Nations Bible

2 Crónicas 21

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Alò, Josaphat te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere avèk zansèt li yo nan vil David la; e Joram, fis li a, te vin wa nan plas li. 2Joram te gen frè, fis a Josaphat yo: Azaria, Micaël, avèk Schephathia. Tout sila yo te fis a Josaphat, wa Israël la. 3Papa yo te ba yo anpil kado an ajan, lò, avèk bagay presye, avèk vil fòtifye nan Juda, men li te bay wayòm nan a Joram akoz li te premye ne. 4Lè Joram te fin kontwole wayòm papa li, e te fè pozisyon li byen solid, li te touye tout frè li yo avèk nepe, ansanm ak kèk nan chèf Israël yo tou. 5Joram te gen trann-dezan lè l te devni wa e li te renye pandan uitan Jérusalem. 6Li te mache nan chemen a wa Israël yo, menm jan avèk lakay Achab, (paske fi Achab la te madanm li) e li te fè mal nan zye a SENYÈ a. 7Men SENYÈ a pa t vle detwi lakay David akoz akò ke Li te fè ak David la, e akoz Li te fè pwomès pou bay yon lanp pou li avèk fis li yo jis pou tout tan.

8Pandan jou li yo, Édom te fè rebèl kont otorite Juda yo, e yo te etabli yon wayòm pou kont yo. 9Konsa, Joram te travèse avèk chèf li yo ak tout cha li yo avèk li. Li te leve pandan nwit lan, e li te touye Edomit ki te antoure li yo, avèk chèf a cha yo. 10Akoz sa, Édom te fè rebèl kont Juda jis rive Jodi a. Epi Libna te fè rebèl menm lè a kont otorite li, akoz li te bliye SENYÈ a, Bondye a zansèt li yo.

11Anplis, li te fè wo plas nan mòn Juda yo. Li te fè pèp Jérusalem nan jwe pwostitisyon, e li te mennen Juda nan move wout. 12Pou sa a, yon lèt te vin kote li soti nan men Élie, pwofèt la. Li te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a papa zansèt ou a, David: ‘Akoz ou pa t mache nan chemen a Josaphat, papa ou, ak nan chemen Asa, wa Juda a, 13men ou te mache nan chemen wa Israël yo, e ou te fè Juda avèk pèp Jérusalem nan jwe pwostitisyon, jan lakay Achab te jwe pwostitisyon an. Anplis, ou te touye frè ou yo, pwòp fanmi pa w, ki te pi bon pase ou. 14Pou sa a, men gade, SENYÈ a va frape pèp ou a, fis ou yo, madanm ou yo ak tout byen ou yo avèk gwo malè. 15Ou va vin soufri yon maladi ki rèd, yon maladi zantray ou, jiskaske zantray ou vin sòti akoz maladi a.’”

16SENYÈ a te boulvèse lespri Filisten yo kont Joram, ansanm ak Arab yo ki te nan lizyè Etyopyen yo. 17Yo te vini kont Juda pou te atake li, e yo te fè pote ale tout posesyon ke yo te jwenn lakay wa a, ansanm avèk fis li yo, ak madanm li yo, jiskaske pa t gen fis ki te rete pou li, sof Joachaz, pi piti nan fis li yo.

18Konsa, apre tout bagay sa a, SENYÈ a te frape li nan zantray li avèk yon maladi ki pa t kab geri. 19Alò, li te vin rive pandan tan ekoule a, nan fen dezan, ke zantray li te sòti akoz maladi li a, e li te mouri avèk gwo doulè. Epi pèp li a pa t fè dife pou li tankou dife yo te fè pou papa zansèt li yo. 20Li te gen trann-dezan lè l te vin wa e li te renye Jérusalem pandan uitan. Lè l te mouri li te san regrè a pèsòn. Yo te antere li lavil David, men pa nan tonm a wa yo.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

El reinado de Joram

  • Joram aseguró su trono matando a todos sus hermanos después de que su padre Josafat les hubiera dado regalos y ciudades fortificadas en Judá. Su matrimonio con Atalía, hija de Acab y Jezabel, alineó aún más a Judá con las prácticas religiosas idólatras del reino del norte de Israel.Fuentes: el propio texto bíblico · Jehoram
  • Durante el reinado de Joram, el territorio vecino de Edom se rebeló con éxito contra el dominio de Judá y nombró a su propio rey. Al mismo tiempo, la ciudad fortificada de Libna también se rebeló contra su autoridad, lo que reflejó el debilitamiento de las fronteras de Judá.Fuentes: el propio texto bíblico · Libnah
  • El profeta Elías se comunicó con el rey Joram mediante una carta escrita en lugar de un encuentro personal, reprendiéndolo por asesinar a su familia y desviar al reino. Tras esta advertencia, Judá sufrió invasiones de filisteos y árabes, y Joram murió de una dolorosa enfermedad, sin duelo público ni sepultura en las tumbas reales.Fuentes: el propio texto bíblico · Jehoram

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • City of David · 31.774, 35.236 · versículos 1, 20
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 5, 11, 13, 20
  • Edom · 30.746, 35.604 · versículos 8, 9, 10

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.