Hechos 22
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1“Frè yo ak papa yo, tande defans mwen ke m ap ofri nou koulye a.”
2Epi lè yo te tande ke li t ap pale avèk yo an Ebre, yo te vin kalme plis; e li te di: 3“Mwen menm se yon Jwif, fèt a Tarse nan Cilicie, men leve nan vil sila a, edike anba Gamaliel, byen disipline selon lalwa zansèt nou yo, avèk anpil zèl pou Bondye, menm jan ke nou menm ye jodi a. 4Mwen te pèsekite Chemen sila a jiska lanmò. Mwen te mare e te mete nan chenn ni fanm, ni gason pou mete nan prizon, 5kòm osi wo prèt la ak tout konsèy ansyen yo kapab temwaye. Nan men yo, mwen te resevwa osi lèt pou tout frè yo, e te pati pou Damas, pou m ta kapab mennen menm sila ki te la Jérusalem yo kòm prizonye, pou yo ta kab pini.
6“Men li te rive ke lè m te nan wout, e t ap pwoche Damas nan anviwon midi, sibitman yon limyè briyan te klere sòti nan syèl la, tou antoure mwen. 7Mwen te tonbe atè e te tande yon vwa ki te di m: ‘Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite M?’
8“Epi mwen te reponn: “Kilès ou ye, Senyè?”
“E Li te di mwen: ‘Mwen se Jésus de Nazareth, ke w ap pèsekite a.’
9“Sila ki te avè m yo te wè limyè a, men pa t konprann vwa a Sila a ki t ap pale avèk mwen an.
10“Epi mwen te di: “Kisa pou m ta fè, Senyè?”
“Senyè a te reponn mwen: ‘Leve, ale antre Damas. La ou va vin tande tout sa ki nome pou ou ta fè.’
11“Men akoz ke m pa t kab wè akoz briyans a limyè a, mwen te mennen pa lamen pa sila ki te avè m yo pou te vini Damas.
12“Yon sèten Ananias, yon mesye fidèl pa règ Lalwa a, e byen pale pa tout Jwif ki te rete la yo 13te vin kote mwen, te kanpe toupre m, e te di mwen: ‘Frè Saul, resevwa vizyon ou! Epi nan menm moman an, mwen te gade anlè e te wè li.
14“Li te di: ‘Bondye a zansèt nou yo te nome ou pou konnen volonte l, pou wè Sila Ki Jis la, e pou tande yon pawòl ki sòti nan bouch Li. 15Paske ou va yon temwen pou Li a tout moun de sila ou wè ak tande yo. 16Koulye a poukisa ou fè reta? Leve, batize e lave peche ou yo, pandan w ap rele non Li.
17“Konsa li te rive ke lè m te retounen Jérusalem e t ap priye nan tanp lan, ke m te tonbe nan yon pwofon somèy. 18Epi mwen te wè Li t ap di mwen: ‘Fè vit! Sòti Jérusalem vit, paske yo p ap aksepte temwayaj ou de Mwen menm.’ 19Epi mwen te di: ‘Senyè, yo menm yo konprann ke nan yon sinagòg apre lòt, mwen te konn mete yo nan prizon, e te konn bat sila ki te kwè nan Ou yo. 20Menm lè san a temwen ou, Étienne t ap vèse, mwen osi te kanpe byen dakò e t ap veye vètman a sila ki t ap touye l yo.’
21“Men Li te di mwen: ‘Ale, pwiske Mwen va voye ou byen lwen kote pèp etranje yo.’”
22Jiska pwen sa a, yo te koute l, e alò yo te leve vwa yo e te di: “Retire sou latè a yon nonm konsa; li pa merite viv!”
23Pandan yo t ap rele konsa, yo t ap retire gwo vètman yo pou voye pousyè anlè, 24kòmandan an te bay lòd pou yo mennen l anndan kazèn nan, e t ap di ke li ta dwe egzamine plis avèk kout fwèt pou l ta kapab detèmine rezon an yo t ap rele kont li konsa.
25Men lè yo te tire kò l avèk kòd fèt an kwi, Paul te di a santenye a ki te kanpe akote a: “Éske li pèmi pou ou fwete yon sitwayen Women ki pa menm kondane?”
26Lè santenye a te tande sa, li te ale kote kòmandan an, e te di l: “Kisa w ap fè? Paske nonm sa a se yon Women.
27Kòmandan an te parèt e te mande l: “Di mwen, “Èske se yon Women ou ye?”
E li te di: “Wi.”
28Kòmandan an te reponn: “Mwen te twouve tit sitwayen sa a ak yon gwo sòm lajan.”
Paul te di: “Men mwen te ne sitwayen.”
29Konsa, sila ki t ap kesyone li yo, te lage L imedyatman; epi kòmandan an osi te pè lè li te vin konprann ke se te yon sitwayen Women ke li te ye, paske li te mete li nan chèn.
30Men nan pwochen jou a, akoz ke li te anvi konnen poukisa Jwif yo te akize l la, li te demare li, e li te bay lòd pou wo prèt yo avèk konsèy la reyini. Konsa yo te mennen Paul devan yo, e te fè l chita devan yo.

¿Sabías que…?
La defensa de Pablo en Jerusalén
- Pablo comenzó su defensa en hebreo, y la multitud guardó aún más silencio. Se presentó como judío, nacido en Tarso de Cilicia, criado en Jerusalén y educado a los pies de Gamaliel, en estricta conformidad con la ley de los padres. Un diccionario describe a Gamaliel como un fariseo erudito, nieto del rabino Hillel y presidente del Sanedrín durante los reinados de Tiberio, Calígula y Claudio.Fuentes: el propio texto bíblico · Gamaliel
- Pablo recordó que encarceló y golpeó a creyentes, y que estuvo allí aprobando, mientras cuidaba las ropas de quienes mataron a Esteban. Un diccionario llama a Esteban, uno de los siete diáconos, el primer mártir cristiano, y señala que los apedreadores dejaron sus ropas a los pies del joven fariseo Saulo de Tarso, escena que dejó una impresión profunda, la cual Pablo recuerda en este discurso.Fuentes: el propio texto bíblico · Stephen
- La multitud escuchó a Pablo hasta que dijo que sería enviado lejos, a los gentiles; entonces gritaron que no era digno de vivir, se quitaron los mantos y lanzaron polvo al aire. Cuando lo tendieron para atarlo, preguntó al centurión si era lícito azotar a un ciudadano romano sin juicio, y le dijo al comandante que había nacido ciudadano, mientras que el comandante había pagado un alto precio por la suya. Una cronología fecha este testimonio, y su comparecencia ante el Consejo al día siguiente, en el año 54 d.C.Fuentes: el propio texto bíblico · Paul gives his testimony · Paul goes before the Council
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Cilicia · 36.913, 34.892 · versículo 3
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 3, 5, 17, 18
- Tarsus · 36.913, 34.892 · versículo 3
- Damascus · 33.511, 36.306 · versículos 5, 6, 10, 11, 12
- Nazareth · 32.702, 35.298 · versículo 8
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org