1 Timoteo 4
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Men Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo, 2epi pa mwayen ipokrizi a mantè yo, vin make nan pwòp konsyans pa yo, kòmsi li brile avèk fè etanp ki cho; 3moun ki entèdi maryaj, e k ap rekòmande evite manje, ke Bondye te kreye pou pataje avèk remèsiman pa sila ki kwè e ki konnen verite yo. 4Paske tout bagay kreye pa Bondye, bon, e anyen pa dwe rejte, si li resevwa avèk remèsiman, 5paske li sanktifye pa mwayen pawòl Bondye a ak lapriyè.
6Nan montre bagay sa yo a frè yo, nou va yon bon sèvitè a Kris Jésus, e nou va nouri tout tan nan pawòl lafwa ak bon doktrin ke nou deja ap swiv yo. 7Men pa okipe vye listwa mond yo ki fèt pou vye fanm yo.
Sou lòt kote, disipline tèt ou pou vi sentete a. 8Paske disiplin pou kò a sèlman, pa gen gran avantaj men vi sentete a gen avantaj nan tout jan, paske li kenbe pwomès pou lavi koulye a, e osi pou lavi k ap vini an.
9Sa se yon vre Pawòl ki merite aksepte pa tout moun. 10Paske se pou sa nou travay ak fè efò a. Nou gen tan fikse esperans nou sou Bondye vivan an, ki se Sovè a tout moun, sitou a kwayan yo.
11Preskri e enstwi bagay sa yo.
12Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm yon egzanp a sila ki kwè yo.
13Jiskaske m vini, bay enpòtans a li lekriti sen yo an piblik, a egzòtasyon ak enstriksyon.
14Pa neglije don Lespri Bondye ki nan ou a, ki te bay a ou menm pa yon pawòl pwofetik avèk men Ansyen ki te poze sou ou yo.
15Konsakre ou seryezman a bagay sa yo; antre ladan yo, pou pwogrè ou kapab klè a tout moun.
16Prete anpil atansyon a tèt ou e ak enstriksyon ou an. Pèsevere nan bagay sa yo, paske lè ou fè sa, ou va asire Sali tèt ou ak sila ki tande ou yo.

¿Sabías que…?
Falsa enseñanza y entrenamiento en la piedad
- El capítulo dice que el Espíritu declara expresamente que, en tiempos posteriores, algunos abandonarán la fe para seguir espíritus engañosos y enseñanzas de demonios. Estarán influidos por la hipocresía de mentirosos, cuya conciencia ha sido cauterizada con un hierro candente, y prohibirán el matrimonio y exigirán abstenerse de ciertos alimentos.Fuentes: el propio texto bíblico
- La carta responde a esas exigencias diciendo que Dios creó esos alimentos para que los reciban con acción de gracias quienes creen y conocen la verdad. Toda creación de Dios es buena, y nada de lo que se recibe con acción de gracias debe rechazarse, porque es santificado por la palabra de Dios y la oración.Fuentes: el propio texto bíblico
- El autor exhorta al joven a quien se dirige a no dejar que nadie menosprecie su juventud, sino a ser ejemplo en el habla, en la conducta, en el amor, en la fe y en la pureza. Hasta que el autor llegue, debe dedicarse a la lectura pública de las Escrituras, a la exhortación y a la enseñanza, y no descuidar el don que le fue dado mediante profecía, cuando los ancianos le impusieron las manos. El ejercicio físico, añade la carta, tiene un valor limitado, mientras que la piedad es valiosa en todo sentido y encierra promesa para la vida presente y para la venidera, un dicho que la carta llama digno de confianza y de plena aceptación.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org