Nations Bible

2 Samuel 3

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Alò, te gen yon gè byen long antre lakay Saül ak lakay David. David te vin pi pwisan, men lakay Saül, ofiyamezi, te vin pi fèb. 2Fis te ne a David an Hébron: premye ne li a se te Amnon, pa Achinoam, Jizreyelit la; 3epi dezyèm li a, Kileab, pa Abigaïl la, vèv a Nabal la, Kamalit la; epi twazyèm nan, Absalom, fis Maaca a, fi a Talmaï a, wa a Gueschur; 4epi katriyèm nan, Adonija, fis a Haggith la e senkyèm nan, Schephathia, fis a Abithal la; 5epi sizyèm nan, Jithream, pa Égla a, madanm a David.

6Li te vin rive ke pandan te gen lagè antre lakay Saül ak lakay David, ke Abner t ap ranfòse pozisyon li lakay Saül. 7Alò, Saül te gen yon ti mennaj ki te rele Ritspa, fi a Ajja a. Konsa, Isch-Boscheth te di a Abner: “Poukisa ou te antre nan ti mennaj papa m nan?”

8Alò, Abner te byen fache akoz pawòl a Isch-Boscheth yo e te di: “Èske mwen se tèt yon chen ki pou Juda? Jodi a, mwen montre favè a lakay papa ou, a frè li yo, a zanmi li yo e mwen pa t livre ou nan men David. Epi malgre sa, jodi a, ou akize mwen kòm koupab nan afè fanm nan. 9Ke Bondye fè sa a Abner, e menm plis toujou, si jan SENYÈ a te sèmante a David la, mwen pa akonpli sa pou li, 10pou fè wayòm nan kite lakay Saül pou vin etabli sou twòn David sou Israël ak sou Juda, soti nan Dan, jis rive Beer-Schéba.”

11Epi li pa t kab reponn Abner ankò, akoz li te pè li.

12Alò Abner te voye mesaje yo kote David nan plas li, e te di: “Pou kilès peyi a ye? Fè akò ou avèk mwen; epi pou sa, men m va avèk ou pou mennen tout Israël bò kote ou.”

13Li te di: “Sa bon! Mwen va fè yon akò avèk ou, men mwen ap fè yon sèten demann a ou menm. Konsa, ou p ap menm wè figi m sof ke ou mennen premyèman Mical, fi a Saül la, lè ou vin wè mwen.” 14Konsa, David te voye mesaje yo kote Isch-Boscheth, fis a Saül la, e te di: “Ban mwen madanm mwen Mical, avèk sila mwen te fiyanse pou yon santèn prepis moun ki sòti nan Filisten yo.”

15Isch-Boscheth te voye retire li de mari li, Paithiel, fis a Laïsch la. 16Men mari li te ale avèk li. Li t ap kriye pandan li t ap prale e te swiv li jis rive Bachurim. Epi Abner te di li: “Ale, retounen!” Konsa, li te retounen.

17Alò, Abner te fè konsiltasyon avèk ansyen Israël yo e te di: “Nan tan pase yo, nou te chache fè David vin wa sou nou. 18Alò konsa, annou fè l. Paske SENYÈ a te pale a David e te di: ‘Pa men a sèvitè Mwen an, David, Mwen va sove pèp Mwen an, Israël soti nan men a Filisten yo ak nan men a tout lènmi pa yo.’”

19Abner osi te pale nan zòrèy a moun Benjamin yo. Anplis, Abner te ale fè rapò a David nan Hébron ke tout sa te parèt bon pou Israël, tout lakay Israël la ak a tout lakay Benjamin an. 20Alò, Abner avèk ven mesye avèk li te vin kote David nan Hébron. David te fè yon gwo fèt pou Abner avèk mesye ki te avèk li yo. 21Abner te di a David: “Kite mwen leve pou m ale rasanble tout Israël la kote mèt mwen an, wa a, pou yo kapab fè yon akò avèk ou e pou ou kapab devni wa sou tout sa ke nanm ou dezire yo.” Konsa, David te voye Abner ale e li te ale anpè.

22Epi vwala, sèvitè a David yo avèk Joab te antre sòti nan yon atak piyaj e yo te pote anpil piyaj avèk yo. Men Abner pa t avèk David nan Hébron; paske li te voye li ale e li te sòti anpè. 23Lè Joab avèk tout lame ki te avèk li a te rive, yo te pale Joab e te di: “Abner, fis a Ner a te rive vè wa a, li te voye li ale e li te sòti anpè.”

24Alò, Joab te vini vè wa a e te di: “Se kisa ou te fè la a? Gade, Abner te vin kote ou. Alò, poukisa ou te voye li ale sòti deja? 25Ou konnen Abner, fis a Ner a, ke li te antre pou twonpe ou, pou aprann jan ou sòti ak jan ou antre, pou dekouvri tout sa w ap fè.”

26Lè Joab te sòti kote David, li te voye mesaje yo dèyè Abner. Yo te mennen li retounen soti nan pwi Sira a; men David pa t konnen. 27Konsa, lè Abner te retounen Hébron, Joab te pran li akote mitan pòtay la, konsi, pou pale avèk li an prive, epi la, li te frennen li nan vant jiskaske li te mouri akoz san Asaël, frè li a. 28Apre, lè David te tande sa, li te di: “Mwen avèk wayòm mwen an inosan devan SENYÈ a jis pou tout tan sou afè san Abner a, fis a Ner a. 29Konsa, san sa a vin tonbe sou tèt Joab avèk tout lakay papa li. Epi pou ta genyen toujou lakay li yon moun ki gen ekoulman, oswa lalèp, oswa ki oblije mache ak baton, oswa ki tonbe pa nepe, oswa ki manke pen.” 30Konsa, Joab avèk Abischaï te touye Abner akoz li te mete frè yo a lanmò nan batay Gabaon an.

31Alò, David te di a Joab avèk tout moun ki te avèk li yo: “Chire rad nou e abiye nou an sak pou fè lamantasyon devan Abner.” Epi Wa David te mache dèyè sèkèy la. 32Konsa, yo te antere Abner Hébron. Wa a te leve vwa li pou te kriye akote tonm Abner a, e tout moun te kriye. 33Wa a te chante yon lamantasyon pou Abner, e te di: “Èske Abner ta dwe mouri tankou yon moun fou ta mouri? 34Men ou pa t mare, ni pye ou pa t anchene. Tankou yon moun ki tonbe devan mechan yo, ou te tonbe.”

Epi tout moun te kriye ankò sou li. 35Alò, tout pèp la te vini pou konvenk David manje pen pandan li te toujou nan lajounen, men David te fè ve e te di: “Ke Bondye fè m sa e menm plis, si mwen goute pen oswa nenpòt lòt bagay avan solèy la vin kouche.”

36Alò, tout pèp la te remake afè sa a, e li te fè yo plezi, jis jan ke tout sa ke wa a te fè te fè tout pèp la plezi. 37Konsa, tout pèp la ak tout Israël te konprann nan jou sa a ke li pa t volonte a wa a pou mete Abner, fis a Ner a lanmò. 38Epi wa a te pale ak sèvitè li yo: “Èske nou pa konnen ke yon prens, yon gran òm vin tonbe nan jou sa a an Israël? 39Mwen fèb jodi a, malgre m onksyone kòm wa. Mesye sila yo, fis a Tseruja yo twò difisil pou mwen! Ke SENYÈ a rekonpanse malfektè a selon mechanste li a.”

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

La deserción y muerte de Abner

  • Cuando Abner rompió con Is-boset, se comprometió a unir todo el reino bajo David desde Dan hasta Beerseba. Esta expresión geográfica era la designación tradicional de toda la Tierra Prometida, abarcando unas 144 millas desde el extremo norte hasta la frontera sur.Fuentes: el propio texto bíblico · Beersheba · Dan
  • Antes de cerrar un pacto con Abner, David exigió el regreso de Mical, hija de Saúl, a quien habían entregado en matrimonio a Paltiel tras la huida de David. Recuperar a Mical reafirmó el matrimonio legítimo de David y preservó su vínculo político y dinástico con la casa de Saúl.Fuentes: el propio texto bíblico · Michal
  • Joab asesinó a Abner en la puerta de Hebrón por venganza de sangre por su hermano Asael, a quien Abner había dado muerte en la batalla de Gabaón. Para demostrar a todo Israel que no participó en el crimen, el rey David guardó luto público, compuso un lamento fúnebre y ayunó hasta la puesta del sol.Fuentes: el propio texto bíblico · Joab · Asahel · Hebron

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Hebron · Hoy: Tel Rumeida · 31.525, 35.102 · versículos 2, 5, 12, 19, 20, 22, 27, 32
  • Geshur · 32.767, 35.700 · versículo 3
  • Dan · Hoy: Tel Dan · 33.249, 35.652 · versículo 10
  • Gibeon · Hoy: El Jib · 31.847, 35.183 · versículo 30

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.