Hechos 13
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Alò te gen nan Antioche, nan legliz ki te la a, pwofèt ak mèt yo; Barnabas ak Simon ki te rele Niger, ak Lucius de Cyrène, ak Manaen ki te grandi avèk Hérode, tetrak la (youn nan kat wa yo), ak Saul.
2Pandan yo t ap fè sèvis pou Senyè a, e t ap jene, Lespri Sen an te di: “Mete apa pou Mwen Barnabas ak Saul, pou travay ke mwen rele yo a.”
3Alò, lè yo te fin fè jèn nan ak lapriyè, yo te poze men sou yo e te voye yo ale.
4Konsa, ranvwaye pa Lespri Sen an, yo te desann Séleucie. Depi la yo te pran yon bato pou Chypre. 5Lè yo te rive Salamine, yo te kòmanse pwoklame pawòl Bondye a nan sinagòg Jwif yo. Anplis Jean te la pou ede yo.
6Lè yo te fin travèse tout lil la, jis rive nan Paphos yo twouve yon sèten majisyen Jwif, yon fo pwofèt ke yo te rele Bar-Jésus 7ki te avèk pwokonsil la, Sergius Paulus, yon nonm byen entèlijan. Mesye sa te rele Barnabas avèk Saul pou vini pou l ta kapab tande pawòl Bondye a.
8Men majisyen an, Elymas (se konsa non li tradwi) t ap opoze yo, e t ap chache detounen pwokonsil la kont lafwa a. 9Men Saul, ki te osi konnen kon Paul, ranpli avèk Lespri Sen an, te fikse zye li sou li. 10Li te di: “Ou menm ki ranpli ak desepsyon ak fwod, ou menm fis a dyab la, ou menm lènmi a tout ladwati, èske ou p ap janm sispann fè kwochi chemen dwat a Senyè a? 11Koulye a, gade byen men Bondye sou ou, ou va vin avèg e ou p ap wè solèy la pandan yon tan.”
Imedyatman, yon brouya avèk yon fènwa te tonbe sou li, e li te ale toupatou pou chache moun pou ta mennen l pa lamen.
12Answit, pwokonsil la te vin kwè lè li te wè sa ki te rive a, byen etone de doktrin Senyè a.
13Alò, Paul avèk konpanyon li yo te monte sou lanmè a soti Paphos. Yo te rive nan vil Perge nan Pamphylie. Jean te kite yo la pou retounen Jérusalem.
14Men kontinye soti Perge yo te rive Antioche Pisidie a. Nan jou Saba a yo te antre nan sinagòg la, e yo te chita. 15Aprè Lalwa ak Pwofèt yo te fin li, ofisye yo te voye kote yo e te di: “Frè yo, si nou gen nenpòt pawòl pou egzòte pèp la, pale.”
16Paul te kanpe. Li te fè sinyal avèk men l, e te di: “Lezòm Israël yo, ak nou menm ki krent Bondye, koute: 17Bondye a pèp Israël sa a te chwazi zansèt nou yo, e te fè pèp la onore pandan sejou yo nan peyi Égypte. Epi avèk yon bra leve Li te mennen yo sòti ladann. 18Pandan anviwon yon tan de karant ane, konsa, li te sipòte yo nan dezè a.
19“Lè L te fin detwi sèt nasyon nan tè Canaan an, Li te divize tè pa yo a kòm eritaj. Sa te pran anviwon kat san senkant ane. 20Apre bagay sa yo, Li te bay yo jij yo jiska Samuel, pwofèt la.
21“Yo te mande pou yon wa, epi Bondye te bay yo Saul, Fis a Kis la, yon nonm nan tribi Benjamin an pou karant ane.
22“Lè L te fin retire li, Li te fè leve David pou l ta kapab wa sou yo. Selon Li, te temwaye e te di: ‘Mwen twouve David, fis a Jessé a, yon nonm selon pwòp kè Mwen ki va fè tout volonte M’.
23“Soti nan desandan a nonm sila a, selon pwomès la, Bondye te fè vini a Israël yon Sovè, Jésus.
24“Avan Li te vini Jean te preche yon batèm repantans pou tout pèp Israël la. 25Alò, pandan Jean t ap konplete pakou li, li te kontinye ap mande: ‘Kisa nou sipoze ke mwen ye? Mwen se pa Li menm nan. Men gade byen, youn ap vini aprè mwen e sapat a pye li, mwen pa menm dign pou delase.
26“Frè yo, Fis a fanmi Abraham yo, sila pami nou ki krent Bondye yo, a nou mesaj sali sila a voye. 27Paske sila ki rete Jérusalem yo, avèk gouvènè pa yo, pa t rekonèt ni Li menm, ni pawòl a pwofèt yo, malgre, yo konn li toupatou chak Saba a. Men yo te akonpli bagay sa yo lè yo te kondane Li. 28Malgre yo pa t twouve okenn choz ki merite lanmò, yo te mande Pilate pou li ta fè l mouri. 29Epi lè yo te fin akonpli tout sa ki te ekri konsènan Li yo, yo te retire Li sou kwa a, e yo te mete l nan yon tonm.
30“Men Bondye te leve Li soti nan lanmò. 31Konsa, pandan anpil jou, sa yo ki te sòti Galilée pou monte Jérusalem avè L yo, te wè li, menm sila yo ki koulye a se temwen Li a pèp la.
32“Konsa, nou preche a nou menm bòn nouvèl a pwomès ki te fèt a zansèt nou yo, 33ke Bondye te akonpli pou zanfan pa nou yo, lè l te resisite Jésus a, menm jan ke sa osi ekri nan dezyèm Sòm nan:
‘Ou se Fis Mwen;
jodi a Mwen fè Ou.’
34“Selon reyalite ke Li te leve soti nan lanmò, pou l pa ankò retounen nan pouriti, Li te pale konsa: ‘Mwen va bannou benediksyon a David ki sen e byen asire yo.’
35“Konsa, Li pale osi nan yon lòt Sòm ke ‘Ou p ap kite pa W, Sila Ki Sen an, sibi pouriti.’
36“Paske David, apre li te sèvi plan Bondye a nan jenerasyon pa l la, te dòmi. Li te vin plase pami zansèt li yo, e li te sibi dekonpozisyon. 37Men Sila ke Bondye te fè leve a, pa t sibi dekonpozisyon menm.
38“Konsa, kite sa vin konnen a nou menm, frè yo, ke atravè Li menm, padon pou peche yo pwoklame a nou menm. 39Selon Li menm, tout moun ki kwè yo, vin lib de tout bagay ke nou pa t kapab libere pa Lalwa Moïse la.
40“Konsa, fè atansyon, pou sa ki te pale nan pwofèt yo pa vini sou nou:
41‘Gade byen mokè yo;
Vin etone, e peri!
Paske M ap acheve yon zèv nan jou nou yo,
yon zèv ke nou p ap janm kwè,
menmsi yon moun ta eksplike nou li.’”
42Pandan Paul ak Barnabas t ap sòti, pèp la te kontinye mande pou yo ta kapab pale yo bagay sa yo ankò nan pwochen Saba a. 43Alò, lè sinagòg la te lage, anpil nan Jwif yo ak pèp etranje ki te vin krent Bondye yo, te swiv Paul ak Barnabas. Yo te pale avèk yo pou ankouraje yo kontinye nan gras Bondye a.
44Nan pwochen Saba a, prèske tout vil la te vin rasanble pou koute pawòl Bondye a.
45Men lè Jwif yo te wè foul la, yo te ranpli avèk jalouzi, e yo te kòmanse pale kont bagay ke Paul te pale yo, e t ap fè blasfèm.
46Paul ak Barnabas te pale avèk gwo kouraj. Yo te di: “Li te nesesè pou pawòl Bondye a ta pale a nou menm avan. Men akoz ke nou refize l, e jije pwòp tèt nou endign pou lavi etènèl la, gade byen n ap vire bò kote pèp etranje yo. 47Paske konsa Senyè a te kòmande nou:
‘Mwen plase nou kòm yon limyè pou pèp etranje yo,
pou nou ta pote delivrans jiska dènye ekstremite tè a.’”
48Lè pèp etranje yo te tande sa, yo te kòmanse rejwi e t ap bay glwa a pawòl Bondye a. Konsa, tout sila ki te nome pou lavi etènèl yo te kwè. 49Pawòl Senyè a te gaye nan tout rejyon an.
50Men Jwif yo te chofe fanm fidèl yo, ak chèf ki t ap dirije vil yo, pou fòmante yon pèsekisyon kont Paul ak Barnabas, e te chase yo deyò tèritwa yo.
51Men yo te souke pousyè a, fè l sòti nan pye yo, kòm yon sign kont yo, e yo te ale Icone.
52Epi disip yo te kontinye ranpli avèk jwa, e avèk Lespri Sen an.

¿Sabías que…?
La misión enviada desde Antioquía
- El Diccionario Bíblico de Easton (1897) describe a Antioquía de Siria como la tercera ciudad en importancia del Imperio romano, después de Roma y Alejandría; fue la iglesia de allí la que apartó a Bernabé y a Saulo. Entre sus profetas y maestros estaban Simeón, llamado Níger, un sobrenombre que significa negro, quizá por su tez oscura, y Lucio de Cirene, en el norte de África.Fuentes: Antioch (Syria) · el propio texto bíblico · Simeon · Lucius
- En Pafos, capital de Chipre y residencia del gobernador romano, un hechicero judío llamado Barjesús, también conocido como Elimas, un nombre árabe que significa mago o hechicero, intentó apartar de la fe al procónsul Sergio Paulo. Es aquí donde Saulo también es llamado Pablo; el Diccionario Bíblico de Easton (1897) dice que el nombre Pablo probablemente le fue dado en la infancia para usarlo en el mundo gentil, mientras que Saulo era su nombre hebreo de casa.Fuentes: Paphos · Elymas · Paul · el propio texto bíblico
- Enviados desde Antioquía, bajaron a Seleucia, el puerto de la ciudad cerca de la desembocadura del Orontes, y navegaron hasta Chipre; después desembarcaron en Perge, capital de Panfilia, a orillas del río Cestro. Allí Juan los dejó y regresó a Jerusalén; su nombre romano, Marcos, poco a poco llegó a reemplazar su nombre judío, y era primo de Bernabé.Fuentes: Seleucia · Perga · John Mark · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Antioch · Hoy: Antioch on the Orontes · 36.227, 36.172 · versículo 1
- Cyrene · 32.821, 21.851 · versículo 1
- Cyprus · 35.000, 33.000 · versículo 4
- Seleucia · Hoy: Seleucia Pieria · 36.124, 35.922 · versículo 4
- Salamis · 35.185, 33.902 · versículo 5
- Paphos · Hoy: New Paphos · 34.756, 32.404 · versículos 6, 13
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 13, 27, 31
- Pamphylia · 37.000, 31.000 · versículo 13
- Perga · 36.960, 30.854 · versículos 13, 14
- Antioch · Hoy: Antioch in Pisidia · 38.306, 31.189 · versículo 14
- Pisidia · 38.306, 31.189 · versículo 14
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 17
- Canaan · 32.767, 35.333 · versículo 19
- Galilee · 32.760, 35.527 · versículo 31
- Iconium · Hoy: Konya · 37.872, 32.492 · versículo 51
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org