2 Pedro 2
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Men fo pwofèt yo te osi leve pami pèp la. Menmjan an, va gen fo enstriktè pami nou tou, ki va entwodwi an sekrè fo doktrin destriktif yo, ki menm nye Mèt la ki te ransonnen yo a, e yo pote destriksyon rapid sou tèt yo. 2Anpil va swiv vi sansyèl yo, e akoz de yo, chemen laverite a va meprize. 3Epi nan vorasite yo, yo va eksplwate nou avèk fo pawòl, men jijman a yo menm ki te prepare depi nan tan lontan an p ap mize, e destriksyon yo p ap dòmi. 4Paske si Bondye pa t epagne zanj yo lè yo te peche a, men te voye yo nan labim tenèb ki te rezève pou jijman an; 5epi pa t epagne ansyen mond lan, men te prezève Noé, yon predikatè ladwati, avèk sèt lòt, lè Li te voye yon delij sou mond konwonpi a, 6epi si Li te kondane vil Sodome ak Gomorrhe pou destriksyon e te redwi yo an sann, epi te fè yo yon egzanp pou sila ki ta vin mennen yon vi san Bondye pi devan yo; 7epi si li te delivre Lot ki te yon nonm ladwati, oprime pa sansyalite a mesye san prensip yo, 8(paske pa sa ke li te wè e tande nonm ladwati sila a, pandan li t ap viv pami yo, te santi nanm dwat li a te toumante jou apre jou pa zèv san règ ni lwa yo.) 9Alò Senyè a konnen kijan pou Li delivre moun Li yo de tantasyon, e pou kenbe mechan an anba pinisyon pou jou jijman an. 10Sitou sila ki satisfè lachè a nan dezi konwonpi li yo, e ki meprize otorite. Plen kouraj e awogan, yo pa menm tranble lè yo ensilte zanj majeste yo, 11malgre zanj ki pi gran an pwisans ak pouvwa yo pa janm pote yon move jijman kont yo devan Senyè a. 12Men sa yo, tankou bèt san rezon, fèt tankou kreyati ki aji san refleksyon, ki fèt pou kapte e touye, ki mal pale kote yo pa gen konesans, va osi detwi nan destriksyon a kreyati sila yo.
13Y ap soufri mal kòm salè a mal ke yo fè. Se plezi yo pou fè banbòch an plèn joune. Se tach ak salte, k ap fè kè kontan nan desepsyon yo, pandan y ap fete avèk nou. 14Ak zye plen adiltè ki pa janm sispann fè peche, yo sedwi nanm ki pa stab yo. Kè yo ki antrene pou lanvi tout bagay, se pitit madichon yo ye. 15Nan abandone bon chemen an, yo vin egare pou swiv chemen Balaam, fis Bosor a, ki te renmen salè inikite yo. 16Men li te resevwa yon repwòch pou pwòp transgresyon li. Paske yon bourik bèbè te pale avèk vwa yon moun, e te mete fren a foli a pwofèt la.
17Sa yo se sous san dlo e nyaj ki pouse pa yon van tanpèt pou sila tenèb fènwa fin rezève nèt la. 18Paske nan pale fò avèk awogans ak vanite, yo sedwi pa dezi lachè yo, pa sansyalite, atake sila ki prèske pa gen fòs yo pou chape devan sila ki viv nan erè yo, 19k ap pwomèt yo libète, pandan yo menm se esklav a koripsyon; paske sa ki domine yon moun, fè l vin esklav.
20Paske si, apre yo fin chape de tout bagay sal mond sa a pa konesans Senyè ak Sovè a Jésus Kri, yo bwouye ladan yo ankò e vin simonte dènye eta yo a vin pi mal pase premye a. 21Paske li ta pi bon pou yo pa t konnen chemen ladwati a, olye yo vin konnen l, pou vire kite kòmandman sen ki te livre a yo menm nan. 22Men sa ki vin rive a yo menm selon vre pwovèb la: “Yon chen retounen a pwòp vomisman l” epi “gwo manman kochon an, lè l fin benyen, li retounen woule kò l nan labou a.”

¿Sabías que…?
Falsos maestros y juicios del pasado
- 2 Pedro señala a Sodoma y Gomorra, reducidas a cenizas, como ejemplo de lo que vendrá sobre los impíos. El Diccionario Bíblico de Easton (1897) describe Sodoma como una ciudad amurallada en el valle de Sidim, destruida por fuego del cielo, y Gomorra como una de las cinco ciudades de esa llanura, siempre nombrada justo después de Sodoma. Dice que esas ciudades probablemente estaban juntas, cerca del extremo norte de lo que hoy es el Mar Muerto, y que no se ha hallado rastro de Sodoma ni de las otras ciudades de la llanura.Fuentes: el propio texto bíblico · Sodom · Gomorrah
- El capítulo dice que estos falsos maestros dejaron el camino recto para seguir a Balaam, hijo de Beor, que amó el salario de la maldad y fue reprendido por una asna, de otro modo sin habla, que habló con voz humana. El Diccionario Bíblico de Easton describe a Balaam como un hombre de cierto rango entre los madianitas, que vivía en Petor, en Mesopotamia; aunque habitaba entre idólatras, tenía algún conocimiento del verdadero Dios, y Balac lo mandó llamar para maldecir a Israel. El mismo diccionario señala que Beor, padre de Balaam, es llamado Bosor en 2 Pedro 2:15.Fuentes: el propio texto bíblico · Balaam · Beor
- 2 Pedro llama a Noé un predicador de la justicia y dice que fue preservado entre ocho personas cuando el diluvio vino sobre los impíos del mundo antiguo. El Diccionario Bíblico de Easton lo identifica como hijo de Lamec y nieto de Matusalén, y lo describe como un vínculo entre el mundo antiguo y el nuevo y como el segundo gran progenitor de la familia humana. Registra que vivió quinientos años antes de que nacieran sus tres hijos, Sem, Cam y Jafet.Fuentes: el propio texto bíblico · Noah
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org