2 Samuel 10
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Li te vin rive apre ke wa a Amoreyen an te mouri e Hanun, fis li a, te devni wa nan plas li. 2Konsa, David te di: “Mwen va montre bòn volonte mwen a Hanun, fis a Nachasch la, jis jan ke papa li te montre m bòn volonte a.” Konsa, David te voye kèk nan sèvitè li yo pou konsole li konsènan papa li. Konsa, sèvitè a David yo te rive nan peyi Amonit yo.
3Men prens a Amonit yo te di a Hanun, mèt pa yo a: “Èske ou kwè ke David ap onore papa ou akoz li te voye moun konsole ou? Èske David pa t pito voye sèvitè li yo kote ou pou fè ankèt vil la, pou espyone ak boulvèse li?”
4Konsa, Hanun te pran sèvitè a David yo, li te pase razwa sou mwatye bab yo, li te koupe manto yo jis rive nan mitan kote kwis yo, e li te voye yo ale. 5Lè yo te pale David sa, li te voye rankontre yo, paske mesye yo te imilye anpil. Epi wa a te di: “Rete Jéricho jiskaske bab nou vin pouse e konsa, retounen.”
6Alò, lè fis a Ammon yo te wè ke yo te vin rayisab devan David, fis a Ammon yo te voye anplwaye Siryen yo Beth-Rehob e Siryen yo a Tsoba, ven-mil sòlda a pye, wa Macca avèk mil lòm e mesye a Tob yo avèk douz-mil lòm. 7Lè David te tande sa, li te voye Joab avèk tout lame mesye vanyan yo. 8Fis a Ammon yo te vin parèt. Yo te ranje yo nan chan batay la devan antre vil la, pandan Siryen a Tsoba yo avèk Rehob, mesye a Tob yo avèk Maaca pou kont yo te nan chan an. 9Alò, lè Joab te wè ke batay la te ranje kont li pa devan kon pa dèyè, li te seleksyone pami mesye pi chwazi an Israël yo pou te ranje yo kont Siryen yo. 10Men rès nan pèp la, li te plase yo nan men Abischaï, frè li a e li te ranje yo kont fis Ammon yo. 11Li te di: “Si Siryen yo twò fò pou mwen, alò, ou va ban m sekou; men si fis a Ammon yo twò fò pou ou, alò, mwen va vin ede ou. 12Pran kouraj e kite nou parèt ak tout fòs nou pou koz a pèp nou an e pou vil Bondye pa nou an. Ke SENYÈ a kapab fè sa ki bon nan zye Li.” 13Konsa, Joab avèk moun ki te avèk li yo te rapwoche nan batay la kont Siryen yo e yo te sove ale devan yo. 14Lè fis a Ammon yo te wè ke Siryen yo te sove ale, yo osi te sove ale devan Abischaï e te antre nan vil la. Alò, Joab te retounen sispann goumen kont fis a Ammon yo pou te rive kote Jérusalem.
15Lè Siryen yo te wè ke yo te fin bat pa Israël, yo te vin rasanble ansanm. 16Epi Hadarézer te voye chache Siryen ki te pi lwen Rivyè Euphrate la pou yo te vini Hélam. Schobac, Kòmandan a lame a Hadarézer a te sou tèt yo. 17Alò, lè sa te pale a David, li te rasanble tout Israël ansanm e te travèse Jourdain an pou te rive vè Hélam. Konsa, Siryen yo te alinye yo pou rankontre David e te goumen kont li. 18Men Siryen yo te sove ale devan Israël. David te touye sèt-san mèt a cha Siryen, karant-mil chevalye e te frape fè desann Schobac, kòmandan lame pa yo a, e li te mouri la. 19Lè tout wa yo, sèvitè a Hadarézer yo te wè ke yo te pèdi devan Israël, yo te fè lapè avèk Israël pou te sèvi yo. Konsa, Siryen yo te vin gen krent pou ede fis a Ammon yo ankò.

¿Sabías que…?
La guerra contra los amonitas y arameos
- Cuando el rey Janún de Amón sospechó que los emisarios de David eran espías, los humilló rapándoles la mitad de la barba y cortándoles la ropa a la altura de las caderas. Debido a su gran vergüenza, David les ordenó quedarse en Jericó hasta que les creciera la barba de nuevo.Fuentes: el propio texto bíblico · Hanun · Jericho
- Al darse cuenta de que se habían hecho odiosos para David, los amonitas contrataron a miles de soldados mercenarios arameos de reinos vecinos como Bet-rejob, Soba y Maaca para luchar contra Israel.Fuentes: el propio texto bíblico · Zobah · Maacah
- Al verse atrapado entre dos frentes—los amonitas junto a las puertas de la ciudad y los arameos en campo abierto—, Joab dividió las fuerzas de Israel, liderando él mismo las tropas escogidas contra los arameos y dejando el resto a su hermano Abisay.Fuentes: el propio texto bíblico · Joab · Abishai
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Ammon · 31.955, 35.934 · versículos 1, 2, 3, 6, 8, 10, 11, 14, 19
- Jericho · Hoy: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · versículo 5
- Maacah · 33.258, 35.581 · versículos 6, 8
- Zobah · 33.935, 36.151 · versículos 6, 8
- Syria · Hoy: Aram · 33.511, 36.306 · versículos 9, 11, 13, 14, 17, 18, 19
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 14
- Euphrates · Hoy: Euphrates River · 31.004, 47.442 · versículo 16
- Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 17
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org