2 Corintios 5
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Paske nou konnen ke si tant tèrès la ki se lakay nou an vin demoli, nou gen yon kay ki sòti nan Bondye; yon kay ki pa fèt avèk men, ki etènèl nan syèl la. 2Paske vrèman, nan kay sila a, nou plenyen avèk lanvi pou nou abiye nou ak kay nou ki nan syèl la; 3kòmsi nou konnen ke lè nou fin mete li, nou p ap janm toutouni ankò. 4Paske vrèman, pandan nou nan tant kò sa a, nou plenyen, nou anba gwo fado, paske nou pa vle dezabiye nou, men abiye nou, jis pou sa ki mòtèl la kapab anglouti pa lavi etènèl. 5Alò, Sila ki te prepare nou pou menm bi sa a, se Bondye, ki te bannou Lespri Sen kòm yon pwomès la.
6Konsa, toujou avèk bon kouraj, ak konesans ke pandan nou lakay nou nan kò a, nou absan de Senyè a, 7paske nou mache pa lafwa, e pa selon sa nou wè. 8Men, mwen di nou, nou gen bon kouraj. Nou prefere pito absan de kò a pou prezan lakay nou avèk Senyè a. 9Konsa nou gen osi kòm dezi, pou, kit nou lakay, kit nou absan, pou fè Li menm plezi. 10Paske nou tout dwe parèt devan chèz jijman a Kris la, pou chak moun kapab rekonpanse pou zèv li nan kò a, selon sa li te fè, kit byen kit mal.
11Konsa, avèk konesans lakrent Senyè a, nou menm ap fè tout moun kwè, men nou vin rekonèt devan Bondye; epi mwen espere ke nou rekonèt nan konsyans pa nou yo tou. 12Nou p ap vin pale byen de pwòp tèt nou bannou ankò, men n ap bannou yon okazyon pou vin fyè de nou, pou nou kab gen yon repons a sila ki jwenn fyète nan aparans, men pa nan kè. 13Paske si nou vin debòde, se pou Bondye. Epi si nou nan bon sans nou, se pou nou menm. 14Paske lanmou Kris la k ap bourade nou. Konsa li mennen nou a konklizyon sa a; ke yon moun te mouri pou tout moun, kidonk, tout moun te mouri. 15Li te mouri pou tout moun, pouke sila ki vivan yo pa ta viv pou tèt yo ankò, men pou Li menm ki te mouri an e ki te leve ankò pou yo a.
16Pou sa a, depi koulye a nou pa rekonèt okenn moun selon lachè. Malgre ke nou te konnen Kris selon lachè, deja koulye a nou pa konnen Li fason sa a ankò. 17Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf. 18Konsa, tout bagay sa yo sòti nan Bondye ki te rekonsilye nou a Li menm pa Kris la, e ki te bannou ministè rekonsilyasyon an. 19Kòmsi ke Bondye te nan Kris ki t ap rekonsilye mond lan a Li menm, san konte ofans pa yo kont yo menm, e Li te livre bannou, pawòl a rekonsilyasyon an.
20Konsa, nou se ambasadè pou Kris, tankou si Bondye t ap sèvi nou pou sipliye lòt. Pou sa a, nou priye nou nan non a Kris la pou nou vin rekonsilye ak Bondye. 21Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.

¿Sabías que…?
La reconciliación y la esperanza de un hogar celestial
- Este capítulo compara la vida presente con una tienda terrenal que puede desarmarse y la contrapone a un edificio de Dios: una casa eterna en el cielo, no construida por manos humanas. En esa tienda gimen, anhelando ser vestidos con la morada celestial en vez de quedar desnudos, para que la mortalidad sea tragada por la vida.Fuentes: el propio texto bíblico
- El autor dice que Dios los preparó para esto y les dio el Espíritu como garantía de lo que ha de venir. Están confiados, pero mientras están en casa en el cuerpo están lejos del Señor, caminando por fe y no por vista; todos deben comparecer ante el tribunal de Cristo para recibir lo que les corresponde por lo hecho en el cuerpo, sea bueno o malo.Fuentes: el propio texto bíblico
- El amor de Cristo los impulsa, pues uno murió por todos, para que los que viven ya no vivan para sí mismos, sino para quien murió por ellos y resucitó. Quien está en Cristo es una nueva creación — lo viejo pasó y lo nuevo ha llegado — y son embajadores de Cristo, portadores de un mensaje de reconciliación: Dios hizo pecado, en favor de ellos, a quien no conoció pecado, para que en él llegaran a ser justicia de Dios.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org