo te konsidere dign pou soufri mepri pou non Li.

42Epi chak jou nan tanp lan, sòti nan yon kay a yon lòt, yo te kontinye enstwi ak preche Jésus kòm Kris la.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Engaño, prodigios y el Sanedrín

  • Ananías, miembro de la iglesia de Jerusalén, y su esposa Safira, cuyo nombre significa hermosa, vendieron un terreno y, con conocimiento de ella, se quedaron con parte del precio mientras llevaban el resto a los apóstoles. Él podría haber conservado la propiedad; Pedro le recordó que seguía a su disposición tanto antes como después de la venta. La falta fue la mentira: él afirmó haberlo entregado todo, Safira confirmó el precio falso, y ambos murieron; ella compartió su culpa y su castigo.Fuentes: Ananias (Husband of Sapphira) · Sapphira · el propio texto bíblico
  • Los creyentes se reunían de común acuerdo en el Pórtico de Salomón, donde los apóstoles realizaban muchas señales y prodigios. Esa columnata estaba probablemente en el lado oriental del templo. No se menciona en relación con el primer templo, aunque Josefo se refiere a un pórtico de ese nombre en el templo de Herodes.Fuentes: Solomon's Portico · el propio texto bíblico
  • Cuando el sumo sacerdote y sus compañeros, que pertenecían al partido de los saduceos, hicieron arrestar a los apóstoles, un fariseo llamado Gamaliel se levantó en el Sanedrín. Es descrito como maestro de la ley, honrado por todo el pueblo, hijo del rabino Simeón y nieto del famoso rabino Hilel, y como adversario de los saduceos; instó al consejo a dejar en paz a esos hombres. Señaló a Teudas, que había encabezado una insurrección contra la autoridad romana y, según el relato de Gamaliel, reunió a unos cuatrocientos hombres antes de que el levantamiento quedara en nada —fuera de eso, no se sabe nada más de Teudas— y a Judas el galileo, que pereció en los días del censo.Fuentes: Gamaliel · Theudas · el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Solomon’s Portico · Hoy: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 12
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 16, 28
  • Galilee · 32.760, 35.527 · versículo 37

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.