2 Reyes 13
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Nan venn-twazyèm ane a Joas la, fis a Achazia a, wa Juda a, te devni wa sou Israël nan Samarie, e li te renye pandan di-setan. 2Li te fè mal nan zye a SENYÈ a e li te swiv peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo. Li pa t vire kite yo menm. 3Akoz sa, lakòlè SENYÈ a te limen kont Israël, e Li te livre yo nan men a Hazaël, wa Syrie a ak nan men a Ben-Hadad, fis a Hazaël la. 4Alò, Joachaz te sipliye SENYÈ a pou fè li favè, e SENYÈ a te koute li; paske Li te wè opresyon Israël la, jan Syrie t ap oprime yo. 5SENYÈ a te bay Israël yon liberatè. Konsa, yo te chape anba men Siryen yo. Konsa, fis Israël yo te viv nan tant yo, kòm oparavan. 6Sepandan, yo pa t vire kite peche lakay Jéroboam yo, avèk sila li te fè Israël peche yo, men li te mache nan yo; epi zidòl Astarté a te toujou kanpe Samarie. 7Pou sa, Li te kite pou Joachaz yon lame ki pa t plis ke senkant chevalye avèk dis cha e di-mil sòlda apye; paske wa Syrie a te detwi yo e te fè yo vin tankou pousyè vannen. 8Alò tout lòt zèv a Joachaz yo, avèk tout sa li te fè ak pouvwa li, èske yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa Israël Yo? 9Epi Joachaz te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li Samarie. Epi Joas, fis li a, te renye nan plas li.
10Nan trann-setyèm ane a Joas, wa Juda a, Joas, fis a Joachaz la te devni wa sou Israël Samarie e te renye pandan sèzan. 11Li te fè mal nan zye SENYÈ a; li pa t vire kite tout peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo; men li te mache ladan yo. 12Alò, tout lòt zèv a Joas yo avèk tout sa ke li te fè ak pouvwa li, avèk sila li te goumen kont Amatsia, wa Juda a, èske yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa Israël Yo? 13Konsa, Joas te dòmi avèk zansèt li yo e Jéroboam te chita sou twòn li an. Epi Joas te antere Samarie avèk wa Israël yo.
14Lè Élisée te vin malad avèk maladi ki te pran lavi li a, Joas, wa Israël la, te desann kote li, e te kriye sou li e te di: “Papa mwen, O Papa mwen, men cha Israël yo avèk chevalye li yo!”
15Élisée te di li: “Pran yon banza avèk flèch.” Konsa, li te pran yon Banza avèk flèch. 16Alò, li te di a wa Israël la: “Mete men ou sou banza a.” Epi li te mete men l sou li e Élisée te mete men l sou men wa a. 17Li te di: “Ouvri fenèt la vè lès!” Epi li te ouvri li. Alò, Élisée te di: “Tire!” Epi li te tire. Epi li te di: “Flèch viktwa SENYÈ a, menm flèch viktwa sou Syrie a; paske ou va bat Siryen yo nan Aphek jiskaske ou fin detwi yo.”
18Epi li te di: “Pran flèch yo!” Epi li te pran yo. Li te di a wa Israël la: “Frape tè a!” Epi li te frape li twa fwa e te sispann. 19Pou sa, nonm Bondye a te fache avèk li e te di: “Ou te dwe frape l senk oswa sis fwa; epi konsa, ou t ap frape Syrie jiskaske ou fin detwi li. Men koulye a, se sèlman twa fwa ke ou va frape Syrie.”
20Élisée te mouri e yo te antere li.
Alò, bann Moabit yo te fè envazyon tèritwa a nan sezon prentan ane sila a. 21Pandan yo t ap antere yon mesye, men vwala, yo te wè yon bann piyajè; epi yo te jete mesye a nan tonm Élisée a. Epi lè mesye a te touche zo Élisée yo, li te resisite e te kanpe sou pye l.
22Alò Hazaël, wa Syrie a, te oprime Israël pandan tout jou a Joachaz yo. 23Men SENYÈ a te fè yo gras, Li te gen mizerikòd pou yo, Li te vire kote yo akoz akò ke li te gen avèk Abraham, Isaac, avèk Jacob la e Li pa t detwi yo ni jete yo deyò prezans li jis rive nan moman sa a.
24Lè Hazaël, wa Syrie a te mouri, Ben-Hadad, fis li a, te devni wa nan plas li. 25Epi Joas, fis a Joachaz la, te reprann vil yo soti nan men a Ben-Hadad, fis Hazaël la, vil ke papa li te pran nan lagè soti nan men a Joachaz yo, papa li a. Twa fwa Joas te bat li e te reprann vil yo ki te pou Israël yo.
¿Sabías que…?
La opresión de Israel y la muerte de Eliseo
- Durante el reinado de Joacaz, el reino de Aram bajo Hazael y Ben-hadad debilitó severamente a Israel, reduciendo su ejército a solo cincuenta jinetes, diez carros y diez mil soldados de infantería.Fuentes: el propio texto bíblico · Jehoahaz · Hazael
- Cuando el rey Joás lloró junto al lecho del profeta Eliseo en su lecho de muerte, usó las mismas palabras que Eliseo había pronunciado cuando Elías fue llevado al cielo: '¡Padre mío, padre mío, carros de Israel y su caballería!' Mediante el disparo simbólico de una flecha hacia Afec, Eliseo prometió la victoria sobre Aram.Fuentes: el propio texto bíblico · Joash · Aphek
- Incluso después del entierro de Eliseo, un difunto arrojado en su tumba durante una incursión moabita recobró la vida en cuanto tocó los huesos del profeta. En cumplimiento de la profecía de Eliseo, Joás derrotó a Ben-hadad tres veces y recuperó las ciudades de Israel.Fuentes: el propio texto bíblico · Ben-hadad
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Samaria · 32.276, 35.195 · versículos 1, 6, 9, 10, 13
- Syria · Hoy: Aram · 33.511, 36.306 · versículos 3, 4, 5, 7, 17, 19, 22, 24
- Moab · Hoy: Moab 1 · 31.181, 35.701 · versículo 20
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org