2 Samuel 20
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Alò, te gen yon sanzave ki te la ki te rele Schéba, fis a Bicri, yon Benjamit. Konsa, li te soufle twonpèt la e te di: “Nou pa gen anyen nan David, ni nou pa gen eritaj nan fis Jesse a. Tout moun rive nan tant pa li yo, O Israël!”
2Konsa, tout mesye Israël yo te sispann swiv David, e yo te swiv Schéba, fis a Bicri a. Men mesye Juda yo te rete lwayal a wa pa yo a, soti nan Jourdain an, jis rive Jérusalem.
3David te rive kote lakay li Jérusalem. Epi wa a te pran dis fanm sa yo, ti mennaj ke li te kite pou okipe kay la. Li te mete yo sou siveyans e te bay yo manje, men li pa t antre nan yo. Konsa, yo te rete fèmen jis rive jou ke yo te mouri an e te viv tankou vèv.
4Alò, wa a te di a Amasa: “Rele fè sòti pou mwen mesye Juda yo avan twa jou e ou menm, vin prezan isit la.”
5Konsa, Amasa te ale rele mesye Juda yo, men li te pran reta plis tan ke li te dwe pran an. 6Epi David te di a Abischaï: “Koulye a Schéba, fis a Bicri a, va fè nou plis mal ke Absalom. Pran sèvitè mèt ou yo e kouri dèyè li, pou li pa twouve pou kont li vil ki ranfòse pou chape devan zye nou.”
7Konsa, mesye Abischaï yo te sòti dèyè li, ansanm avèk Keretyen yo, Peletyen yo ak tout mesye vanyan yo. Epi yo te kite Jérusalem pou kouri dèyè Schéba, fis a Bicri a. 8Lè yo te la nan gwo wòch ki Gabaon an, Amasa te vin rankontre yo. Alò Joab te abiye an vètman militè e sou li, te gen yon sentiwon avèk yon nepe nan fouwo li ki te tache nan senti li; epi pandan li t ap avanse, nepe a te vin tonbe parèt. 9Joab te di Amasa: “Èske sa byen avèk ou, frè m?” Epi Joab te kenbe Amasa pa bab li avèk men dwat pou bo li. 10Men Amasa pa t veye kont nepe ki te nan men Joab la. Konsa, li te frape li nan vant avèk li e zantray li te vide tonbe atè e san frape l ankò, li te mouri. Alò Joab avèk Abischaï, frè li a, te kouri dèyè Schéba, fis a Bicri a. 11Alò, akote li, te kanpe youn nan jennonm a Joab yo, ki te di: “Nenpòt moun ki pou Joab e nenpòt moun ki pou David, kite li swiv Joab.”
12Men Amasa te kouche tòde vire nan san li nan mitan granchemen an. Epi lè nonm nan te wè ke tout moun te kanpe, li te deplase Amasa soti nan granchemen an rive nan chan an e li te jete yon vètman sou li lè li te wè ke tout moun ki te pase kote li te vin kanpe. 13Depi li te rete sou granchemen an, tout mesye yo te pase ale dèyè Joab pou kouri dèyè Schéba, fis a Bicri a. 14Alò, li te pase nan tout tribi Israël yo jis rive Abel, menm jis nan Beth-Maaca ak tout Berit yo. Yo te rasanble ansanm pou te ale dèyè li tou. 15Yo te vin fè syèj sou li nan Abel Beth-Maaca. Yo te monte yon ran syèj kont vil la. Li te kanpe rive nan mi ranpa e tout moun ki te avèk Joab yo t ap kraze pou yo fè mi an tonbe.
16Epi yon fanm lespri te rele soti nan vil la: “Koute, koute! Souple di Joab: ‘Vin isit la pou m kab pale avèk ou.’ Koute pawòl a sèvant ou an.” Epi li te reponn: “M ap koute.” 17Konsa, li te pwoche li e fanm nan te di: “Èske se Joab ke ou ye?”
Epi li te reponn: “Se mwen”.
Alò, li te di li: “Koute pawòl a sèvant ou an.”
Epi li te reponn: “M ap koute.” 18Epi li te pale e te di: “Lontan yo te konn di: ‘Yo va anverite mande konsèy nan Abel,’ e se konsa, yo te rezoud pwoblèm nan. 19Mwen pami sila ki pezib e fidèl an Israël yo. W ap chache detwi yon vil, menm yon manman an Israël. Poukisa ou ta anglouti tout eritaj SENYÈ a?”
20Joab te reponn: “Lwen de sa, lwen de mwen pou mwen ta anglouti, oswa detwi! 21Se pa konsa ka a ye! Men yon nonm soti nan peyi ti mòn Ephraïm nan, Schéba, fis a Bicri a, selon non li, li te leve men li kont Wa David. Sèlman, lonje bannou li e mwen va kite vil la.”
Epi fanm nan te di a Joab: “Gade byen, se tèt li m ap jete ba ou sou mi an.”
22Alò, fanm lespri a te vin kote tout pèp la. Epi yo te koupe tèt aSchéba, fis Bicri a e te jete li bay Joab. Konsa, li te soufle twonpèt la e yo te lèse kite vil la. Chak moun te ale kote tant pa yo. Joab, anplis, te retounen kote wa a Jérusalem.
23Alò, Joab te sou tèt tout lame Israël la e Benaja, fis a Jehojada a te sou Keretyen yo avèk Peletyen yo; 24epi Adoram te sou travay fòse a e Josaphat, fis a Achilud la te grefye a; 25epi Scheja te sekretè a e Tsadok avèk Abiathar te prèt; 26epi Ira, Jayirit la te yon prèt osi pou David.

¿Sabías que…?
La revuelta de Seba y el asedio de Abel
- Seba, un hombre de la tribu de Benjamín (el mismo linaje del antiguo rey Saúl), aprovechó las tensiones entre las tribus del norte de Israel y Judá tras la derrota de Absalón para iniciar una nueva revuelta contra David.Fuentes: Sheba · el propio texto bíblico
- David había nombrado a Amasa para dirigir el ejército en lugar de Joab. Durante la persecución de Seba, Joab eliminó a su rival junto a la gran piedra de Gabaón, saludando a Amasa con un beso mientras lo hería con una daga oculta.Fuentes: Amasa · Joab · el propio texto bíblico
- Abel-bet-maaca era una ciudad fortificada en el norte, en el territorio de Neftalí, descrita como 'madre en Israel' y conocida como un lugar para resolver disputas. Una mujer sabia de la ciudad negoció con Joab para levantar el asedio a cambio de la vida de Seba.Fuentes: Beth-maacah · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 2, 3, 7, 22
- Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 2
- Gibeon · Hoy: El Jib · 31.847, 35.183 · versículo 8
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org