Nations Bible

2 Crónicas 29

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Ézéchias te devni wa a laj venn-senkan. Li te renye pandan vent-nevan Jérusalem. Non manman li te Abija, fi Zacharie a. 2Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a selon tout sa ke papa zansèt li a, David te fè. 3Nan premye ane règn li a, nan premye mwa a, li te ouvri pòt lakay SENYÈ a e te repare yo. 4Li te mennen prèt yo avèk Levit yo, e te rasanble yo nan plas sou lès la. 5Konsa, li te di yo: “Koute mwen, O Levit yo. Konsakre nou menm koulye a, konsakre lakay SENYÈ a, Bondye a papa zansèt nou yo, e pote sa ki pa pwòp deyò pou l vin yon lye sen. 6Paske papa nou yo pa t fidèl. Yo te fè mal nan zye a SENYÈ Bondye nou an. Yo te abandone Li, e yo te vire fas yo lwen plas kote SENYÈ a rete a. Yo te vire do yo. 7Anplis, yo te fèmen pòt sou galeri yo, etenn lanp yo, e yo pa t brile lansan ni ofri ofrann brile nan lye sen Bondye Israël la. 8Pou sa, kòlè SENYÈ a te kont Juda avèk Jérusalem, e Li te fè yo vin yon objè gwo etonman abominab avèk laperèz ak siflèt ki fèt sou yo, jan nou wè avèk pwòp zye nou an. 9Paske gade byen, pou sa, papa zansèt nou yo fin tonbe anba nepe, e fis yo avèk fi yo avèk madanm nou yo vin nan esklavaj akoz sa. 10Alò, sa nan kè m pou fè yon akò avèk SENYÈ a, Bondye Israël la, pou chalè kòlè Li a kapab detounen kite nou. 11Fis mwen yo, koulye a, pa kite nou vin lach nan moman sa a, paske SENYÈ a te chwazi nou pou kanpe devan L, pou fè sèvis pou Li, pou devni sèvitè Li epi brile lansan.”

12Konsa, Levit yo te leve: Machath, fis a Amasaï a, Joël, fis a Azaria a, soti nan fis a Keatit yo; epi soti nan fis a Merari yo, Kis, fis a Abdi a, Azaria, fis a Jehalléleel la; epi soti nan Gèshonit yo, Joach, fis a Zimma a, Éden, fis a Joach la; 13epi soti nan fis a Élitsaphan yo, Schimri avèk Jeïel, fis a Asapah yo, Zacharie avèk Matthania; 14epi soti nan fis a Héman yo, Jehiel avèk Schimeï; epi soti nan fis a Jeduthun yo, Schemaeja avèk Uzziel. 15Yo te rasanble frè yo, yo te konsakre yo menm, e te antre pou netwaye lakay SENYÈ a, selon kòmandman a wa a, selon pawòl SENYÈ a. 16Pou sa, prèt yo te antre nan pati enteryè lakay SENYÈ a pou netwaye li, epi chak bagay yo te twouve ki pa t pwòp nan tanp SENYÈ a, yo te mete li deyò nan lakou lakay SENYÈ a. Depi la, Levit yo te resevwa l pou pote l rive nan Vale Cédron an. 17Alò, yo te kòmanse fè konsekrasyon an, epi nan premye jou, nan premye mwa a, e nan uityèm jou nan mwa a, yo te rive sou galeri SENYÈ a. Konsa, yo te konsakre lakay SENYÈ a nan ui jou e yo te fini sou sèzyèm jou nan premye mwa a. 18Alò, yo te antre kote Wa Ézéchias la, e yo te di: “Nou fin netwaye tout kay SENYÈ a, lotèl ofrann brile a avèk tout zouti li yo ak tab pen konsakre a avèk tout zouti li yo. 19Anplis, tout zouti ke Wa Achaz te abandone pandan règn enfidèl li a, nou te fin prepare e konsakre yo. Epi vwala, yo la devan lotèl SENYÈ a.”

20Konsa, Wa Ézéchias te leve bonè. Li te rasanble chèf lavil yo, e te monte vè lakay SENYÈ a. 21Yo te mennen sèt towo, sèt belye, sèt jèn mouton ak sèt mal kabrit kòm ofrann peche pou wayòm nan, pou sanktyè a ak pou Juda. Epi li te kòmande prèt yo, fis a Aaron yo, pou ofri yo sou lotèl SENYÈ a. 22Konsa, yo te touye towo yo. Prèt yo te pran san an e te aspèje li sou lotèl la. Anplis, yo te touye belye yo, e te aspèje san an sou lotèl la. Yo te touye, osi, jèn mouton yo e te aspèje san an sou lotèl la. 23Alò, yo te mennen mal kabrit yo pou ofrann peche devan wa a avèk asanble a, e yo te poze men sou yo. 24Prèt yo te touye yo, e te lave lotèl la avèk san yo pou fè ekspiyasyon pou tout Israël, paske wa a te kòmande ofrann brile avèk ofrann peche pou tout Israël.

25Apre, li te estasyone Levit yo lakay SENYÈ a avèk senbal yo, avèk ap e avèk enstriman kòd yo, selon kòmand David la avèk Gad, konseye wa a, ak Nathan, pwofèt la; paske kòmand lan te sòti nan SENYÈ a pa pwofèt li yo. 26Levit yo te kanpe avèk enstriman mizik a David yo, prèt yo avèk twonpèt yo. 27Ézéchias te bay lòd pou fè ofrann brile sou lotèl la. Lè ofrann brile yo te kòmanse, chan SENYÈ a te kòmanse tou avèk twonpèt yo, avèk enstriman a David yo, wa Israël la. 28Pandan tout asanble a t ap fè adorasyon, chantè yo osi t ap chante e twonpèt yo t ap sone; tout sa te kontinye jiskaske ofrann brile a te fini.

29Alò, nan fen tout ofrann brile yo, wa a avèk tout moun ki te prezan avèk li yo te bese ba pou te fè adorasyon. 30Anplis, Wa Ézéchias avèk ofisye yo te kòmande Levit yo pou chante lwanj a SENYÈ a avèk pawòl a David yo, avèk Asaph, konseye a. Konsa, yo te chante lwanj avèk jwa e te bese ba pou te fè adorasyon.

31Epi Ézéchias te di: “Koulye a, akoz nou te konsakre nou menm a SENYÈ a, vin pre pou pote sakrifis avèk ofrann remèsiman lakay SENYÈ a.” Epi asanble a te pote sakrifis yo avèk ofrann remèsiman yo. Tout moun ki te vle, yo te pote ofrann brile. 32Kantite a ofrann brile ke asanble a te pote yo te swasann-dis towo, san belye ak de-san jèn mouton. Tout sila yo te pou fè yon ofrann brile a SENYÈ a. 33Bagay konsakre yo te sis-san towo ak twa-mil mouton. 34Men prèt yo pa t ase e pou sa, yo pa t kapab kòche tout ofrann brile yo. Konsa, frè yo nan Levit yo te ede yo jiskaske travay la te fini, e jiskaske lòt prèt yo te fin konsakre yo menm. Paske Levit yo te pi dedye pou konsakre yo menm pase prèt yo. 35Te gen osi anpil ofrann brile avèk grès a ofrann lapè yo, avèk ofrann bwason pou ofrann brile yo. Konsa, sèvis lakay SENYÈ a te vin etabli ankò. 36Epi Ézéchias avèk tout pèp la te rejwi sou sa ke Bondye te prepare pou pèp la, akoz bagay la te rive sibitman.

¿Sabías que…?

Ezequías purifica y reabre el Templo

  • Inmediatamente al asumir el trono, el rey Ezequías abrió y reparó las puertas del templo en el primer mes de su primer año, revirtiendo el abandono y los desórdenes idólatras del reinado de su padre, Acaz.Fuentes: el propio texto bíblico · Hezekiah
  • La purificación del santuario tomó dieciséis días: los sacerdotes entraron al interior del templo para sacar los objetos impuros al atrio, y los levitas llevaron los desechos fuera de la ciudad, al torrente de Cedrón.Fuentes: el propio texto bíblico · Kidron
  • Al reanudar el culto habitual, Ezequías dispuso a los levitas para cantar y tocar instrumentos musicales según las ordenanzas del rey David, de Gad y de Natán, utilizando las palabras de David y del vidente Asaf.Fuentes: el propio texto bíblico · David · Asaph (Levite)

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 8
  • East Square · Hoy: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 4
  • Holy Place · Hoy: on Mount Moriah · 31.778, 35.236 · versículos 5, 7
  • Kidron · Hoy: Kidron River · 31.780, 35.240 · versículo 16

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.