Nations Bible

2 Samuel 22

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1David te pale pawòl a chan sila yoa SENYÈ a nan jou ke SENYÈ a te delivre li soti nan men a tout lènmi li yo ak nan men a Saül. 2Li te di:

“SENYÈ a se wòch mwen,

fòterès mwen ak liberatè mwen;

3Bondye mwen an, wòch mwen an, nan sila

mwen twouve pwotèj la;

boukliye e kòn delivrans mwen,

sitadèl mwen ak refij mwen.

Se konsa mwen va sove devan lènmi mwen yo.

4Mwen rele a SENYÈ a, ki merite lwanj.

Se konsa mwen sove de lènmi mwen yo.

5Paske volas lanmò te antoure mwen;

gran flèv destriksyon yo te monte sou mwen nèt.

6Kòd a sejou lanmò te antoure mwen;

pèlen lanmò yo te menase m.

7Nan gran twoub mwen,

mwen te rele SENYÈ a.

Wi, mwen te rele a Bondye mwen an.

Soti nan tanp Li an, Li te tande vwa m.

Kri sekou mwen te anndan zòrèy Li.

8Latè te tranble e souke.

Fondasyon syèl la t ap tranble.

Yo te sonbre, akoz Li te fache.

9Lafimen te monte sòti nan nen L.

Dife soti nan bouch Li a te devore.

Chabon te fèt pa li.

10Anplis, Li te rale bese syèl yo e te desann.

Yon tenèb byen pwès te anba pye L yo.

11Li te monte sou yon cheriben,

Li te vole.

Li te parèt sou zèl a van an.

12Li te fè tenèb la yon tant Ki antoure Li,

yon vwa dlo, nwaj pwès syèl yo

13soti nan gran klète devan L,

Bout chabon dife yo vin limen.

14SENYÈ a te eklate depi nan syèl la,

e vwa Pli Wo a te reponn.

15Li te lanse flèch pou te gaye yo.

Loray! E yo te sove ale.

16Kanal lanmè yo te vin parèt.

Fondasyon mond lan te dekouvri nèt,

pa repwoch SENYÈ a,

ak fòs van ki sòti nan nen l lan.

17Li te voye soti anwo,

Li te pran m.

Li te rale mwen sòti nan pil dlo yo.

18Li te delivre mwen devan lènmi m byen fò,

Soti nan sila ki te rayi mwen yo.

Paske yo te twò fò pou mwen.

19Yo te kanpe parèt devan m nan jou gran doulè a,

Men SENYÈ a te soutyen mwen.

20Anplis, Li te mennen m nan yon kote byen laj.

Li te fè m chape, paske Li te kontan anpil avè m.

21SENYÈ a te rekonpanse mwen selon ladwati mwen.

Selon men pwòp mwen, Li te fè m twouve rekonpans.

22Paske mwen te kenbe chemen SENYÈ a.

Mwen pa t aji avèk mechanste kont Bondye mwen an.

23Paske tout òdonans Li yo te devan m.

Règleman Li yo, mwen pa t janm kite.

24Anplis, mwen te san fot devan L.

Mwen te rete lib de inikite mwen.

25Pou sa, SENYÈ a te rekonpanse m.

Selon ladwati mwen,

Selon jan mwen pwòp devan zye Li.

26Avèk sila de bon kè yo,

Ou montre bon kè Ou.

Avèk sila ki san fot yo,

Ou parèt san fot.

27Avèk sila ki san tach yo,

Ou montre jan Ou san tach,

Epi avèk sila ki kwochi,

Ou vin parèt avèk entèlijans.

28Ou fè sekou a sila ki aflije yo,

men zye Ou rete sou sila ki ògeye yo,

pou Ou fè yo bese.

29Paske se ou ki lanp mwen, O SENYÈ.

Konsa, SENYÈ a vin klere tout tenèb mwen.

30Paske avèk Ou, Mwen kapab kouri sou yon ekip sòlda.

31Pou Bondye, chemen pa li a san fot.

Pawòl SENYÈ a fin fè prèv.

Li pwoteje tout sila yo ki kache nan Li.

32Paske se kilès Bondye ye,

Sof ke SENYÈ a?

Epi kilès ki se yon woche,

Sof ke Bondye pa nou an?

33Bondye se sitadèl fòs mwen.

Li fè chemen m san fot.

34Li fè pye m tankou pye a sèf,

ki fè m chita nan plas ki wo.

35Li enstwi men m yo pou batay la,

Pou bra mwen kab koube banza fèt an Bwonz.

36Ou te osi ban mwen Boukliye Sali Ou a,

e se soutyen Ou ki fè m pwisan.

37Ou elaji pla pye mwen anba m,

e pye m pa janm chape.

38Mwen te kouri dèyè lènmi mwen yo,

e mwen te detwi yo.

Mwen pa t vire fè bak jiskaske mwen te fin manje nèt.

39Epi mwen te devore yo,

mwen te kraze yo,

Jiskaske yo pa t janm leve.

Konsa, yo te tonbe anba pye mwen.

40Paske Ou te kouvri senti m ak fòs pou batay la.

Ou te soumèt anba m sila ki te leve kont mwen yo.

41Ou te osi fè lènmi m yo vire do ban mwen,

Epi mwen te detwi sila ki te rayi mwen yo.

42Yo te gade, men nanpwen moun ki te pou te sove yo;

menm anvè SENYÈ a, men Li pa t reponn yo.

43Alò mwen te fè poud ak yo

tankou pousyè tè a.

Mwen te kraze e te foule yo

Tankou kras labou lari.

44Ou te osi delivre mwen sòti

nan rebelyon ak zen pèp mwen an.

Ou te kenbe m kòm chèf sou nasyon yo,

45Etranje yo abese devan m.

Depi yo tande, yo obeyi.

46Etranje yo pèdi fòs.

Yo sòti tranblan nan kote kache yo.

47SENYÈ a vivan!

Beni, se wòch mwen an!

Egzalte, se Bondye, wòch sali mwen an.

48Menm Bondye ki egzekite vanjans pou mwen an,

Li ki rale fè desann lòt pèp yo anba m nan,

49Ki osi fè m sòti devan lènmi mwen yo.

Wi, Ou menm fè m leve anwo sila

Ki vin leve kont mwen yo.

Ou ban m sekou devan moun ki vyolan yo.

50Pou sa, mwen va ba Ou remèsiman,

O SENYÈ, pami nasyon yo.

Mwen va chante lwanj a non Ou.

51Li se yon gran sitadèl delivrans pou wa Li a,

ki montre lanmou dous a onksyone pa Li a,

Menm a David avèk desandan pa li yo, jis pou tout tan.”

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

El cántico de liberación de David

  • David entonó este himno de gratitud cuando el Señor lo libró de la mano de todos sus enemigos y de Saúl, recordando toda una vida de pruebas militares y personales.Fuentes: el propio texto bíblico · David
  • El poema recurre ampliamente a imágenes del terreno rocoso y de la guerra antigua, retratando a Dios como peña, fortaleza y escudo, mientras describe al guerrero dotado de agilidad de cierva y fuerza para doblar un arco de bronce.Fuentes: el propio texto bíblico
  • David, quien había pastoreado ovejas y tocado música en las tierras altas de Judá antes de su reinado de cuarenta años, concluye el cántico celebrando la fidelidad eterna del pacto de Dios hacia su rey ungido y su descendencia para siempre.Fuentes: el propio texto bíblico · David · Reign of David

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.