2 Crónicas 36
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Alò, pèp peyi a te pran Joachaz, fis Josias la, e yo te fè li wa nan plas papa li Jérusalem. 2Joachaz te gen venn-twazan lè l te vin wa, e li te renye twa mwa Jérusalem. 3Epi wa Egypte la te retire li sou pouvwa a Jérusalem, e li te egzije yon kontribisyon de san talan ajan ak yon talan lò sou peyi a. 4Wa Egypte la te fè Éliakim, frè l la, wa sou Juda avèk Jérusalem, e li te chanje non li an Jojakim. Men Néco te pran frè li a, Joachaz e te mennen li an Égypte.
5Jojakim te gen laj a venn-senkan lè l te devni wa e li te renye onzan Jérusalem. Li te fè mal nan zye SENYÈ a, Bondye li a. 6Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te monte kont li, e te mare li avèk chenn an bwonz pou mennen li Babylone. 7Anplis, Nebucadnetsar te mennen kèk nan bagay ki sòti lakay SENYÈ a Babylone, e te mete yo nan tanp Babylone nan. 8Alò, tout lòt zèv a Jojakim yo avèk abominasyon ke li te fè yo, ak sa ki te twouve kont li yo, men vwala, yo ekri nan Liv A Wa A Israël Avèk Juda yo. Epi Jojakin, fis li a, te vin wa nan plas li.
9Jojakin te gen laj a uitan lè l te vin wa, e li te renye twa mwa avèk dis jou Jérusalem. Li te fè mal nan zye SENYÈ a. 10Nan kòmansman ane a, Wa Nebucadnetsar te mennen li Babylone avèk bagay byen chè ki te sòti lakay SENYÈ a. Li te fè moun fanmi li, Sédécias, wa sou Juda avèk Jérusalem.
11Sédécias te gen laj a ven-te-yen nan lè l te vin wa e li te renye pandan onzan Jérusalem. 12Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, Bondye li a. Li pa t imilye li menm devan Jérémie, pwofèt ki te pale pou SENYÈ a. 13Anplis, li te fè rebèl kont Wa Nebucadnetsar ki te fè li sèmante fidelite pou Bondye. Men li te fè tèt di, e avèk kè di, li te refize vire vè SENYÈ a, Bondye Israël la. 14Epi, ofisye a prèt yo avèk pèp la te manke fidèl anpil nan swiv tout abominasyon a nasyon yo, e yo te konwonpi kay ke SENYÈ a te fè sen Jérusalem nan.
15SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, te voye kote yo tout tan pa mesaje pa Li yo, akoz li te gen mizerikòd vè pèp li a ak sou kote ke Li te abite a; 16men yo te giyonnen mesaje Bondye yo, yo te meprize pawòl Li, e yo te moke pwofèt Li yo, jiskaske kòlè SENYÈ a te leve kont pèp Li a jiskaske pa t gen remèd pou sa.
17Akoz sa, Li te mennen kont yo wa a Kaldeyen yo ki te touye jennonm yo avèk nepe nan kay sanktyè yo a, e Li pa t fè gras pou jèn moun, ni vyèj, ni granmoun, ni moun enfim. Li te livre tout nan men li. 18Tout bagay ki te sòti lakay SENYÈ a, gran kon piti, trezò lakay SENYÈ a ak trezò a wa yo avèk ofisye li yo, li te mennen tout Babylone. 19Anfen, yo te brile kay Bondye a, yo te kraze miray Jérusalem nan, yo te brile tout konstriksyon fòtifye li yo avèk dife, e yo te detwi tout bagay valab li yo. 20Sila ki te chape anba nepe yo, li te pote yo ale Babylone; epi yo te sèvitè li avèk fis li jiskaske wayòm Perse la te vin monte. 21Sa te fèt pou fin akonpli pawòl SENYÈ a pa bouch a Jérémie, jiskaske tè a te fin rejwi de tout Saba li yo. Pandan tout jou dezolasyon li yo, li te kenbe Saba a jiskaske swasann-dizan an te fin pase.
22Alò, nan premye ane Cyrus la, Perse la—-pou l te kab akonpli pawòl SENYÈ a pa bouch Jérémie——SENYÈ a te boulvèse lespri a Cyrus, wa Perse la, pou li ta voye yon pwoklamasyon toupatou nan wayòm li an e anplis, ekri li pou di: 23Konsa pale Cyrus, wa Perse la: “SENYÈ a, Bondye Syèl la, te ban mwen tout wayòm yo sou latè, e Li te mete m anba lòd pou bati pou Li yon kay Jérusalem, ki nan Juda. Ke SENYÈ a, Bondye pa li a, kapab avèk li e kite li monte.”

¿Sabías que…?
La caída de Jerusalén y el decreto de Ciro
- En las últimas décadas de Judá, los gobernantes extranjeros determinaron repetidamente la sucesión real en Jerusalén. El faraón Necao de Egipto depuso a Joacaz y puso en el trono a su hermano Eliaquim bajo el nombre de Joacim; más tarde, el rey Nabucodonosor de Babilonia instaló a Sedequías.Fuentes: el propio texto bíblico · Jehoiakim · Zedekiah
- Nabucodonosor y sus fuerzas caldeas destruyeron Jerusalén al incendiar el templo y los palacios reales, derribar las murallas de la ciudad y llevarse al cautiverio en Babilonia los utensilios sagrados y a la población sobreviviente.Fuentes: el propio texto bíblico · Jerusalem · Babylon
- En cumplimiento de la palabra anunciada por el profeta Jeremías, la tierra permaneció desolada durante setenta años hasta que Ciro, rey de Persia, emitió un decreto real que permitía a los exiliados regresar y reconstruir la casa de Dios en Jerusalén.Fuentes: el propio texto bíblico · Cyrus · Jeremiah
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 2, 3, 4, 5, 6, 9, 10, 11, 14, 19, 23
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 3, 4
- Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 6, 7, 10, 17, 18, 20
- Chaldea · 30.962, 46.104 · versículo 17
- Persia · 34.806, 48.516 · versículos 20, 22, 23
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org