Nations Bible

2 Crónicas 34

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Josias te gen laj a uitan lè l te devni wa a, e li te renye tran-te-yen nan Jérusalem. 2Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a. Li te mache nan chemen a David, papa zansèt pa li a e li pa t vire akote ni adwat ni agoch. 3Paske nan uityèm ane règn pa li a, pandan li te toujou nan jenès li, li te kòmanse chache Bondye a papa zansèt li a, David. Epi nan douzyèm ane a, li te kòmanse pirifye Juda avèk Jérusalem sou afè a wo plas yo, Asherim nan, imaj taye yo ak imaj fonn yo. 4Yo te chire desann lotèl Baal yo nan prezans li, lotèl lansan ki te byen wo sou yo, li te koupe yo desann. Anplis, Asherim yo, imaj taye yo ak imaj fonn yo, li te kraze yo an mòso, kraze yo fè poud e li te gaye l sou tonm a sila ki te fè sakrifis a yo menm yo. 5Li te brile zo a prèt Baal yo sou lotèl la, e li te pirifye Juda avèk Jérusalem. 6Nan vil a Manassé yo, Éphraïm, Siméon, jis rive Nephthali, nan mazi kraze yo, 7li te osi chire fè desann lotèl yo. Li te kraze Asherim avèk imaj taye yo jiskaske yo te fè poud, e te koupe desann lotèl lansan yo toupatou nan peyi Israël la. Anfen, li te retounen Jérusalem.

8Alò, nan di-zuityèm ane règn li a, lè li te fin pirifye peyi a avèk kay la, li te voye Schaphan, fis a Atsalia a avèk Maaséja, yon ofisye lavil la ak Joach, fis a Joachaz la, grefye a, pou repare lakay SENYÈ a, Bondye li a. 9Yo te vin kote Hilkaja, wo prèt la, e yo te livre li lajan ki te pote lakay Bondye a, ke Levit yo, gadyen pòtay yo, te kolekte soti Manassé, Éphraïm, de tout retay Israël yo, e soti nan tout Juda avèk Benjamin ak pèp Jérusalem nan. 10Yo te ba li nan men a ouvriye ki te sipèvize lakay SENYÈ a, epi ouvriye ki t ap travay lakay SENYÈ a te sèvi ak li pou restore e repare kay la. 11Yo menm, te remèt li a chapant avèk mason yo pou achte wòch taye avèk gwo bwa pou travès ak bwa mare pou kay ke wa nan Juda yo te kite detwi yo. 12Mesye yo te fè travay la avèk bòn fwa ak fòmann ki sou yo pou sipèvize yo. Yo te sipèrvize pa Jachath avèk Abidias, Levit yo nan fis a Merari yo, Zacharie avèk Meschallam nan fis a Keatit yo ak Levit yo, tout moun ki te gen gwo kapasite, ak lòt ki te fò nan jwe enstriman mizik yo. 13Anplis, yo te sou sila ki t ap pote chaj yo, e yo te sipèvize tout ouvriye soti de yon tach a yon lòt. Pami Levit yo te gen skrib, ofisye ak sipèvizè.

14Lè yo t ap pote fè sòti lajan ki te antre lakay SENYÈ a, Hilkija, prèt la, te twouve liv lalwa SENYÈ a ki te bay pa Moïse la. 15Hilkija te reponn e te di a Schaphan, sekretè a: “Mwen te twouve liv lalwa lakay SENYÈ a.” Epi Hilkija te bay liv la a Schaphan.

16Konsa, Schaphan te pote liv la kote wa a, e te bay yon rapò anplis a wa a. Li te di: “Tout sa ou te konfye a sèvitè ou yo, y ap fè l. 17Yo deja retire lajan yo te twouve lakay SENYÈ a, e te livre li nan men a sipèvizè yo ak ouvriye yo.” 18Anplis, Schaphan, sekretè a te di wa a, “Hilkija, prèt la, te ban mwen yon liv.” Epi Schaphan te li ladann, nan prezans a wa a.

19Lè wa a te tande pawòl lalwa yo, li te chire rad li. 20Epi wa a te kòmande Hilkija, Achikam, fis a Schaphan an, Abdon, fis Michée a, Schaphan, sekretè a ak Asaja, sèvitè a wa a e te di: 21“Ale fè ankèt a SENYÈ a pou mwen e pou sila ki rete Israël avèk Juda yo, konsènan pawòl a liv ki te twouve a; paske byen gwo, se kòlè SENYÈ a ki vide sou nou akoz papa zansèt nou yo pa t obsève pawòl a SENYÈ a, pou fè selon tout sa ki ekri nan liv sila a.”

22Konsa, Hilkija avèk sila ke wa a te pale yo te ale kote Hulda, pwofetès la, madanm a Schallum nan, fis a Thokehath la, fis a Hasra a, gadyen vètman yo, (alò, li te rete Jérusalem nan dezyèm katye); epi yo te pale avèk li konsa.

23Li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Di nonm ki te voye nou kote mwen an, 24Konsa pale SENYÈ a: Veye byen, Mwen ap voye malè sou plas sa a ak sou pèp li a, menm tout malediksyon ki ekri nan liv ke yo te li nan prezans a wa Juda a. 25Akoz yo te abandone Mwen, e te brile lansan a lòt dye yo, pou yo ta kapab pwovoke Mwen a lakòlè avèk tout zèv a men yo; pou sa, kòlè Mwen va vin vide sou plas sa a e li p ap etenn.’”’

26“Men pou wa Juda ki te voye nou fè ankèt devan SENYÈ a, konsa nou va pale a li: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la selon pawòl ke ou te tande yo, 27akoz kè ou te mou e ou te imilye ou menm devan Bondye lè ou te tande pawòl Li yo kont plas sa a, e kont pèp li a, akoz ou te imilye ou menm devan Mwen, ou te chire vètman ou e ou te kriye devan M, Mwen anverite te tande ou’, deklare SENYÈ a. 28Tande byen, Mwen va ranmase ou a papa zansèt ou yo, e ou va ranmase a tonm ou an anpè, pou zye ou pa wè tout malè ke Mwen va pote sou plas sa a avèk pèp li a.”

Yo te pote bay wa a mesaj sila a.

29Epi wa a te voye rasanble tout ansyen a Juda avèk Jérusalem yo. 30Wa a te monte vè lakay SENYÈ a, e tout mesye Juda yo, pèp Jérusalem nan, prèt yo, Levit yo, e tout moun soti nan pi gran jis rive nan pi piti yo—epi li te li nan zòrèy yo, tout pawòl liv akò ki te twouve lakay SENYÈ a. 31Wa a te kanpe nan plas li a, e te fè yon akò devan SENYÈ a pou mache nan chemen SENYÈ a, pou kenbe kòmandman Li yo avèk temwayaj Li yo, avèk règleman Li yo avèk tout kè li ak tout nanm li, pou reyisi fè tout pawòl a akò ki ekri nan liv sila yo. 32Anplis, li te fè tout moun ki te prezan Jérusalem avèk Benjamin yo kanpe avèk li. Konsa, pèp Jérusalem la te fè selon akò Bondye a, Bondye a papa zansèt yo a. 33Josias te retire tout abominasyon soti nan tout peyi ki te apatyen a fis Israël yo e te fè tout moun ki te prezan an Israël yo sèvi SENYÈ a, Bondye pa yo a. Pandan tout lavi li, yo pa t detounen nan swiv SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Las reformas de Josías y el Libro de la Ley

  • Josías comenzó a reinar a los ocho años, empezó a buscar a Dios en el octavo año de su reinado e inició la purificación contra la idolatría en su duodécimo año. Sus reformas se extendieron más allá de Judá, abarcando las regiones de Manasés, Efraín, Simeón y Neftalí.Fuentes: el propio texto bíblico · Josiah
  • En el año dieciocho del reinado de Josías, mientras se reparaba el templo con los fondos recolectados, el sumo sacerdote Hilquías halló el Libro de la Ley. El escriba Safán llevó el rollo y lo leyó ante el rey, lo que impulsó a Josías a renovar públicamente el pacto.Fuentes: el propio texto bíblico · Hilkiah · Shaphan
  • Al escuchar las palabras de la Ley, Josías envió una delegación para consultar a la profetisa Hulda. Ella vivía en el Segundo Barrio de Jerusalén, un sector residencial más nuevo protegido por una muralla exterior.Fuentes: el propio texto bíblico · Second Quarter

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 3, 5, 7, 8, 9, 22, 29, 30, 32
  • Second Quarter · Hoy: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 22

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.