2 Reyes 3
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Alò Joram, fis Achab la te devni Wa sou Israël nan Samarie nan di-zuityèm ane a Josaphat, wa Juda a, e li te renye pandan douzan. 2Li te fè mal nan zye SENYÈ a, malgre, se pa tankou papa li avèk manman li. Paske li te retire pilye sakre a Baal ke papa li te fè a. 3Sepandan, li te kenbe rèd a peche Jéroboam, fis a Nebat la. Avèk sila li te fè Israël peche a. Li pa t kite yo.
4Alò, Mesha, wa Moab la te yon mèt ki fò nan pran swen mouton. Li te konn peye wa Israël la avèk lenn a san-mil jenn mouton ansanm avèk lenn san-mil belye. 5Men lè Achab te vin mouri, wa Moab la te fè rebèl kont wa Israël la. 6Konsa, wa Joram te kite Samarie nan tan sa a pou te rasanble tout Israël. 7Alò, li te voye kote Josaphat, wa Juda a. Li te di: “Wa Moab la te fè rebèl kont mwen. Èske ou va monte avè m pou goumen kont Moab?”
Li te reponn: “M ap monte. Mwen tankou ou menm e pèp mwen an tankou pèp pa w la, cheval mwen yo tankou cheval pa ou yo.” 8Konsa, li te mande: “Nan ki chemen nou dwe monte?”
Wa Joram te reponn: “Pa chemen dezè ki nan Édom an.” 9Konsa, wa Israël la te ale avèk wa Juda a ak wa Édom an e nan vwayaj la, yo fè yon tou mache pandan sèt jou, e pa t gen dlo pou lame a ak pou betay ki te swiv yo. 10Alò, wa Israël la te di: “Elas! Konsa SENYÈ a te rele twa wa sa yo pou lage yo nan men Moab.”
11Men Josaphat te di: “Èske pa gen yon pwofèt SENYÈ a isit la, pou nou kapab fè demann SENYÈ a pa li menm?”
Youn nan sèvitè wa yo te reponn. Li te di: “Élisée, fis a Schaphath la, ki te konn vide dlo sou men a Élie yo isit la.”
12Josaphat te di: “Pawòl SENYÈ a avèk li.” Konsa, wa Israël la avèk Josaphat, avèk wa Édom an te desann kote li.
13Alò, Élisée te di a wa Israël la: “Kisa m gen avè w? Ale kote pwofèt a papa ou avèk pwofèt a manman ou yo.”
Wa Israël la te reponn: “Non, paske SENYÈ a te rele twa wa sila yo ansanm pou livre yo nan men a wa Moab la.”
14Élisée te di: “Jan SENYÈ a viv la, devan sila mwen kanpe a, si se pa ke m respekte prezans a Josaphat, wa Juda a, mwen pa t ap gade ou, ni wè ou. 15Men koulye a, mennen ban mwen yon mizisyen.” Epi li te vin rive ke lè mizisyen an te jwe, men SENYÈ a te vini sou Elisée. 16Li te di: “Konsa di SENYÈ a: ‘Fè vale sila a vin ranpli avèk kanal.’ 17Paske konsa pale SENYÈ a: ‘Ou p ap wè van ni ou p ap wè lapli. Malgre sa, vale sila a va vin ranpli avèk dlo pou nou kab bwè; ni nou, ni bèf nou yo, ni bèt nou yo. 18Sa se sèlman yon tikras bagay nan zye SENYÈ a. Anplis, Li va livre Moabit yo nan men nou. 19Konsa, nou va frape chak vil ki fòtifye e chak nan pi bèl vil yo, koupe mete atè tout bon pyebwa, bouche tout sous dlo e gate tout bon mòso tè avèk wòch yo.’”
20Li te vin rive nan maten vè lè pou ofri sakrifis la, ke vwala, dlo te sòti vè direksyon Édom e peyi a te vin ranpli avèk dlo.
21Alò, tout Moabit yo te tande ke wa yo te monte pou goumen kont yo. Epi tout moun ki te kapab, te mete vètman pwotèj yo e sila avèk plis laj yo te resevwa lòd pou vin kanpe sou lizyè fwontyè a. 22Yo te leve bonè nan maten, solèy la te vin klere sou dlo a, e Moabit yo te wè dlo anfas yo a wouj tankou san. 23Konsa, yo te di: “Sa se san. Asireman, wa yo te goumen ansanm e youn te touye lòt. Pou sa, Moab, antre pran piyaj la!”
24Men lè yo te rive nan kan Israël la, Izrayelit yo te leve e te frape Moabit yo jiskaske yo te kouri devan yo. Epi yo te avanse nan peyi a e te fè yon gwo masak pami Moabit yo. 25Konsa, yo te detwi vil yo, epi chak moun te jete yon wòch sou chak mòso bon tè pou te plen yo. Epi yo te bouche tout sous dlo yo e te koupe tout bon pyebwa yo, jis yo rive nan Kir-Haréseth kote se sèl wòch li yo ki rete. Men mesye fistibal yo te antoure li e te frape li. 26Lè wa Moab la te wè ke batay la te twò mechan pou li, li te pran avèk li sèt-san mesye ki te rale nepe pou ouvri yon pasaj pou rive kote wa Édom an; men yo pa t kapab. 27Alò, li te pran pi gran fis li a ki te gen pou renye nan plas li, e li te ofri li kòm yon ofrann brile sou mi an. Epi te vin gen lakòlè byen cho kont Israël, e yo te kite li pou retounen nan peyi pa yo.
¿Sabías que…?
La Guerra contra Moab y la Profecía de Eliseo
- Mesa, rey de Moab, era criador de ovejas y pagaba un tributo anual de 100.000 corderos y la lana de 100.000 carneros al rey de Israel. Tras la muerte del rey Acab, Mesa se rebeló, lo que llevó a Joram, hijo de Acab, a movilizar su ejército y aliarse con Josafat, rey de Judá, y el rey de Edom.Fuentes: el propio texto bíblico · Joram · Kir-hareseth
- Tras una marcha de siete días por el desierto de Edom que dejó a los ejércitos aliados y a sus animales sin agua, acudieron al profeta Eliseo. A petición de Eliseo, un tañedor tocó el arpa y el profeta anunció que las zanjas del valle se llenarían de agua sin que hubiera viento ni lluvia.Fuentes: el propio texto bíblico · Elisha · Edom
- El sol matutino reflejado en las aguas recién acumuladas hizo que parecieran rojas como la sangre para los moabitas, quienes creyeron que los reyes aliados se habían matado entre sí. El ataque moabita resultó en desastre y culminó en el asedio de la fortaleza de Quir-jarest, donde Mesa ofreció a su primogénito en holocausto sobre la muralla.Fuentes: el propio texto bíblico · Kir-hareseth · Moab
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Samaria · 32.276, 35.195 · versículos 1, 6
- Moab · Hoy: Moab 1 · 31.181, 35.701 · versículos 4, 5, 7, 10, 13, 18, 21, 22, 23, 24, 26, 27
- Edom · 30.746, 35.604 · versículos 8, 9, 12, 20, 26
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org