Nations Bible

2 Crónicas 17

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Josaphat, fis li a te devni wa nan plas li, e li te fè pozisyon li sou Israël byen fèm. 2Li te mete sòlda nan tout vil fòtifye Juda yo, e li te fè ganizon militè nan peyi Juda avèk nan vil Éphraïm ke papa li, Asa te kaptire yo. 3SENYÈ a te avèk Josaphat akoz li te swiv egzanp a zansèt li a, David, nan premye jou li yo, e li pa t chache Baal yo, 4men li te chache Bondye a zansèt li yo. Li te swiv kòmandman li yo, e li pa t aji jan Israël te fè a. 5Pou sa, SENYÈ a te etabli wayòm nan sou kontwòl li, tout Juda te pote pèyman bay Josaphat e li te vin gen gwo richès avèk lonè. 6Li te fyè nan chemen SENYÈ a, e ankò li te rache wo plas yo avèk Asherim yo soti nan Juda.

7Konsa, nan twazyèm ane règn li a, li te voye reprezantan li yo, chèf Ben-Haïl yo, Abdias, Zacharie, Nethaneel, avèk Michée pou enstwi nan vil a Juda yo; 8epi avèk yo Levit yo, Schemaeja, Nethania, Zebadia, Adonija, Tobija ak Tob-Adonija; epi avèk yo, prèt yo, Élischama avèk Joram. 9Yo te enstwi Juda avèk liv lalwa SENYÈ a ke yo te genyen avèk yo. Konsa, yo te ale toupatou nan tout vil Juda yo pou te enstwi pami pèp la.

10Alò, lakrent SENYÈ a te sou tout wayòm ki te antoure Juda yo, jiskaske yo pa t fè lagè kont Josaphat. 11Kèk nan Filisten yo te pote kado avèk lò kòm pèyman bay Josaphat. Arabyen yo tou te pote bann bèt ba li, sèt-mil-sèt-san belye ak sèt-mil-sèt-san mal kabrit. 12Josaphat te vin grandi de plizanplis e li te bati fò avèk vil depo nan Juda. 13Li te gen anpil depo nan vil a Juda yo ak gèrye yo, mesye ki plen kouraj Jérusalem yo. 14Men kontwòl selon lakay a papa zansèt yo: nan Juda, chèf a dè milye yo, Adna, chèf la avèk twa-san-mil mesye plen kouraj; 15epi akote li, Jochanan, chèf la, avèk de-san-katre-ven-mil mesye plen kouraj; 16epi akote li, Amasia, fis a Zicri a, ki te konsakre volontèman a SENYÈ a, avèk de-san-mil mesye plen kouraj. 17Pou Benjamin: Éliada, yon nonm plen kouraj, avèk de-san-mil mesye lame avèk banza ak boukliye defans, 18epi akote li, Zozobad, avèk san-katreven-mil mesye pou fè lagè. 19Se te sila ki te nan sèvis wa yo, yo pa menm konte sila ke wa a te pozisyone nan tout vil fòtifye pami tout Juda yo.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Las reformas y el fortalecimiento de Josafat

  • En el tercer año de su reinado, Josafat puso en marcha una campaña educativa por todo el país. Envió a oficiales reales, levitas y sacerdotes por todas las ciudades de Judá con el Libro de la Ley del SEÑOR para instruir directamente al pueblo.Fuentes: el propio texto bíblico · Jehoshaphat
  • Para asegurar su reino frente al reino del norte, Israel, Josafat apostó tropas y guarniciones en las ciudades fortificadas de Judá y en las ciudades de Efraín que su padre Asá había tomado previamente.Fuentes: el propio texto bíblico · Jehoshaphat · Asa
  • Debido a que los reinos vecinos temían hacer la guerra contra Judá, Josafat recibió cuantiosos tributos, incluyendo plata de los filisteos y rebaños de 7.700 carneros y 7.700 machos cabríos de los árabes.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 13, 19

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.