Nations Bible

2 Timoteo 4

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Mwen anchaje ou solanèlman, nan prezans Bondye ak Kris Jésus a, ki dwe jije vivan ak mò yo, pa aparans ak wayòm Li an: 2Preche pawòl la; pa neglije fè l ni nan sezon favorab ak nan lè l pa favorab; reprimande, repwoche, egzòte, avèk anpil pasyans ak enstriksyon.

3Paske tan an va vini lè yo pa sipòte doktrin ki sen yo, men akoz yo vle sa ki fè zòrèy yo plezi, yo va ranmase pou kont yo, pwofesè ki dakò avèk pwòp dezi pa yo. 4Konsa, yo va vire zòrèy yo kite verite a akote pou fo istwa yo.

5Men ou menm, rete tanpere nan tout bagay, sipòte difikilte yo, fè travay a yon evanjelis, akonpli ministè ou la.

6Paske mwen deja ap vide kòm yon ofrann bwason, e lè pou m ale a gen tan rive. 7Mwen mennen bon konba a, mwen fin fè kous la, mwen kenbe lafwa. 8A lavni m ap gen kouwòn ladwati a, ki prepare pou mwen deja, ke Senyè a, jij ladwati a, va ban m nan jou sila a; e pa sèlman de mwen menm, men osi a tout moun ki renmen aparisyon Li an.

9Fè tout efò pou vini kote mwen byen vit, 10paske Démas, ki renmen mond prezan sila a, te abandone m, e te ale Thessalonique. Crescens te ale Galatie, Tite te ale Dalmatie. 11Se sèl Luc ki avè m. Pran Marc e mennen l vini avè w, paske li itil a mwen pou zèv mwen an. 12Men Tychique, mwen te voye li Éphèse. 13Lè ou vini, pote manto ke m te kite Troas avèk Carpus la, menm ak liv yo, sitou woulo yo.

14Alexandre, bòs fòjewon an, te fè mwen anpil mal. Senyè a va rann li sa selon zèv li. 15Veye kont li ou menm, paske li te opoze ak fòs a enstriksyon nou an.

16Nan premye defans mwen an, pèsòn pa t ban m soutyen yo, men yo tout te kite m. Ke sa pa kontwole kont yo. 17Men Senyè a te kanpe avèk mwen e te ban m fòs pou pwoklamasyon an ta kapab fin akonpli nèt, e pou tout pèp etranje yo kapab tande. Se konsa, mwen te sove soti nan bouch a lyon an.

18Anplis, Senyè a va delivre m de tout zèv mechan yo, e va mennen m san danje nan wayòm selès Li a. A Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.

19Salye Prisca ak Aquillas, ak tout kay Onésiphore a.

20Éraste te rete Corinthe, men Trophime, mwen te kite li malad Milet.

21Fè tout efò pou vini avan sezon livè a. Eubulus salye ou, Pudens, Linus, Claudia, ak tout frè yo salye ou osi.

22Ke Senyè a avèk lespri ou. Ke lagras avèk ou.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

La exhortación final y la despedida de Pablo

  • Pablo urge a Timoteo a venir pronto. Demas, a quien el Diccionario Bíblico de Easton (1897) describe como compañero y colaborador de Pablo durante su primera prisión en Roma, lo ha abandonado por amor a este mundo y se ha ido a Tesalónica, una gran ciudad en el golfo Termaico y capital de uno de los cuatro distritos romanos de Macedonia. Crescente se ha ido a Galacia y Tito a Dalmacia, un país montañoso en la costa oriental del Adriático y parte de la provincia romana de Ilírico; Pablo ha enviado a Tíquico a Éfeso, y solo Lucas permanece con él.Fuentes: Demas · Thessalonica · Dalmatia · el propio texto bíblico
  • El Diccionario Bíblico de Easton (1897) identifica a Alejandro el calderero como un hombre que, con Himeneo y otros, enseñaba ciertas ideas sobre la resurrección, y dice que Pablo lo excomulgó. En este capítulo Pablo escribe que Alejandro le hizo un gran daño, advierte a Timoteo que se cuide de él porque se opuso con vigor a nuestro mensaje, y dice que el Señor le pagará conforme a sus obras.Fuentes: Alexander · el propio texto bíblico
  • Pablo pide a Timoteo que traiga la capa que dejó con Carpo en Troas, junto con los rollos, especialmente los pergaminos, y que llegue antes del invierno. Troas era una ciudad en la costa de Misia, al noroeste de Asia Menor, llamada así por la antigua Troya, que quedaba unas cuatro millas al norte.Fuentes: Troas · el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Dalmatia · 43.813, 16.219 · versículo 10
  • Galatia · 39.267, 32.983 · versículo 10
  • Thessalonica · Hoy: Thessaloniki · 40.638, 22.946 · versículo 10
  • Ephesus · 37.939, 27.341 · versículo 12
  • Troas · Hoy: Alexandria Troas · 39.752, 26.159 · versículo 13
  • Corinth · 37.906, 22.879 · versículo 20
  • Miletus · 37.531, 27.276 · versículo 20

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.