2 Samuel 17
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Anplis, Achitophel te di a Absalom: “Souple, kite mwen chwazi douz-mil òm pou m kab leve kouri dèyè David aswè a menm. 2Mwen va vini sou li pandan li fatige e bouke e fè l vin sezi pou tout moun ki avèk li yo kouri ale. Konsa, se sèl wa a mwen va frape touye, 3epi mwen va fè retounen tout moun yo a ou menm. Retou a tout moun yo depann de nonm ou chache a; answit, tout pèp la va anpè.”
4Konsa, plan an te fè Absalom avèk tout ansyen Israël yo kontan. 5Alò, Absalom te di: “Alò, rele Huschaï, Akyen an tou e annou tande sa ke li gen pou di.”
6Lè Huschaï te rive a Absalom, Absalom te di li: “Achitophel te pale konsa. Èske nou dwe fè plan pa li a? Si se pa sa, pale.”
7Konsa, Huschaï te di a Absalom: “Fwa sa a, konsèy ke Achitophel te bay la, pa bon.” 8Anplis, Huschaï te di: “Ou konnen papa ou avèk mesye pa li yo se mesye plen kouraj e fewòs, tankou yon lous ki pèdi pitit li nan chan. Epi papa ou gen gwo eksperyans lagè e li p ap pase nwit lan avèk pèp la. 9Gade byen, depi koulye a, li gen tan kache nan youn nan kavèn yo oswa nan yon lòt plas; epi li va rive ke lè li tonbe sou yo nan premye atak la, ke nenpòt moun ki tande va di: ‘Gen yon masak ki fèt pami moun ki swiv Absalom yo.’ 10Epi menm sila ki gen gwo kouraj yo, ki gen kè tankou kè a lyon yo, va vin pèdi kouraj nèt; paske tout Israël konnen ke papa ou se yon nonm pwisan e sila ki avèk li yo se mesye vanyan. 11Men konsèy pa m se ke tout Israël vin, anverite, rasanble bò kote ou, soti nan Dan jis rive nan Beer-Schéba, tankou sab bò lanmè an gran kantite, e ke ou menm, pèsonèlman antre nan batay la. 12Konsa, nou va vini sou li nan plas kote li kapab twouve yo, nou va tonbe sou li tankou lawouze tonbe atè; epi konsènan li avèk tout mesye ki avèk li yo, p ap gen menm youn ki rete. 13Si li retire li nan yon vil, alò, tout Israël va mennen kòd kote vil sila a e yo va rale li nèt antre nan vale a jis nanpwen yon ti wòch ki rete.”
14Alò, Absalom avèk tout mesye Israël yo te di: “Konsèy Huschaï pi bon ke konsèy Achitophel la.” Paske SENYÈ a te deja detèmine pou anile bon konsèy Achitophel la, pou SENYÈ a ta kapab fè gwo dezas rive Absalom.
15Epi Huschaï te di a Tsadok avèk Abiathar, prèt yo: “Sa se konsèy sa a ke Achitophel te bay Absalom avèk ansyen a Israël yo e se sa ke mwen te konseye. 16Alò, pou sa, voye vit pale David e di: ‘Pa pase nwit lan kote ki pou janbe dlo rive nan dezè a, men fè sèten ke nou janbe, oswa wa a avèk tout moun ki avèk li yo va vin detwi.’”
17Alò, Jonathan avèk Achimaats te rete En-Rougel. Yon sèvant te gen pou ale pale yo pou yo ta ale avèti Wa David, paske yo pa t kapab kite moun wè yo antre nan vil la. 18Men yon gason te wè yo kanmenm e te di Absalom. Pou sa, yo te pati vit rive lakay a yon mesye Bachurim ki te gen yon pwi nan lakou a, e yo te desann antre ladann. 19Konsa, fanm nan te pran yon kouvèti. Li te ouvri li sou bouch pwi a, e li te gaye sereyal sou li jiskaske yo pa t konnen anyen. 20Alò, sèvitè a Absalom yo te vin kote fanm nan lakay li e te di: “Kote Achimaats avèk Jonathan?”
Epi fanm nan te di yo: “Yo fin janbe dlo a.”
Konsa, lè yo te chache e pa t kab jwenn yo, yo te retounen Jérusalem. 21Li te vin rive lè yo te fin ale ke yo te monte sòti nan pwi a, yo te ale pale Wa David e yo te di David: “Leve, travèse dlo a byen vit paske Achitophel te bay konsèy kont ou.”
22Alò, David avèk tout moun ki te avèk li yo te leve janbe Jourdain an. Lè solèy te vin leve, pa t gen youn ki rete ki pa t janbe Jourdain an.
23Alò, lè Achitophel te wè ke konsèy pa li a pa t swiv, li te sele bourik li e li te leve ale lakay li nan vil li a. Li te mete lakay li an lòd e te trangle pwòp tèt li. Konsa, li te mouri e te antere nan tonm a papa li.
24Alò, David te rive Mahanaïm. Epi Absalom te travèse Jourdain an, li menm avèk tout mesye Israël yo avèk yo. 25Absalom te mete Amasa sou tèt lame a nan plas Joab. Alò Amasa te fis a yon mesye ki te rele Jithra, Izrayelit la, ki te antre nan Abigail, fi a Nachasch, sè a Tseruja a, manman a Joab. 26Epi Israël avèk Absalom te fè kan nan peyi Galaad la.
27Alò, lè David te vini Mahanaïm, Schobi, fis a Nachasch ki sòti Rabba a, a fis Ammon yo, Makir, fis a Ammiel Lodebar a ak Barzillaï, Galaadit Roguelim nan, 28te pote kabann yo, basen yo, po kanari yo, ble, lòj, farin, sereyal boukannen, pwa, pwa lantiy, avèk grenn boukannen, 29siwo myèl, bòl lèt, mouton ak fwomaj ki sòti nan twoupo a, pou David ak moun ki te avèk li yo ta manje. Paske yo te di: “Pèp la grangou, fatige e swaf nan dezè a.”
¿Sabías que…?
Consejos Opuestos y la Huida de David
- Husai aconsejó intencionadamente a Absalón que retrasara el ataque y reuniera a todo Israel "desde Dan hasta Beerseba", una expresión tradicional que designaba toda la extensión de la tierra. Este retraso estratégico frustró el plan de Ajitófel de un ataque inmediato y le dio al rey David tiempo suficiente para cruzar el río Jordán con su pueblo.Fuentes: el propio texto bíblico · Hushai · Beersheba
- Para transmitir información a David, los jóvenes sacerdotes Ahimaas y Jonatán se situaron en la fuente de En-rogel, fuera de Jerusalén. Cuando los espías de Absalón los detectaron, los mensajeros se ocultaron dentro de un pozo en un patio de Bahurim, donde una mujer los tapó extendiendo una manta cubierta de grano.Fuentes: el propio texto bíblico · Ahimaaz · Jonathan · Bahurim
- Tras cruzar el Jordán, David halló refugio en Mahanaim, una ciudad fortificada al este del río. Allí, destacados líderes locales proveyeron al agotado grupo real de camas, vasijas y provisiones como lentejas, grano tostado, miel y queso.Fuentes: el propio texto bíblico · Mahanaim
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Dan · Hoy: Tel Dan · 33.249, 35.652 · versículo 11
- Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículos 16, 21, 22, 24
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 20
- Gilead · Hoy: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · versículos 26, 27
- Ammon · 31.955, 35.934 · versículo 27
- Rabbah · Hoy: Amman · 31.955, 35.934 · versículo 27
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org