Nations Bible

2 Samuel 13

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Pita, apre sa Absalom, fis a David la te gen yon sè byen bèl ki te rele Tamar e Amnon, fis a David la te renmen li. 2Amnon te tèlman fristre akoz sè li, Tamar, ke sa te fè li vin malad, paske li te vyèj e li te sanble difisil pou Amnon fè yon bagay ak li. 3Men Amnon te gen yon zanmi ki te rele Jonadab, fis a Schimea a, frè David. Epi Jonadab te yon nonm byen rize. 4Li te di li: “O fis a wa a, poukisa ou deprime maten apre maten konsa? Èske ou p ap di m sa?”

Epi Amnon te di li: “Mwen tonbe nan renmen avèk Tamar, sè a frè m nan, Absalom.”

5Alò, Jonadab te di li: “Kouche sou kabann ou e fè kòmsi ou malad. Lè papa ou vin wè ou, di li: ‘Souple, kite sè m nan, Tamar vin ban m manje. Kite li prepare manje a devan zye m, pou mwen kapab wè li e manje manje a soti nan men li.’”

6Konsa, Amnon te kouche e te fè tankou li te malad. Lè wa a te vin wè li, Amnon te di a wa a: “Souple, kite sè m nan, Tamar vini fè kèk gato devan zye m, pou m kab manje nan men li.”

7Alò, David te voye lakay pou Tamar. Li te di: “Ale koulye a lakay frè ou a, Amnon e prepare manje pou li.” 8Konsa, Tamar te ale lakay Amnon pandan li te kouche a. Li te pran boul pen an, li te fwote l, li te fè gato devan zye li e te kwit gato yo. 9Li te pran chodyè a pou te lonje mete yo devan li, men li te refize manje. Epi Amnon te di: “Fè tout moun sòti devan m.” Konsa tout moun te sòti devan li. 10Alò, Amnon te di a Tamar: “Mennen manje a nan chanm dòmi mwen an, pou m kab manje li nan men ou.” Konsa, Tamar te pran gato ke li te fè yo e te mennen yo antre nan chanm dòmi kote frè li a, Amnon. 11Lè li te mennen kote li pou manje, Amnon te kenbe li e te di li: “Vin kouche avè m, sè mwen.”

12Men li te reponn li: “Non, frè mwen, pa vyole mwen! Paske bagay konsa yo pa fèt an Israël. Pa fè dega sila a! 13Pou mwen menm, kote mwen ta kab livre a wont sa a? Epi pou ou menm, ou va tankou yon moun ranpli avèk foli an Israël. Pou sa, souple, pale avèk wa a, paske li p ap anpeche ou pran m.”

14Sepandan, li pa t koute li. Akoz Amnon te pi fò pase li, li te vyole li, e te kouche avèk li. 15Epi Amnon te vin rayi li avèk yon trè gwo rayisman. Rayisman avèk sila li te rayi li a te pi gran pase renmen avèk sila li te renmen li an. Amnon te di li: “Leve, sòti!”

16Men li te di a li: “Non, paske mal sa a ke w ap fè nan voye m ale a pi mal pase lòt ke ou te fè m nan!”

Men li pa t koute li. 17Alò, li te rele jennonm ki t ap okipe li a, e te di: “Koulye a, jete fanm sa deyò prezans mwen e kadnase pòt la dèyè l.”

18Alò, li te genyen yon rad avèk manch long, paske se te konsa fi vyèj a wa yo te konn abiye an manto. Epi sèvitè l te mennen Tamar deyò e te kadnase pòt la dèyè li. 19Tamar te mete sann yo sou tèt li e te chire manch long yo nan rad sou li a. Li te mete men li sou tèt li, li te sòti e t ap kriye fò pandan li prale a. 20Alò, Absalom, frè li a te di li: “Èske Amnon, frè ou a te avèk ou? Men koulye a, rete an silans, sè mwen, li se frè ou. Pa mete afè sa a sou kè ou.”

Pou sa, Tamar te rete e te dezole lakay Absalom, frè li a. 21Alò, lè David te tande tout koze sila yo, li te vin byen fache. 22Men Absalom pa t pale ak Amnon anyen, ni bon, ni mal; paske Absalom te rayi Amnon akoz li te vyole sè li a, Tamar.

23Alò, li te vin rive apre dezan nèt ke Absalom te gen moun pou taye lenn mouton Baal-Hatsor ki toupre Ephraïm, e Absalom te envite tout fis a wa yo. 24Absalom te vin kote wa a e te di: “Gade byen, sèvitè ou a genyen moun k ap taye lenn mouton. Souple, kite wa a avèk sèvitè li yo ale avèk sèvitè ou.”

25Men wa a te di a Absalom: “Non, fis mwen, se pa tout moun ki pou ale, paske nou va yon fado pou ou.” Malgre li te ankouraje li, li pa t ale, men li te beni li.

26Alò, Absalom te di: “Si se pa sa, souple kite frè m nan, Amnon, ale avèk nou.”

Epi wa a te di li: “Poukisa li dwe ale avèk ou?”

27Men lè Absalom te ankouraje li, li te kite Amnon avèk tout fis a wa yo ale avèk li. 28Absalom te kòmande sèvitè li yo. Li te di: “Gade koulye a, lè kè Amnon kontan avèk diven an, lè mwen di nou: ‘Frape Amnon’, alò, mete li a lanmò. Pa pè! Èske se pa mwen menm ki kòmande nou? Pran kouraj e rete brav.”

29Sèvitè a Absalom yo te fè Amnon jis jan ke Absalom te kòmande a. Epi tout fis a wa yo te leve monte milèt pa yo e te sove ale.

30Alò, se te pandan ke yo te nan wout la yon rapò te rive kote David ki te di: “Absalom te frape fè tonbe tout fis a wa yo e nanpwen youn nan yo ki te rete.”

31Konsa, wa a te leve. Li te chire rad li e te kouche atè, epi tout sèvitè li yo te kanpe akote avèk rad yo chire. 32Jonadab, fis a Schimea a, frè David la, te reponn: “Pa kite mèt mwen an sipoze ke yo te mete a lanmò tout jennonm yo, fis a wa yo. Se sèl Ammon ki mouri. Se sa ki te entansyon Absalom. Afè sa a te vin detèmine depi jou ke li te vyole sè li a, Tamar. 33Alò pou sa, pa kite mèt mwen, wa a, pran rapò sa a a kè, ki vle di ‘tout fis a wa yo mouri’, paske se sèl Amnon ki mouri.” 34Alò, Absalom te sove ale deja. Epi jennonm ki te gadyen an te leve zye li gade e vwala, anpil moun t ap vini soti nan wout la dèyè li akote baz mòn nan. 35Jonadab te di a wa a: “Gade byen, men fis a wa yo gen tan vini! Menm jan avèk pawòl sèvitè ou a, se konsa sa fèt.” 36Depi li fin pale a, vwala, fis a wa yo te vini e te leve vwa yo pou te kriye. Konsa, wa la menm, avèk tout sèvitè li yo te kriye byen anmè.

37Men Absalom te sove ale e te ale kote Talmaï, fis a Ammihur a, wa a Gueschur a. David te kriye fè lamantasyon pou fis li a chak jou. 38Konsa, Absalom te sove ale nan Gueschur e te rete la, pandan twazan. 39Wa David te byen vle ale kote Absalom, paske li te pran rekonfò konsènan Amnon, akoz li te mouri.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Tragedia y venganza en la casa de David

  • Amnón era el hijo primogénito de David y Ahinoam de Jezreel, mientras que Absalón y Tamar eran hijos de David y Maaca, hija del rey Talmai de Gesur.Fuentes: Amnon · Absalom · Talmai · el propio texto bíblico
  • Absalón esperó dos años enteros para consumar su venganza contra Amnón, eligiendo la ocasión festiva del esquileo de ovejas en Baal-hazor, junto a la frontera de Efraín.Fuentes: Absalom · Baal-hazor · el propio texto bíblico
  • Tras el asesinato de Amnón, Absalón huyó al territorio de Gesur para refugiarse junto a su abuelo materno, el rey Talmai hijo de Amihud, donde permaneció durante tres años.Fuentes: Absalom · Talmai · Ammihud · Geshur

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 30, 34
  • Geshur · 32.767, 35.700 · versículos 37, 38

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.